< 2 Wa 9 >

1 Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l' konsa: —Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou.
先知以利沙叫了一個先知門徒來,吩咐他說:「你束上腰,手拿這瓶膏油往基列的拉末去。
2 Lè w'a rive, w'a chache kote Jeou, pitit gason Jozafa a, pitit pitit Nimchi a, ye. W'a antre kote l' ye a, w'a fè l' leve kite kanmarad li yo, w'a mennen l' nan yon pyès apa.
到了那裏,要尋找寧示的孫子、約沙法的兒子耶戶,使他從同僚中起來,帶他進嚴密的屋子,
3 W'a pran ti poban lwil la, w'a vide l' sou tèt li. W'a di l': Men sa Seyè a di: Mwen chwazi ou pou ou wa nan peyi Izrayèl. Lèfini, pa rete. Louvri pòt la, prese al fè wout ou.
將瓶裏的膏油倒在他頭上,說:『耶和華如此說:我膏你作以色列王。』說完了,就開門逃跑,不要遲延。」
4 Se konsa jenn pwofèt la ale lavil Ramòt nan peyi Galarad.
於是那少年先知往基列的拉末去了。
5 Li jwenn tout chèf lame yo te reyini ap pale ansanm. Li di konsa: —Chèf, mwen gen yon mesaj pou ou. Jeou mande l': —Pou kilès nan nou? Pwofèt la reponn: —Pou ou wi, chèf.
到了那裏,看見眾軍長都坐着,就說:「將軍哪,我有話對你說。」耶戶說:「我們眾人裏,你要對哪一個說呢?」回答說:「將軍哪,我要對你說。」
6 Jeou leve, li antre nan kay la. Lamenm jenn pwofèt la vide lwil oliv la sou tèt Jeou, li di l' konsa: —Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen chwazi ou pou ou wa sou pèp Izrayèl, pèp mwen an.
耶戶就起來,進了屋子,少年人將膏油倒在他頭上,對他說:「耶和華-以色列的上帝如此說:『我膏你作耶和華民以色列的王。
7 Ou pral touye tout fanmi Akab, mèt ou a. Se konsa mwen pral peni Jezabèl pou touye li te touye pwofèt mwen yo ak tout lòt sèvitè m' yo.
你要擊殺你主人亞哈的全家,我好在耶洗別身上伸我僕人眾先知和耶和華一切僕人流血的冤。
8 Tout rès fanmi Akab la fèt pou disparèt. M'ap touye dènye gason ki gen nan fanmi an, jenn moun kou granmoun.
亞哈全家必都滅亡,凡屬亞哈的男丁,無論是困住的、自由的,我必從以色列中剪除,
9 Menm sa m' te fè fanmi Jewoboram, pitit Nebat, wa peyi Izrayèl la, menm sa m' te fè fanmi Bacha, pitit Akija, wa peyi Izrayèl la tou, se sa m'ap fè fanmi pa l' la tou.
使亞哈的家像尼八兒子耶羅波安的家,又像亞希雅兒子巴沙的家。
10 Pou Jezabèl menm, se chen ki pral manje kadav li nan jaden Jizreyèl la. P'ap gen pesonn pou antere l'. Lè li fin di sa, li louvri pòt la, li kouri ale.
耶洗別必在耶斯列田裏被狗所吃,無人葬埋。』」說完了,少年人就開門逃跑了。
11 Jeou tounen al jwenn lòt chèf parèy li yo. Yo mande l': —Sa ki genyen? Sa nèg fou sa a te bezwen ou fè? Jeou reponn yo: —Anyen. Nou konnen ki moun pwofèt sa yo ye. Nou konnen sa y'ap mache di!
耶戶出來,回到他主人的臣僕那裏,有一人問他說:「平安嗎?這狂妄的人來見你有甚麼事呢?」回答說:「你們認得那人,也知道他說甚麼。」
12 Mesye yo reponn: —Manti w'ap ban nou la a! Annou wè non, monchè. Rakonte nou sa l' di ou. Lè sa a, Jeou di yo: —Li di m' Seyè a voye di m' li chwazi m' pou wa peyi Izrayèl la.
他們說:「這是假話,你據實地告訴我們。」回答說:「他如此如此對我說。他說:『耶和華如此說:我膏你作以色列王。』」
13 Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: —Viv Jeou, wa peyi Izrayèl!
他們就急忙各將自己的衣服鋪在上層臺階,使耶戶坐在其上;他們吹角,說:「耶戶作王了!」
14 Jeou, pitit Jozafa, pitit pitit Nimchi, moute yon konplo kont Joram. Joram te moute lavil Ramòt nan peyi Galarad ak tout moun peyi Izrayèl yo al goumen ak Azayèl, wa peyi Siri.
這樣,寧示的孫子、約沙法的兒子耶戶背叛約蘭。先是約蘭和以色列眾人因為亞蘭王哈薛的緣故,把守基列的拉末;
15 Men, li te tounen lavil Jizreyèl fè mete renmèd sou kote sòlda peyi Siri yo te blese l' lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Lè sa a Jeou di moun ki te avè l' yo: —Si nou avè m' vre, pa kite pesonn soti lavil Ramòt al bay nouvèl la lavil Jizreyèl.
但約蘭王回到耶斯列,醫治與亞蘭王哈薛打仗所受的傷。耶戶說:「若合你們的意思,就不容人逃出城往耶斯列報信去。」
16 Apre sa, li moute sou cha lagè li, li pati pou lavil Jizreyèl. Joram te kouche malad toujou. Akazya, wa peyi Jida a, te desann vin wè l'.
於是耶戶坐車往耶斯列去,因為約蘭病臥在那裏。猶大王亞哈謝已經下去看望他。
17 Yon faksyonnè ki te nan fò won Jizreyèl la wè Jeou ansanm ak yon bann moun ki t'ap pwoche. Li rele: —Mwen wè yon bann moun k'ap vini wi! Joram bay lòd sa a: —Voye yon kavalye al kontre yo pou l' mande yo si y'ap vin an zanmi!
有一個守望的人站在耶斯列的樓上,看見耶戶帶着一群人來,就說:「我看見一群人。」約蘭說:「打發一個騎馬的去迎接他們,問說:平安不平安?」
18 Kavalye a pati al kontre Jeou, li di l': —Wa a bezwen konnen si se an zanmi w'ap vini! Jeou reponn li: —Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'. Faksyonnè a bay nouvèl la konsa: —Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen.
騎馬的就去迎接耶戶,說:「王問說,平安不平安?」耶戶說:「平安不平安與你何干?你轉在我後頭吧!」守望的人又說:「使者到了他們那裏,卻不回來。」
19 Yo voye yon dezyèm kavalye. Lè li rive bò kote yo, li di: —Wa a mande ou si se an zanmi w'ap vini. Jeou reponn li: —Sa pa gade ou! Pase dèyè do m'.
王又打發一個騎馬的去。這人到了他們那裏,說:「王問說,平安不平安?」耶戶說:「平安不平安與你何干?你轉在我後頭吧!」
20 Faksyonnè a bay nouvèl la ankò: —Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen. Lèfini, moun ki sou premye cha a gen lè se Jeou, pitit pitit Nimchi a. L'ap kouri cha lagè a tankou moun fou.
守望的人又說:「他到了他們那裏,也不回來;車趕得甚猛,像寧示的孫子耶戶的趕法。」
21 Lè sa a Joram di: —Pare cha lagè a pou mwen! Yo mennen chwal yo, yo pare cha lagè wa a. Joram, wa peyi Izrayèl la, ak Okozyas, wa peyi Jida a, pati, chak moun sou cha yo. y' al kontre Jeou. Yo kontre avè l' nan jaden ki te pou Nabòt, moun lavil Jizreyèl la.
約蘭吩咐說:「套車!」人就給他套車。以色列王約蘭和猶大王亞哈謝各坐自己的車出去迎接耶戶,在耶斯列人拿伯的田那裏遇見他。
22 Joram mande l': —Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: —Ki zanmi w'ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?
約蘭見耶戶就說:「耶戶啊,平安嗎?」耶戶說:「你母親耶洗別的淫行邪術這樣多,焉能平安呢?」
23 Joram kase tèt tounen, li kouri met deyò, li di Okozyas konsa: —Yo trayi nou, Okozyas!
約蘭就轉車逃跑,對亞哈謝說:「亞哈謝啊,反了!」
24 Jeou pran banza li, li voye yon flèch ak tout fòs li. Flèch la pran Joram nan mitan de zepòl li yo, li pèse kè l'. Joram tonbe nan cha lagè li a.
耶戶開滿了弓,射中約蘭的脊背,箭從心窩穿出,約蘭就仆倒在車上。
25 Jeou rele Bidka, òdonans li an, li ba li lòd sa a: —Pran kadav la, jete l' nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la. Ou chonje lè ou menm avè m' nou te sou chwal nou dèyè Akab, papa l'? Seyè a te pale kont Joram, li te di:
耶戶對他的軍長畢甲說:「你把他拋在耶斯列人拿伯的田間。你當追想,你我一同坐車跟隨他父亞哈的時候,耶和華對亞哈所說的預言,
26 Menm jan ayè, mwen te wè jan nou te touye Nabòt ak pitit gason l' yo, se konsa m'a ba ou sa ou merite a nan menm jaden an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Koulye a, pran kadav li, jete l' nan jaden Nabòt la, jan Seyè a te di l' la.
說:『我昨日看見拿伯的血和他眾子的血,我必在這塊田上報應你。』這是耶和華說的,現在你要照着耶和華的話,把他拋在這田間。」
27 Lè Okozyas, wa peyi Jida a, wè sa ki te rive, li kouri nan cha lagè li a nan direksyon lavil Betagan. Men, Jeou pati dèyè l'. Li di: —Touye l' tou. Yo blese l' sou cha a nan ti moute ki mennen lavil Gour, toupre lavil Jibleyam. Men, Okozyas kenbe jouk li rive lavil Megido. Se la li mouri.
猶大王亞哈謝見這光景,就從園亭之路逃跑。耶戶追趕他,說:「把這人也殺在車上。」到了靠近以伯蓮的姑珥坡上擊傷了他。他逃到米吉多,就死在那裏。
28 Apre sa, chèf li yo mete kadav la sou cha a, yo mennen l' lavil Jerizalèm. Yo antere l' nan kavo fanmi li nan lavil David la.
他的臣僕用車將他的屍首送到耶路撒冷,葬在大衛城他自己的墳墓裏,與他列祖同葬。
29 Joram, pitit Akab la, t'ap mache sou onzan depi li te wa peyi Izrayèl lè Okozyas te moute wa nan peyi Jida.
亞哈謝登基作猶大王的時候,是在亞哈的兒子約蘭第十一年。
30 Jeou rive lavil Jizreyèl. Lè Jezabèl vin konn sa, li pase fa bò je li, li ranje tèt li, l' al kanpe bò yon fennèt ap gade.
耶戶到了耶斯列;耶洗別聽見就擦粉、梳頭,從窗戶裏往外觀看。
31 Lè Jeou antre nan pòtay lavil la, Jezabèl di l' konsa: —Ban m' nouvèl ou non, Zimri, ansasen mèt ou!
耶戶進門的時候,耶洗別說:「殺主人的心利啊,平安嗎?」
32 Jeou leve je l' gade bò fennèt la, li di: —Ki moun ki avè m'? De twa gad palè a parèt tèt yo nan yon fennèt.
耶戶抬頭向窗戶觀看,說:「誰順從我?」有兩三個太監從窗戶往外看他。
33 Jeou di yo: —Voye Jezabèl jete anba! Yo voye Jezabèl jete anba. San li gaye sou tout miray la ak sou chwal yo. Jeou fè chwal li yo ak cha lagè li a pase sou kadav la.
耶戶說:「把她扔下來!」他們就把她扔下來。她的血濺在牆上和馬上;於是把她踐踏了。
34 Li antre nan palè a, li manje, li bwè. Apre sa li di: —Al okipe fanm madichon an! Antere l'. Tout jan, se pitit fi yon wa li ye.
耶戶進去,吃了喝了,吩咐說:「你們把這被咒詛的婦人葬埋了,因為她是王的女兒。」
35 Men, lè mesye yo ale pou antere l' yo pa jwenn anyen pase zo bwa tèt li, de pye l' ak de pla men l' yo.
他們就去葬埋她,只尋得她的頭骨和腳,並手掌。
36 Yo tounen al fè rapò yo bay Jeou. Jeou di konsa: —Se sa menm Seyè a te di ki pou te rive l' lè li te bay Eli, moun Tichbe a mesaj sa a pou li: Chen va manje Jezabèl nan peyi Jizreyèl.
他們回去告訴耶戶,耶戶說:「這正應驗耶和華藉他僕人提斯比人以利亞所說的話,說:『在耶斯列田間,狗必吃耶洗別的肉;
37 Kadav li pral tounen fimye gaye nan tout jaden zòn Jizreyèl la. Konsa pesonn p'ap ka rekonèt li.
耶洗別的屍首必在耶斯列田間如同糞土,甚至人不能說這是耶洗別。』」

< 2 Wa 9 >