< 2 Wa 5 >

1 Naaman, kòmandan lame wa peyi Siri a, te yon nonm wa a te renmen anpil. Li te ba li anpil favè paske se gremesi Naaman Seyè a te fè peyi Siri a genyen nan tout batay li yo. Se te yon vanyan sòlda, men li trape yon move maladi po.
亞蘭王的元帥乃縵在他主人面前為尊為大,因耶和華曾藉他使亞蘭人得勝;他又是大能的勇士,只是長了大痲瘋。
2 Yon lè yon bann moun peyi Siri t al fè piyay nan peyi Izrayèl la, yo te fè yon tifi moun Izrayèl yo prizonye. Tifi a te rete ak madan Naaman.
先前亞蘭人成群地出去,從以色列國擄了一個小女子,這女子就服事乃縵的妻。
3 Yon jou, li di metrès li a: —Si mèt mwen te ka al wè pwofèt ki nan peyi Samari a, pwofèt la ta ka geri maladi a wi.
她對主母說:「巴不得我主人去見撒馬利亞的先知,必能治好他的大痲瘋。」
4 Lè Naaman tande sa, l' al jwenn wa a, li di l' sa tifi a te di.
乃縵進去,告訴他主人說,以色列國的女子如此如此說。
5 Wa Siri a reponn: —Bon, ou pral jwenn wa peyi Izrayèl la, m'ap ba ou yon lèt pou li. Se konsa Naaman pati. Li te pote trantmil (30.000) pyès ajan, simil (6.000) pyès lò ak dis rad nèf fèt ak bon twal fen.
亞蘭王說:「你可以去,我也達信於以色列王。」於是乃縵帶銀子十他連得,金子六千舍客勒,衣裳十套,就去了;
6 Li renmèt lèt la bay wa peyi Izrayèl la. Men sa ki te ekri nan lèt la: Mwen voye Naaman, yonn nan chèf mwen yo, avèk lèt sa a pou ou ka geri maladi po l' la.
且帶信給以色列王,信上說:「我打發臣僕乃縵去見你,你接到這信,就要治好他的大痲瘋。」
7 Lè wa peyi Izrayèl la li lèt la, li vin gen yon kè sere, li chire rad sou li epi li di: —Eske se Bondye ki bay lavi ki bay lanmò mwen ye pou msye voye yon moun ak maladi pou m' geri l'? Nou tou wè se chache l'ap chache m' kont.
以色列王看了信就撕裂衣服,說:「我豈是上帝,能使人死使人活呢?這人竟打發人來,叫我治好他的大痲瘋。你們看一看,這人何以尋隙攻擊我呢?」
8 Lè pwofèt Elize vin konnen jan wa a te nan tèt chaje pou lèt la, li voye di l': —Poukisa ou gen kè sere konsa? Voye moun lan ban mwen, m'a fè l' konnen gen yon pwofèt nan peyi Izrayèl la.
神人以利沙聽見以色列王撕裂衣服,就打發人去見王,說:「你為甚麼撕了衣服呢?可使那人到我這裏來,他就知道以色列中有先知了。」
9 Se konsa Naaman ale ak cha li a ansanm ak chwal li yo. Li rete devan pòt kay Elize a.
於是,乃縵帶着車馬到了以利沙的家,站在門前。
10 Men Elize voye yon mesaje di l': —Ale lave kò ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, maladi po a va disparèt sou kò ou. W'a geri.
以利沙打發一個使者,對乃縵說:「你去在約旦河中沐浴七回,你的肉就必復原,而得潔淨。」
11 Naaman fache, li vire do l' ale. Li di: —Mwen te kwè li t'ap soti vin resevwa m'. Apre sa, li ta lapriyè Seyè a, Bondye l' la. Li ta pase men l' kote ki malad la, konsa mwen ta geri.
乃縵卻發怒走了,說:「我想他必定出來見我,站着求告耶和華-他上帝的名,在患處以上搖手,治好這大痲瘋。
12 Lèfini, èske dlo larivyè Abana ak larivyè Fafa nan peyi Damas yo pa pi bon pase nenpòt dlo larivyè nan peyi Izrayèl yo? Mwen ta ka benyen ladan yo tou, mwen ta geri. Li vire do l' ale byen move.
大馬士革的河亞罷拿和法珥法豈不比以色列的一切水更好嗎?我在那裏沐浴不得潔淨嗎?」於是氣忿忿地轉身去了。
13 Men, domestik li yo al jwenn li, yo di l' konsa: —Mèt, si pwofèt la te mande ou yon bagay pi difisil, èske ou pa ta fè l'? Poukisa koulye a ou pa al lave kò ou pou ou ka geri jan li di ou la?
他的僕人進前來,對他說:「我父啊,先知若吩咐你做一件大事,你豈不做嗎?何況說你去沐浴而得潔淨呢?」
14 Naaman ale, li plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an, jan pwofèt la te di l' la. Po kò l' tounen tankou po timoun. Li te geri nèt.
於是乃縵下去,照着神人的話,在約旦河裏沐浴七回;他的肉復原,好像小孩子的肉,他就潔淨了。
15 Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: —Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.
乃縵帶着一切跟隨他的人,回到神人那裏,站在他面前,說:「如今我知道,除了以色列之外,普天下沒有上帝。現在求你收點僕人的禮物。」
16 Men Elize di l': —Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen, mwen p'ap resevwa ankenn kado. Naaman t'ap fòse l' pou l' pran kado a, men Elize derefize.
以利沙說:「我指着所事奉永生的耶和華起誓,我必不受。」乃縵再三地求他,他卻不受。
17 Lè sa a, Naaman di: —Dakò, ou pa vle. Men tanpri, ban m' ti gout tè pou m' chaje sou de milèt pote ale avè m'. Paske mwen menm ki la pou sèvi ou la, depi jòdi a mwen p'ap fè ofrann, mwen p'ap boule bèt pou ankenn lòt bondye pase pou Seyè a.
乃縵說:「你若不肯受,請將兩騾子馱的土賜給僕人。從今以後,僕人必不再將燔祭或平安祭獻與別神,只獻給耶和華。
18 Tansèlman, se pou Seyè a padonnen m' kichòy. Lè chèf mwen pral fè sèvis nan tanp Rimon an, se pou l' apiye sou bra m', mwen fèt pou m' bese tèt ansanm avè l' nan tanp lan. Mwen ta mande Seyè a pou l' padonnen m' sa.
惟有一件事,願耶和華饒恕你僕人:我主人進臨門廟叩拜的時候,我用手攙他在臨門廟,我也屈身。我在臨門廟屈身的這事,願耶和華饒恕我。」
19 Elize reponn li: —Ale ak kè poze! Naaman pati. Lè li rive yon distans,
以利沙對他說:「你可以平平安安地回去!」 乃縵就離開他去了;走了不遠,
20 Gerazi, domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l': —Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l' te pote pou li a. Mwen pran Seyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l' pou m' pran kichòy nan men l'.
神人以利沙的僕人基哈西心裏說:「我主人不願從這亞蘭人乃縵手裏受他帶來的禮物,我指着永生的耶和華起誓,我必跑去追上他,向他要些。」
21 Se konsa li pati dèyè Naaman. Lè Naaman wè l' ap kouri vin jwenn li, li prese desann sot sou cha li a, l' al jwenn li, li mande l': —Ki malè ki rive?
於是基哈西追趕乃縵。乃縵看見有人追趕,就急忙下車迎着他,說:「都平安嗎?」
22 Gerazi reponn li: —Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m' di ou konsa gen de jenn pwofèt ki soti nan mòn Efrayim yo ki fèk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan (300) pyès ajan ak de rad nèf pou l' ba yo.
說:「都平安。我主人打發我來說:『剛才有兩個少年人,是先知門徒,從以法蓮山地來見我,請你賜他們一他連得銀子,兩套衣裳。』」
23 Naaman reponn: —Tanpri, pran sisan (600) pyès ajan. Li fòse l' pran yo, li mare pyès ajan yo nan de ti sak, li lonje yo bay de nan domestik pa l' yo ansanm ak de bèl rechanj pou yo pote yo devan Gerazi.
乃縵說:「請受二他連得」;再三地請受,便將二他連得銀子裝在兩個口袋裏,又將兩套衣裳交給兩個僕人;他們就在基哈西前頭抬着走。
24 Lè yo rive sou ti mòn lan, Gerazi pran de ti sak yo nan men domestik yo, li mete yo lakay li, lèfini, li voye domestik Naaman yo ale fè wout yo.
到了山岡,基哈西從他們手中接過來,放在屋裏,打發他們回去。
25 Apre sa, l' ale jwenn mèt li. Elize mande l': —Gerazi, kote ou soti? Gerazi reponn: —M' pa t al ankenn kote non, mèt!
基哈西進去,站在他主人面前。以利沙問他說:「基哈西你從哪裏來?」回答說:「僕人沒有往哪裏去。」
26 Elize di li: —Mwen te la avè ou, nan lespri m', lè nonm lan desann soti sou cha li a pou l' resevwa ou. Men se pa lè sa a pou nou resevwa lajan ak rad ni pou n' achte jaden oliv, jaden rezen, bèf, mouton, kabrit, osinon fanm ak gason pou sèvi nou esklav.
以利沙對他說:「那人下車轉回迎你的時候,我的心豈沒有去呢?這豈是受銀子、衣裳、買橄欖園、葡萄園、牛羊、僕婢的時候呢?
27 Se poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan. Lè Gerazi soti, li te gen maladi po a. Po kò l' te blan kou koton.
因此,乃縵的大痲瘋必沾染你和你的後裔,直到永遠。」基哈西從以利沙面前退出去,就長了大痲瘋,像雪那樣白。

< 2 Wa 5 >