< 2 Wa 20 >

1 Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
En ces jours-là, Ézéchias fut malade à la mort; et Ésaïe, le prophète, fils d’Amots, vint vers lui, et lui dit: Ainsi dit l’Éternel: Donne des ordres pour ta maison, car tu vas mourir et tu ne vivras pas.
2 Ezekyas vire figi l' bay panno a fas, li lapriyè Seyè a.
Et [Ézéchias] tourna sa face contre la muraille, et pria l’Éternel, disant:
3 Li di: —Tanpri, Seyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m' pa janm vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou te vle m' fè. Epi li pran kriye kont kriye l'.
Hélas, Éternel! souviens-toi, je te prie, que j’ai marché devant toi en vérité et avec un cœur parfait, et que j’ai fait ce qui est bon à tes yeux. Et Ézéchias versa beaucoup de larmes.
4 Lè Ezayi kite wa a, li pa t' ankò soti nan lakou ki nan mitan palè a lè Seyè a pale avè l', li di l' konsa:
Et il arriva qu’Ésaïe, étant sorti, et n’étant pas encore arrivé au milieu de la ville, la parole de l’Éternel vint à lui, disant:
5 —Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyè a.
Retourne, et dis à Ézéchias, prince de mon peuple: Ainsi dit l’Éternel, Dieu de David, ton père: J’ai entendu ta prière, j’ai vu tes larmes; voici, je te guérirai; le troisième jour tu monteras à la maison de l’Éternel;
6 M'ap kite ou viv kenzan ankò, m'ap delivre ou, ou menm ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pwoteje lavil la poutèt David sèvitè m' lan, ak poutèt mwen.
et j’ajouterai 15 années à tes jours; et je te délivrerai, toi et cette ville, de la main du roi d’Assyrie, et je protégerai cette ville à cause de moi, et à cause de David, mon serviteur.
7 Ezayi mande pou fè yon kataplas ak fig frans mete sou malenng wa a. Yo fè sa vre. Epi wa a geri.
Et Ésaïe dit: Prenez une masse de figues. Et ils la prirent, et la mirent sur l’ulcère; et [Ézéchias] se rétablit.
8 Lè sa a, wa a mande Ezayi: —Kisa ki pral fè m' konnen Seyè a pral geri m' pou nan twa jou m' ka al nan Tanp Seyè a?
Et Ézéchias dit à Ésaïe: Quel est le signe que l’Éternel me guérira et que le troisième jour je monterai à la maison de l’Éternel?
9 Ezayi reponn li: —Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. Gade kadran solèy la. Eske ou ta vle pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak, osinon pou l' fè bak sou dis ti mak?
Et Ésaïe dit: Ceci en sera le signe pour toi de par l’Éternel, car l’Éternel accomplira la parole qu’il a prononcée: l’ombre avancera-t-elle de dix degrés, ou retournera-t-elle de dix degrés?
10 Ezekyas di l': —Se bagay fasil pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak. L'ap pi difisil pou l' fè bak sou dis ti mak.
Et Ézéchias dit: C’est peu de chose que l’ombre descende de dix degrés: non, mais que l’ombre retourne de dix degrés en arrière.
11 Pwofèt Izayi lapriyè Seyè a epi Seyè a fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak li te fin depase nan kadran solèy wa Akaz te fè a.
Et Ésaïe, le prophète, cria à l’Éternel; et [l’Éternel] fit retourner l’ombre de dix degrés en arrière sur les degrés par lesquels elle était descendue sur le cadran d’Achaz.
12 Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.
En ce temps-là, Berodac-Baladan, fils de Baladan, roi de Babylone, envoya une lettre et un présent à Ézéchias, car il avait appris qu’Ézéchias avait été malade.
13 Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.
Et Ézéchias écouta les [messagers], et leur montra toute la maison [où étaient renfermés] ses objets précieux, l’argent et l’or, et les aromates et l’huile fine, et tout son arsenal, et tout ce qui se trouvait dans ses trésors; il n’y eut rien qu’Ézéchias ne leur montrât dans sa maison et dans tous ses domaines.
14 Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': —Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: —Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn.
Et Ésaïe, le prophète, vint vers le roi Ézéchias, et lui dit: Qu’ont dit ces hommes, et d’où sont-ils venus vers toi? Et Ézéchias dit: Ils sont venus d’un pays éloigné, de Babylone.
15 Ezayi di l' konsa: —Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: —Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.
Et [Ésaïe] dit: Qu’ont-ils vu dans ta maison? Et Ézéchias dit: Ils ont vu tout ce qui est dans ma maison; il n’y a rien dans mes trésors que je ne leur aie montré.
16 Ezayi di wa Ezekyas konsa: —Koute mesaj Seyè ki gen pouvwa a voye ba ou:
Et Ésaïe dit à Ézéchias: Écoute la parole de l’Éternel:
17 Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
Voici, des jours viennent où tout ce qui est dans ta maison, et ce que tes pères ont amassé jusqu’à ce jour, sera porté à Babylone; il n’en restera rien, dit l’Éternel.
18 Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.
Et on prendra de tes fils, qui sortiront de toi, que tu auras engendrés, et ils seront eunuques dans le palais du roi de Babylone.
19 Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: —Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!
Et Ézéchias dit à Ésaïe: La parole de l’Éternel que tu as prononcée est bonne. Et il dit: N’y aura-t-il pas ainsi paix et stabilité pendant mes jours?
20 Tout rès istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sòlda, jan li te bati rezèvwa dlo a ak gwo kannal anba tè pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
Et le reste des actes d’Ézéchias, et toute sa puissance, et comment il fit l’étang et l’aqueduc, et amena les eaux dans la ville, cela n’est-il pas écrit dans le livre des chroniques des rois de Juda?
21 Lè Ezekyas mouri, se Manase, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.
Et Ézéchias s’endormit avec ses pères; et Manassé, son fils, régna à sa place.

< 2 Wa 20 >