< 2 Wa 11 >

1 Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa a.
Now when Athaliah the mother of Ahaziah saw that her son was dead, she arose and destroyed all the royal seed.
2 Men lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jocheba, pitit fi wa Joram, sè menm papa ak Okozyas la, te pran Joas, yonn nan pitit gason Okozyas yo, li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan tanp lan. Yo pa kite Atali wè Joas. Se konsa Joas pa mouri.
But Jehosheba, the daughter of king Joram, sister of Ahaziah, took Joash the son of Ahaziah, and stole him away from among the king's sons who were slain, even him and his nurse, and put them in the bedchamber. And they hid him from Athaliah, so that he was not slain.
3 Joas rete kache nan tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la pandan sizan. Atali menm t'ap gouvènen peyi a.
And he was with her hidden in the house of Jehovah six years. And Athaliah reigned over the land.
4 Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, fè chache tout kaptenn gadkò wa a ak tout chèf gad palè yo, li fè yo vin jwenn li nan tanp lan. La, li pran dizon ak yo, li fè yo fè sèman epi li moutre yo Joas, pitit wa a.
And in the seventh year Jehoiada sent and fetched the captains over hundreds of the Carites and of the guard, and brought them to him into the house of Jehovah. And he made a covenant with them, and took an oath of them in the house of Jehovah, and showed them the king's son.
5 Apre sa, li ba yo lòd sa a: —Men sa nou pral fè! N'ap separe moun k'ap vin pran pòs jou repo a an twa gwoup menm fòs, yon gwoup va fè pòs nan palè wa a,
And he commanded them, saying, This is the thing that ye shall do: a third part of you, who come in on the sabbath, shall be keepers of the watch of the king's house;
6 yon lòt gwoup va kanpe bò pòtay Sou a, dènye gwoup la va rete bò pòtay ki dèyè lòt gad yo. Y'a moute lagad nan palè wa a yonn apre lòt.
and a third part shall be at the gate Sur; and a third part at the gate behind the guard. So shall ye keep the watch of the house, and be a barrier.
7 De gwoup gad k'ap leve pòs jou repo a va moute gad nan tanp Seyè a pou pwoteje wa a.
And the two companies of you, even all who go forth on the sabbath, shall keep the watch of the house of Jehovah around the king.
8 N'a fè yon gwo wonn ak wa a nan mitan. N'a kenbe zam nou nan men nou. Si yon moun ta vle pase nan mitan nou se pou nou touye l'. Kote wa a va fè, n'a fè avè l'.
And ye shall encompass the king round about, every man with his weapons in his hand. And he who comes within the ranks, let him be slain. And be ye with the king when he goes out, and when he comes in.
9 Kaptenn yo fè tou sa Jeojada, prèt la, te ba yo lòd fè a. Yo pran tout gad yo, ni sa ki t'ap pran pòs jou repo a, ni sa ki t'ap leve pòs jou sa a tou, y' al jwenn Jeojada, prèt la.
And the captains over hundreds did according to all that Jehoiada the priest commanded. And every man took his men, those who were to come in on the sabbath, with those who were to go out on the sabbath, and came to Jehoiada the priest.
10 Jeojada pran frenn ak plak pwotèj wa David yo ki te nan Tanp Seyè a, li bay kaptenn gad yo kenbe.
And the priest delivered to the captains over hundreds the spears and shields that had been king David's, which were in the house of Jehovah.
11 Gad yo menm, yo chak ak zam yo nan men yo, li ranje yo tout devan Tanp lan depi sou bò dwat rive sou bò gòch, yo fè wonn lotèl la pou pwoteje wa a.
And the guard stood, every man with his weapons in his hand, from the right side of the house to the left side of the house, along by the altar and the house, by the king round about.
12 Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a!
Then he brought out the king's son, and put the crown upon him, and gave him the testimony. And they made him king, and anointed him. And they clapped their hands, and said, Live, O king.
13 Lè Atali tande tout bri gad yo ak pèp la t'ap fè, li kouri al nan tanp lan kote moun yo te ye a.
And when Athaliah heard the noise of the guard and of the people, she came to the people into the house of Jehovah.
14 Li wè wa a kanpe bò gwo poto a, jan sa te toujou fèt la. Tout chèf yo ak tout mizisyen yo te bò kote wa a, tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Lè Atali wè sa, kè l' kase. Li chire rad sou li, li rele: —Men yo moute yon konplo sou do m!
And she looked, and, behold, the king stood by the pillar, as the manner was, and the captains and the trumpets by the king. And all the people of the land rejoiced, and blew trumpets. Then Athaliah tore her clothes, and cried, Treason! treason!
15 Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t'ap kòmande lame a lòd sa a: —Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l', mennen l' deyò. Touye nenpòt moun nou wè k'ap swiv li. Prèt la pa t' vle pou yo touye l' nan Tanp Seyè a.
And Jehoiada the priest commanded the captains of hundreds who were set over the army, and said to them, Have her forth between the ranks, and kill with the sword the man who follows her. For the priest said, Let her not be slain in the house of Jehovah.
16 Yo pran Atali, yo mennen l' nan palè wa a bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l'.
So they made way for her. And she went by the way of the horses' entry to the king's house, and there was she slain.
17 Apre sa, Jeojada, prèt la, pase yon kontra ant Seyè a ak wa a ansanm ak pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye. Li pase yon kontra tou ant wa a ak pèp la.
And Jehoiada made a covenant between Jehovah and the king and the people, that they should be Jehovah's people; between the king also and the people.
18 Lèfini, tout pèp la al nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati yo byen kraze. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Jeojada mete gad veye Tanp Seyè a.
And all the people of the land went to the house of Baal, and broke it down. They broke in pieces his altars and his images thoroughly, and killed Mattan the priest of Baal before the altars. And the priest appointed officers over the house of Jehovah.
19 Apre sa, li menm, kaptenn yo, gad wa yo, gad palè yo ak tout pèp la, yo soti nan Tanp lan ansanm ak wa a, y' ale nan palè wa a. Yo pase antre nan pòt gad yo. Joas al chita sou fotèy wa a.
And he took the captains over hundreds, and the Carites, and the guard, and all the people of the land, and they brought down the king from the house of Jehovah, and came by the way of the gate of the guard to the king's house. And he sat on the throne of the kings.
20 Tout pèp la te kontan anpil. Yo te touye Atali ak kout nepe nan palè wa a. Apre sa, pa t' gen yon ti bri nan tout lavil la.
So all the people of the land rejoiced, and the city was quiet. And they had slain Athaliah with the sword at the king's house.
21 Joas te gen sètan lè l' moute wa.
Joash was seven years old when he began to reign.

< 2 Wa 11 >