< 1 Samyèl 17 >

1 Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y' al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fwontyè San, ant lavil Soko ak lavil Azeka.
Now the Philistines gathered their armies for battle. They were gathered at Sokoh, which belongs to Judah. They had encamped between Sokoh and Azekah, in Ephes Dammim.
2 Sayil vini ansanm ak moun Izrayèl yo, yo pran pozisyon nan fon Bwadchenn lan, epi yo ranje kò yo anfas moun Filisti yo pou y' al goumen ak yo.
Saul and the men of Israel gathered and encamped in the Valley of Elah, and drew up their battle line to meet the Philistines.
3 Moun Filisti yo te sou yon ti mòn yon bò, moun pèp Izrayèl yo te sou yon lòt ti mòn anfas. Fon an te nan mitan de lame yo.
The Philistines stood on a mountain on one side, and Israel stood on a mountain on the other side with a valley between them.
4 Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, soti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè fas kare ak li. Li te gen nèf pye wotè.
A strong man came out of the Philistines' camp, a man named Goliath of Gath, whose height was six cubits and a span.
5 Li te gen yon kas fè nan tèt li ak yon rad fèt an plak fè sou li. Rad la te peze sansenkant (150) liv pou pi piti.
He had a helmet of bronze on his head, and he was armed with a coat of chainmail. The coat weighed five thousand shekels of bronze.
6 Li te gen janbyè fèt an fè nan janm li, ak yon ti frenn fèt an asye pandye sou zepòl li.
He had bronze armor on his legs and a javelin of bronze between his shoulders.
7 Bwa gwo frenn ki te nan men l' lan te menm gwosè ak yon gwo manch pilon. Pwent frenn lan te fèt an fè. Li te peze vin liv konsa. Te gen yon sòlda ki t'ap mache devan l' avèk plak pwotèj li a.
The staff of his spear was large, with a loop of cord for throwing it like the cord on a weaver's beam. His spear's head weighed six hundred shekels of iron. His shield bearer went before him.
8 Golyat kanpe, epi li rele moun pèp Izrayèl yo, li di yo konsa: -Se goumen nou vin goumen? Poukisa atò? Mwen menm, se moun Filisti mwen ye. Nou menm, se esklav Sayil nou ye. Chwazi yon nonm nan mitan nou pou l' vin kare avè m'.
He stood and shouted to the ranks of Israel, “Why have you come out to draw up for battle? Am not I a Philistine, and are you not servants of Saul? Choose a man for yourselves and let him come down to me.
9 Si l' rive bat mwen pou l' touye m', moun Filisti yo va vin esklav moun Izrayèl yo. Men, si se mwen ki bat li, si m' touye l', se nou menm moun Izrayèl yo k'ap vin esklav moun Filisti yo pou sèvi yo.
If he is able to fight with me and kill me, then will we be your servants. But if I defeat him and kill him, then you will be our servants and serve us.”
10 Li di yo ankò: -Jòdi a mwen mete tout moun Izrayèl yo an defi. M' pini nou jwenn yon nonm ki pou vin kare avè m'.
Again the Philistine said, “I challenge the ranks of Israel today. Give me a man so we may fight together.”
11 Lè Sayil ak tout sòlda moun Izrayèl yo tande sa sòlda Filisti a te di yo, yo vin pè anpil. Yo pran tranble.
When Saul and all Israel heard what the Philistine said, they were discouraged and greatly afraid.
12 David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou rèy wa Sayil, li te deja fin granmoun.
Now David was the son of the Ephrathite of Bethlehem in Judah, whose name was Jesse. He had eight sons. Jesse was an old man in the days of Saul, very old among men.
13 Twa premye pitit gason l' yo te pati al nan lagè ansanm ak Sayil. Pi gran an te rele Eliyab, dezyèm lan te rele Abinadab, twazyèm lan te rele Chama.
The three oldest sons of Jesse had followed Saul to the battle. The names of his three sons who went to the battle were Eliab the firstborn, second to him Abinadab, and the third Shammah.
14 David te dènye pitit Izayi. Twa pi gran yo te pati ansanm ak Sayil.
David was the youngest. The three oldest followed Saul.
15 Tanzantan David te konn soti lakay Sayil desann lavil Betleyèm pou l' al okipe mouton papa l' yo.
Now David went back and forth between Saul's army and his father's sheep at Bethlehem, in order to feed them.
16 Chak maten, chak aswè, pandan karant jou, Golyat te vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay.
For forty days the Philistine strong man came near morning and evening to present himself for battle.
17 Yon jou, Izayi di David konsa: -Pran yon mamit grenn griye ak dis pen sa yo, kouri pote yo bay frè ou yo nan kan an.
Then Jesse said to his son David, “Take to your brothers an ephah of this roasted grain and these ten loaves, and carry them quickly to the camp for your brothers.
18 Pran dis fwomaj sa yo, pote yo bay kòmandan an. W'a pran nouvèl frè ou yo, ki jan yo ye. Epi w'a fè yo ba ou yon bagay pou m' sèten ou wè yo an sante.
Also bring these ten cheeses to the captain of their thousand. See how your brothers are doing and bring back some proof that they are doing well.
19 Wa Sayil, frè ou yo ansanm ak tout lòt mesye Izrayèl yo nan Fon Bwadchenn lan ap goumen ak moun Filisti yo.
Your brothers are with Saul and all the men of Israel in the Valley of Elah, fighting the Philistines.”
20 Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l' la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fèk soti pou y' al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo.
David got up early in the morning and left the flock in the care of a shepherd. He took the supplies and left, as Jesse commanded him. He came to the camp as the army was going out to the battlefield shouting the war cry.
21 Lame moun Filisti yo ak lame moun Izrayèl yo vin kanpe yonn anfas lòt pou batay la.
Then Israel and the Philistines lined up for battle, army against army.
22 David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la tapral mare a, l' al jwenn frè li yo. Li mande yo nouvèl yo.
David left his belongings with the keeper of supplies, ran to the army, and greeted his brothers.
23 Li t'ap pale ak yo konsa, lè Golyat, gwo sòlda Filisti a, moun lavil Gat la, soti nan kan moun Filisti yo, li vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay jan l' te konn fè l' anvan an. David tande sa Golyat t'ap di.
As he talked with them, the strong man, the Philistine of Gath, Goliath by name, and he came out of the ranks of the Philistines, and said the same words as before, and David heard them.
24 Lè moun pèp Izrayèl yo wè Golyat parèt yo pran kouri tèlman yo te pè.
When all the men of Israel saw the man, they fled from him and were very afraid.
25 Yonn t'ap di lòt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayèl.
The men of Israel said, “Have you seen this man who has come up? He has come to challenge Israel. The king will give great riches to the man who kills him, and he will give his daughter to him in marriage, and will make his father's house free from taxation in Israel.”
26 David mande moun ki te kanpe bò kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Seyè a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l' la?
David said to the men who stood by him, “What will be done for the man who kills this Philistine and takes away the disgrace from Israel? Who is this uncircumcised Philistine that he should defy the armies of the living God?”
27 Mesye yo di l' tou sa y'a fè pou moun ki va touye Golyat la.
Then the people repeated what they had been saying and told him, “So it will be done for the man who kills him.”
28 Eliyab, pi gran nan frè David yo, te tande l' ap pale ak mesye yo. Li fache sou li, li di l' konsa: -Sa w'ap fè la a? Ki moun k'ap okipe mouton ou yo pou ou nan dezè a? Mwen konnen jan ou lafoura. Ou toujou sou plan! Se batay la ou vin gade.
Eliab his oldest brother heard when he spoke to the men. Eliab's anger was kindled against David, and he said, “Why did you come down here? With whom have you left those few sheep in the wilderness? I know your pride, and the mischief in your heart; for you have come down here so that you might see the battle.”
29 David reponn li: -Kisa m' fè, mezanmi! Yon senp ti keksyon m'ap mande moun yo la a wi!
David said, “What have I done now? Was it not just a question?”
30 Li vire bò yon lòt moun, li mande l' menm keksyon an. Chak fwa, moun yo fè l' menm repons la.
He turned away from him toward another, and spoke in the same way. The people answered the same thing as before.
31 Kèk moun ki te tande sa David t'ap di al rapòte sa bay Sayil ki voye chache l'.
When the words that David said were heard, soldiers repeated them to Saul, and he sent for David.
32 David di Sayil: -Monwa, pesonn pa dwe kite sòlda Filisti sa a ap kraponnen yo konsa. Mwen pral goumen avè l'.
Then David said to Saul, “Let no man's heart fail because of that Philistine; your servant will go and fight with this Philistine.”
33 Sayil di David konsa: -Non, ou pa ka goumen ak sòlda Filisti sa a. Ou twò piti. Nèg sa a se yon sòlda k'ap goumen depi l' jenn gason.
Saul said to David, “You are not able to go against this Philistine to fight with him; for you are only a youth, and he a man of war from his youth.”
34 David di Sayil: -Monwa, se mwen menm k'ap okipe mouton papa m' yo. Nenpòt lè yon lyon osinon yon lous vin pran yonn nan mouton yo,
But David said to Saul, “Your servant used to keep his father's sheep. When a lion or a bear came and took a lamb out of the flock,
35 mwen kouri dèyè l', m' atake l', mwen wete mouton an anba grif li. Si lè sa a, lyon an osinon lous la konprann pou l' vire sou mwen, mwen pran l' nan gagann, mwen bat li jouk mwen touye l'.
I chased after him and attacked him, and rescued it out of his mouth. When he rose up against me, I caught him by his beard, struck him, and killed him.
36 Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Seyè a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l'.
Your servant has killed both a lion and a bear. This uncircumcised Philistine will be like one of them, since he has challenged the armies of the living God.”
37 David di ankò: -Seyè a te delivre m' anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m' tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: -Bon, ale non! Mwen mande Seyè a pou l' avèk ou!
David said, “Yahweh rescued me from the paw of the lion and from the paw of the bear. He will rescue me from the hand of this Philistine.” Then Saul said to David, “Go, and may Yahweh be with you.”
38 Sayil pran pwòp rad lagè pa l' yo, li mete sou David. Li mete yon kas fè nan tèt David ak yon rad fèt an plak fè pou pwoteje kò li.
Saul clothed David with his armor. He put a helmet of bronze upon his head, and he clothed him with a coat of chainmail.
39 David pase nepe Sayil la nan ren l', anwo rad lagè a. Men, li fè sa pou l' mache, li pa t' kapab, paske li pa t' konn sèvi ak tout bagay sa yo. Li di Sayil konsa: -Mwen pa ka mache ak tout bagay sa yo sou mwen, mwen pa konn sèvi ak yo. Epi David wete tout bagay yo sou li.
David strapped his sword on his armor. But he was not able to walk, because he had not trained with them. Then David said to Saul, “I cannot go out to fight with these, for I have not trained with them.” So David put them off.
40 Lèfini, li pran baton l' nan men l', li ranmase senk ti wòch won nan ravin lan, li mete yo nan ralfò li sèvi lè l'ap okipe mouton yo. Apre sa, fistibal li nan men l', li mache sou Golyat.
He took his staff in his hand and chose five smooth stones out of the brook; he put them in his shepherd's pouch. His sling was in his hand as he approached the Philistine.
41 Sòlda Filisti a pran mache sou David tou. Nonm ki t'ap pote plak pwotèj li a t'ap mache devan li. Li t'ap pwoche pi pre David.
The Philistine came and approached David, with his shield bearer in front of him.
42 Lè sòlda Filisti a gade, li wè David pi pre, li tchwipe, epi li vire tèt li sou kote, paske li te wè se yon timoun ak cheve koulè kannèl, ak yon bèl ti figi ki te devan l'.
When the Philistine looked around and saw David, he despised him, for he was only a boy, and ruddy, with a handsome appearance.
43 Sòlda Filisti a di David konsa: -Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l' yo pou madichonnen David.
Then the Philistine said to David, “Am I a dog, that you come to me with sticks?,” and the Philistine cursed David by his gods.
44 Apre sa, li di ankò: -Mwen pini ou vanse sou mwen pou ou wè si mwen p'ap pran kò ou pou m' bay zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje.
The Philistine said to David, “Come to me, and I will give your flesh to the birds of the heavens and to the beasts of the field.”
45 David di sòlda Filisti a konsa: -W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou.
David replied to the Philistine, “You come to me with a sword, a spear, and a javelin. But I come to you in the name of Yahweh of hosts, the God of the armies of Israel, whom you have defied.
46 Jòdi a menm, Seyè a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye.
Today Yahweh will give me victory over you, and I will kill you and remove your head from your body. Today I will give the dead bodies of the Philistine army to the birds of the heavens and to the wild beasts of the earth, so that all the earth may know that there is a God in Israel,
47 Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.
and that all this gathering may know that Yahweh does not give victory with sword or spear. For the battle is Yahweh's, and he will give you into our hand.”
48 Golyat pran mache ankò sou David. David menm t'ap kouri al kontre ak li devan lame yo.
When the Philistine rose and approached David, then David ran quickly toward the enemy army to meet him.
49 Li foure men l' nan ti ralfò li a, li pran yon wòch ladan l', li mete l' nan fistibal la, li vize Golyat. Li frape sòlda Filisti a nan mitan fwon. Wòch la antre nan kalbas tèt sòlda Filisti a. Sòlda Filisti a tonbe fas atè.
David put his hand in his bag, took a stone from it, slung it, and hit the Philistine in the forehead. The stone sank into the Philistine's forehead, and he fell on his face to the ground.
50 Se konsa David te bat sòlda Filisti a avèk yon fistibal ak yon wòch. Li vide sòlda Filisti a atè, li touye l'. Li pa t' gen yon bout nepe menm nan men l'.
David defeated the Philistine with a sling and with a stone. He hit the Philistine and killed him. There was no sword in David's hand.
51 David kouri al bò kote sòlda Filisti a, li moute sou li, li rale nepe sòlda Filisti a soti nan djenn li, li touye l', lèfini li koupe tèt li. Lè moun Filisti yo wè bowòm yo a te mouri, yo kouri met deyò.
Then David ran and stood over the Philistine and took his sword, drew it out of the sheath, killed him, and cut off his head with it. When the Philistines saw that their strong man was dead, they fled.
52 Sòlda pèp Izrayèl yo ak mesye peyi Jida yo leve, yo pouse gwo rèl lagè yo a, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk devan lavil Gat, jouk devan pòtay Ekwon. Te gen kadav moun Filisti sou tout wout ki mennen lavil Charayim lan jouk lavil Gat ak Ekwon.
Then the men of Israel and of Judah rose with a shout, and chased after the Philistines as far as the valley and the gates of Ekron. The dead Philistines lay along the way to Shaaraim, all the way to Gath and Ekron.
53 Se lè sa a moun pèp Izrayèl yo sispann kouri dèyè moun Filisti yo, yo kase tèt tounen. Yo fè yon gwo piyay nan kan moun Filisti yo.
The people of Israel returned from chasing the Philistines, and they plundered their camp.
54 David pran tèt Golyat, li pote l' lavil Jerizalèm, men li kenbe zam sòlda Filisti a lakay li.
David took the head of the Philistine and brought it to Jerusalem, but he put his armor in his tent.
55 Lè Sayil wè David t'ap mache al kontre ak sòlda Filisti a, li mande Abnè, kòmandan lame li a: -Abnè, pitit ki moun jenn gason sa a ye? Abnè reponn li: -Monwa, mwen fè sèman, menm jan ou vivan an, mwen pa konnen l'.
When Saul saw David go out against the Philistine, he said to Abner, the captain of the army, “Abner, whose son is this youth?” Abner said, “As you live, king, I do not know.”
56 Wa a di li: -Al chache konnen pitit ki moun li ye.
The king said, “Ask those who might know, whose son the boy is.”
57 Apre David fin touye sòlda Filisti a, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Abnè pran l', li mennen l' devan Sayil. David te kenbe tèt sòlda Filisti a nan men l' toujou.
When David returned from killing the Philistine, Abner took him, and brought him before Saul with the head of the Philistine in his hand.
58 Sayil mande l': -Ti gason, pitit ki moun ou ye hen! David reponn: -Mwen se pitit moun pa ou la, Izayi, moun lavil Betleyèm.
Saul said to him, “Whose son are you, young man?” David answered, “I am the son of your servant Jesse the Bethlehemite.”

< 1 Samyèl 17 >