< 1 Wa 10 >

1 Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil.
When the queen of Sheba heard of the fame of Solomon concerning the name of the LORD, she came to prove him with hard questions.
2 Se konsa, li rive lavil Jerizalèm avèk yon pakèt moun ak anpil chamo chaje fèy santi bon, bèl pyè koute chè ak kantite lò. Lè li rive devan Salomon, li mande l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'.
She came to Jerusalem with a very great train, with camels that bore spices, and very much gold, and precious stones; and when she had come to Solomon, she talked with him of all that was in her heart.
3 Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twò difisil ni pou li reponn ni pou li esplike.
Solomon told her all her questions: there was not anything hidden from the king which he did not tell her.
4 Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a.
When the queen of Sheba had seen all the wisdom of Solomon, and the house that he had built,
5 Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi.
and the food of his table, and the sitting of his servants, and the attendance of his ministers, and their clothing, and his cup bearers, and his burnt offerings which he presented at the house of the LORD; it left her breathless.
6 Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!
She said to the king, "It was a true report that I heard in my own land of your acts, and of your wisdom.
7 Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di m' lan.
However I did not believe the words, until I came, and my eyes had seen it. Look, the half was not told me. Your wisdom and prosperity exceed the fame which I heard.
8 Ala bèl chans madanm ou yo genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap soti nan bouch ou!
Happy are your wives, happy are these your servants, who stand continually before you, who hear your wisdom.
9 Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri.
Blessed is the LORD your God, who delighted in you, to set you on the throne of Israel. Because of the LORD's everlasting love for Israel, therefore he made you king, to do justice and righteousness."
10 Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a.
She gave the king one hundred twenty talents of gold, and of spices very great store, and precious stones. There came no more such abundance of spices as these which the queen of Sheba gave to king Solomon.
11 Batiman Iram yo ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote soti nan menm peyi sa a yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè.
The navy also of Hiram, that brought gold from Ophir, brought in from Ophir great plenty of almug trees and precious stones.
12 Salomon sèvi ak bwa koray la pou fè balistrad nan tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Se te pi bon kalite bwa koray yo te janm fè antre nan peyi Izrayèl. Depi lè sa a yo pa janm wè sa ankò.
The king made of the almug trees pillars for the house of the LORD, and for the king's house, harps also and stringed instruments for the singers: there came no such almug trees, nor were seen, to this day.
13 Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte lòt kado li menm, wa Salomon, li te vle ba li. Apre sa, larenn lan tounen nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo.
King Solomon gave to the queen of Sheba all her desire, whatever she asked, besides that which Solomon gave her of his royal bounty. So she turned, and went to her own land, she and her servants.
14 Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,
Now the weight of gold that came to Solomon in one year was six hundred sixty-six talents of gold,
15 san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè komès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo.
besides that which the traders brought, and the traffic of the merchants, and of all the kings of Arabia, and of the governors of the country.
16 Salomon te fè fè desan (200) gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kenz liv.
King Solomon made two hundred large shields of beaten gold; six hundred shekels of gold went to each shield.
17 Li fè fè tou twasan ti plak pwotèj an fè, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kat liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan Salon Rakbwa peyi Liban an.
He made three hundred shields of beaten gold; three minas of gold went to one shield: and the king put them in the house of the forest of Lebanon.
18 Li fè fè yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen.
Moreover the king made a great throne of ivory, and overlaid it with the finest gold.
19 Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Dèyè fotèy la te gen pòtre yon gwo tèt towo. Sou kote manch yo sou chak bò, te gen pòtre yon lyon.
There were six steps to the throne, and the top of the throne was round behind; and there were stays on either side by the place of the seat, and two lions standing beside the stays.
20 Te gen douz lyon sou macheskalye yo, de sou chak mach, nan de pwent yo. Pa t' gen ankenn lòt peyi ki te gen fotèy pou w'a parèy ak fotèy sa a.
Twelve lions stood there on the one side and on the other on the six steps: there was nothing like it made in any kingdom.
21 Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen.
And all king Solomon's drinking vessels were of gold, and washing vessels were of gold, and all the vessels of the house of the forest of Lebanon were of pure gold. None were of silver; it was not considered anything in the days of Solomon.
22 Li te gen kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.
For the king had at sea a navy of Tarshish with the navy of Hiram: once every three years came the navy of Tarshish, bringing gold, and silver, ivory, and apes, and peacocks.
23 Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout.
So king Solomon exceeded all the kings of the earth in riches and in wisdom.
24 Tout moun toupatou te vle vin wè l' pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li.
All the earth sought the presence of Solomon, to hear his wisdom, which God had put in his heart.
25 Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa.
They brought every man his tribute, vessels of silver, and vessels of gold, and clothing, and armor, and spices, horses, and mules, a rate year by year.
26 Salomon te sanble mil katsan (1.400) cha lagè ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l' lavil Jerizalèm.
Solomon gathered together chariots and horsemen: and he had a thousand and four hundred chariots, and twelve thousand horsemen, that he bestowed in the chariot cities, and with the king at Jerusalem.
27 Pandan tout rèy wa a, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo.
The king made silver to be in Jerusalem as stones, and cedars made he to be as the sycamore trees that are in the lowland, for abundance.
28 Chwal Salomon yo te soti nan peyi Lejip ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo pou li la.
The horses which Solomon had were brought out of Egypt and Kue; and the king's merchants received them from Kue at a price.
29 Chak cha lagè achte nan peyi Lejip te koute sisan (600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte chwal pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.
And came up and went out of Egypt a chariot for six hundred pieces of silver, and a horse for one hundred fifty; and so for all the kings of the Hittites, and for the kings of Aram, they brought them out by their means.

< 1 Wa 10 >