< 1 Korint 2 >

1 Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.
I ja, bracia, gdy do was przyszedłem, nie przybyłem z wzniosłością mowy lub mądrości, głosząc wam świadectwo Boga.
2 Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a.
Postanowiłem bowiem nie znać wśród was niczego innego, jak tylko Jezusa Chrystusa, i to ukrzyżowanego.
3 Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè.
I byłem u was w słabości, w bojaźni i z wielkim drżeniem.
4 Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.
A moja mowa i moje głoszenie nie [opierały się] na powabnych słowach ludzkiej mądrości, ale na ukazywaniu Ducha i mocy;
5 Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.
Aby wasza wiara nie opierała się na mądrości ludzkiej, ale na mocy Boga.
6 Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt. (aiōn g165)
Głosimy jednak mądrość wśród doskonałych, ale nie mądrość tego świata ani władców tego świata, którzy przemijają; (aiōn g165)
7 Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou. (aiōn g165)
Lecz głosimy mądrość Boga w tajemnicy, zakrytą [mądrość], którą przed wiekami Bóg przeznaczył ku naszej chwale; (aiōn g165)
8 Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a. (aiōn g165)
Której nie poznał żaden z władców tego świata. Gdyby [ją] bowiem poznali, nigdy nie ukrzyżowaliby Pana chwały; (aiōn g165)
9 Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.
Ale [głosimy], jak jest napisane: Czego oko nie widziało ani ucho nie słyszało, ani nie wstąpiło do serca człowieka, to przygotował Bóg tym, którzy go miłują.
10 Bondye voye Sentespri l' ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon kè Bondye.
Nam zaś Bóg objawił to przez swojego Ducha. Duch bowiem bada wszystko, nawet głębokości Boga.
11 Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye.
Bo kto z ludzi wie, co jest w człowieku oprócz ducha ludzkiego, który w nim [jest]? Tak samo i tego, co jest w Bogu, nikt nie zna, oprócz Ducha Bożego.
12 Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n' te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.
My zaś nie przyjęliśmy ducha świata, lecz Ducha, który [jest] z Boga, żebyśmy wiedzieli, które rzeczy są nam od Boga darowane.
13 Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.
A o tym też mówimy nie słowami, których naucza ludzka mądrość, lecz których naucza Duch Święty, stosując do duchowych spraw to, co duchowe.
14 Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo.
Lecz cielesny człowiek nie pojmuje tych [rzeczy], które są Ducha Bożego. Są bowiem dla niego głupstwem i nie może ich poznać, ponieważ rozsądza się je duchowo.
15 Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l', li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li.
[Człowiek] duchowy zaś rozsądza wszystko, lecz sam przez nikogo nie jest sądzony.
16 Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l' sa pou l' fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.
Kto bowiem poznał umysł Pana? Kto go będzie pouczał? Ale my mamy umysł Chrystusa.

< 1 Korint 2 >