< 1 Istwa 25 >

1 Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:
David and the leaders of the army selected some of the sons of Asaph, Heman, and Jeduthun to prophesy with harps, with stringed instruments, and with cymbals. Here is the list of the men who performed this service:
2 Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'.
From the sons of Asaph: Zaccur, Joseph, Nethaniah, and Asharelah, the sons of Asaph, under the direction of Asaph, who prophesied under the king's supervision.
3 Jedoutoun te gen sis pitit: Gedalya, Zeri, Izayi, Chimèy, Asabya ak Matatya. Yo te sou zòd Jedoutoun, papa yo. Se yo ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo antan y'ap jwe gita, pou fè lwanj Bondye, pou di l' mèsi.
From the sons of Jeduthun: Gedaliah, Zeri, Jeshaiah, Shimei, Hashabiah, and Mattithiah, six in all, under the direction of their father Jeduthun, who played the harp for giving thanks and praising Yahweh.
4 Eyman te gen katòz pitit: Boukija, Matanya, Ouzyèl, Sebwèl, Jerimòt, Ananya, Anani, Elyata, Gidalti, Womanti-Ezè, Josbekacha, Maloti, Oti ak Maziòt.
From the sons of Heman: Bukkiah, Mattaniah, Uzziel, Shubael, and Jerimoth, Hananiah, Hanani, Eliathah, Giddalti, Romamti-Ezer, Joshbekashah, Mallothi, Hothir, and Mahazioth.
5 Bondye te bay Eyman, pwofèt wa a, katòz pitit gason sa yo ak twa pitit fi, dapre pwomès li te fè l' pou l' te ba li anpil pouvwa. Lè yo t'ap fè konnen mesaj Bondye yo, se yo ki te pou kònen twonpèt yo.
All these were the sons of Heman the king's prophet. God gave Heman fourteen sons and three daughters to lift up his horn.
6 Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a.
All these were under the direction of their fathers. They were musicians in Yahweh's house, with cymbals and stringed instruments as they served in God's house. Asaph, Jeduthun, and Heman were under the king's supervision.
7 Sa te fè antou desankatrevenwit (288) mizisyen ki te fò nan fè mizik, ansanm ak tout lòt moun Levi parèy yo ki te aprann chante pou Seyè a.
They and their brothers who were skilled and trained to make music to Yahweh numbered 288.
8 Yo fè tout moun piye, gran kou piti, ni sa ki te fò nan fè mizik, ni sa ki te fèk konmanse aprann, pou yo te ka konnen lè pou yo fè travay yo nan sèvis la.
They cast lots for their duties, all alike, the same for the young as well as the old, the teacher as well as the student.
9 Desankatrevenwit (288) mesye sa yo te separe chak fanmi apa. Sa te fè vennkat gwoup. Chak gwoup te gen douz moun. Nan chak gwoup te gen yon chèf ak pitit gason l' yo ansanm ak frè l' yo. Men nan ki lòd yo te soti apre yo fin piye a. Premye a te Jozèf nan fanmi Asaf la, dezyèm lan Gedalya,
Now regarding Asaph's sons: The first lot fell to Joseph's family; the second fell to Gedaliah's family, twelve persons in number;
10 twazyèm lan Zakou,
the third fell to Zaccur, his sons and his relatives, twelve persons in number;
11 katriyèm lan Jisri,
the fourth fell to Izri, his sons and his relatives, twelve persons in number;
12 senkyèm lan Netanya,
the fifth fell to Nethaniah, his sons and his relatives, twelve persons in number;
13 sizyèm lan Boukya,
the sixth fell to Bukkiah, his sons and his relatives, twelve persons in number;
14 setyèm lan Acharela,
the seventh fell to Jesarelah, his sons and his relatives, twelve persons in number;
15 wityèm lan Izayi,
the eighth fell to Jeshaiah, his sons and his relatives, twelve persons in number;
16 nevyèm lan Matanya,
the ninth fell to Mattaniah, his sons and his relatives, twelve persons in number;
17 dizyèm lan Chimeyi,
the tenth fell to Shimei, his sons and his relatives, twelve persons in number;
18 onzyèm lan Azareyèl,
the eleventh fell to Azarel, his sons and his relatives, twelve persons in number;
19 douzyèm lan Achabya,
the twelfth fell to Hashabiah, his sons and his relatives, twelve persons in number;
20 trèzyèm lan Choubayèl,
the thirteenth fell to Shubael, his sons and his relatives, twelve persons in number;
21 katòzyèm lan Matatya,
the fourteenth fell to Mattithiah, his sons and his relatives, twelve persons in number;
22 kenzyèm lan Jerimòt,
the fifteenth fell to Jerimoth, his sons and his relatives, twelve persons in number;
23 sèzyèm lan Ananya,
the sixteenth fell to Hananiah, his sons and his relatives, twelve persons in number;
24 disetyèm lan Josbekacha,
the seventeenth fell to Joshbekashah, his sons and his relatives, twelve persons in number;
25 dizwityèm lan Anani,
the eighteenth fell to Hanani, his sons and his relatives, twelve persons in number;
26 diznevyèm lan Maloti,
the nineteenth fell to Mallothi, his sons and his relatives, twelve persons in number;
27 ventyèm lan Elyata,
the twentieth fell to Eliathah, his sons and his relatives, twelve persons in number;
28 venteyenyèm lan Oti,
the twenty-first fell to Hothir, his sons and his relatives, twelve persons in number;
29 venndezyèm lan Gidalti,
the twenty-second fell to Giddalti, his sons and his relatives, twelve persons in number;
30 venntwazyèm lan Maziòt,
the twenty-third fell to Mahazioth, his sons and his relatives, twelve persons in number;
31 vennkatryèm lan Womanti-Ezè.
the twenty-fourth fell to Romamti-Ezer, his sons and his relatives, twelve persons in number.

< 1 Istwa 25 >