< 1 Istwa 23 >

1 David te fin vye granmoun, li te fin viv kont li, lè li mete Salomon, pitit li a, wa sou pèp Izrayèl la.
Now David was old and full of days; and he made Solomon his son king over Israel.
2 Li reyini tout chèf pèp Izrayèl yo, tout prèt yo ak tout moun Levi yo.
And he gathered together all the princes of Israel, with the priests and the Levites.
3 Li fè konte tout moun Levi yo, depi sa ki gen trantan pou pi piti rive sou sa ki pi gran yo. Antou yo jwenn trantwimil (38.000) gason.
And the Levites were numbered from thirty years old and upward: and their number by their polls, man by man, was thirty and eight thousand.
4 David mete vennkatmil (24.000) pou dirije travay tanp lan, simil (6000) pou ekri tou sa k'ap pase ak pou rann jistis,
Of these, twenty and four thousand were to oversee the work of the house of Jehovah; and six thousand were officers and judges;
5 katmil (4000) pou fè pòs nan pòtay la ak katmil (4000) pou fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik David te fè fè pou sa.
and four thousand were doorkeepers; and four thousand praised Jehovah with the instruments which I made, [said David], to praise therewith.
6 David separe moun Levi yo fè twa gwoup dapre branch fanmi pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari.
And David divided them into courses according to the sons of Levi: Gershon, Kohath, and Merari.
7 Gèchon te gen de pitit gason: Layedan ak Chimèyi.
Of the Gershonites: Ladan and Shimei.
8 Layedan te fè twa pitit gason: Yekiyèl, pi gran an, Zetam ak Joèl.
The sons of Ladan: Jehiel the chief, and Zetham, and Joel, three.
9 Chimeyi te fè twa pitit gason tou: Chelomit, Aziyèl ak Aran. Se yo ki te chèf fanmi moun Layedan yo.
The sons of Shimei: Shelomoth, and Haziel, and Haran, three. These were the heads of the fathers’ [houses] of Ladan.
10 Chimeyi te gen kat lòt pitit gason: Jaka, Ziza, Jeouch ak Berya.
And the sons of Shimei: Jahath, Zina, and Jeush, and Beriah. These four were the sons of Shimei.
11 Se Jaka ki te pi gran, Ziza te dezyèm pitit la. Jeouch ak Berya pa t' gen anpil pitit. Se konsa yo mete yo ansanm, yo pase pou yon sèl branch fanmi.
And Jahath was the chief, and Zizah the second: but Jeush and Beriah had not many sons; therefore they became a fathers’ house in one reckoning.
12 Keyat te gen kat pitit: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.
The sons of Kohath: Amram, Izhar, Hebron, and Uzziel, four.
13 Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyès ki apa nèt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyè a, pou yo sèvi l', pou yo beni pèp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan.
The sons of Amram: Aaron and Moses; and Aaron was separated, that he should sanctify the most holy things, he and his sons, for ever, to burn incense before Jehovah, to minister unto him, and to bless in his name, for ever.
14 Moyiz te moun Bondye a menm. Pitit li yo te fè pati branch fanmi Levi a tou.
But as for Moses the man of God, his sons were named among the tribe of Levi.
15 Moyiz te gen de pitit gason: Gèchòm ak Elyezè.
The sons of Moses: Gershom and Eliezer.
16 Premye pitit Gèchòm lan te rele Chebwèl.
The sons of Gershom: Shebuel the chief.
17 Elyezè li menm te gen Rekabya pou premye pitit. Li pa t' fè lòt pitit gason ankò. Men Rekabya te fè anpil pitit.
And the sons of Eliezer were: Rehabiah the chief; and Eliezer had no other sons; but the sons of Rehabiah were very many.
18 Premye pitit Jizeya a te rele Chelomit.
The sons of Izhar: Shelomith the chief.
19 Men pitit Ebwon yo: Premye a te rele Jerija, dezyèm lan Amarya, twazyèm lan Jakazyèl, katriyèm lan Jekameam.
The sons of Hebron: Jeriah the chief, Amariah the second, Jahaziel the third, and Jekameam the fourth.
20 Men pitit Ouzyèl yo: Miche, premye a ak Jikija, dezyèm lan.
The sons of Uzziel: Micah the chief, and Isshiah the second.
21 Merari te gen de pitit gason: Makli ak Mouchi. Makli te gen de pitit gason: Eleaza ak Kich.
The sons of Merari: Mahli and Mushi. The sons of Mahli: Eleazar and Kish.
22 Eleaza mouri san kite pitit gason. Pitit fi ase li te genyen. Yo marye ak kouzen yo, pitit gason Kich yo.
And Eleazar died, and had no sons, but daughters only: and their brethren the sons of Kish took them [to wife].
23 Mouchi te gen twa pitit gason: Makli, Edè ak Jerimòt.
The sons of Mushi: Mahli, and Eder, and Jeremoth, three.
24 Se tout moun nan ras Levi yo sa, dapre fanmi yo, ki te gen non yo kouche nan rejis tankou chèf fanmi. Yo chak te gen travay pa yo nan sèvis kay Seyè a, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.
These were the sons of Levi after their fathers’ houses, even the heads of the fathers’ [houses] of those of them that were counted, in the number of names by their polls, who did the work for the service of the house of Jehovah, from twenty years old and upward.
25 David te di: -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te fè pèp li a viv ak kè poze. Li menm, Seyè a, l'ap toujou rete lavil Jerizalèm.
For David said, Jehovah, the God of Israel, hath given rest unto his people; and he dwelleth in Jerusalem for ever:
26 Konsa, moun Levi yo p'ap nan pote Tant Randevou Seyè a ankò ansanm ak tout bagay yo bezwen pou fè sèvis pou li ankò.
and also the Levites shall no more have need to carry the tabernacle and all the vessels of it for the service thereof.
27 Se konsa, dapre dènye pawòl sa yo David te di lè sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.
For by the last words of David the sons of Levi were numbered, from twenty years old and upward.
28 Travay yo se ede prèt yo, pitit Arawon yo, nan sèvis y'ap fè nan Tanp Seyè a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyès nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lòt sèvis nan Tanp lan.
For their office was to wait on the sons of Aaron for the service of the house of Jehovah, in the courts, and in the chambers, and in the purifying of all holy things, even the work of the service of the house of God;
29 Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sèvi pou fè ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan.
for the showbread also, and for the fine flour for a meal-offering, whether of unleavened wafers, or of that which is baked in the pan, or of that which is soaked, and for all manner of measure and size;
30 Lèfini, se pou yo la nan Tanp lan chak jou, nan maten ak nan aswè, pou di Bondye mèsi, pou fè lwanj pou li.
and to stand every morning to thank and praise Jehovah, and likewise at even;
31 Se pou yo la tou lè y'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a jou repo yo, premye jou chak mwa yo, ak pou lòt jou fèt yo. Te gen regleman ki te bay travay moun Levi yo gen pou fè ak kantite moun ki pou fè chak travay. Se te reskonsablite yo pou yo te toujou ap sèvi Seyè a.
and to offer all burnt-offerings unto Jehovah, on the sabbaths, on the new moons, and on the set feasts, in number according to the ordinance concerning them, continually before Jehovah;
32 Se yo menm tou ki te reskonsab okipe Tant Randevou a, ak kote yo mete apa pou Seyè a, ak prèt yo, fanmi yo ki soti nan branch fanmi Arawon an, lè y'ap sèvi nan Tanp lan.
and that they should keep the charge of the tent of meeting, and the charge of the holy place, and the charge of the sons of Aaron their brethren, for the service of the house of Jehovah.

< 1 Istwa 23 >