< 1 Istwa 14 >

1 Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li.
Alò Hiram, wa Tyr a, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd yo, mason ak chapant pou bati yon kay pou li.
2 Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la, epi ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li, akòz pèp Bondye a, pèp Izrayèl la.
Epi David te vin rekonèt ke SENYÈ a te etabli li kon wa sou Israël, epi ke wayòm li te a egzalte byen wo pou koz pèp li a, Israël.
3 Lè David te lavil Jerizalèm, li pran lòt madanm ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi.
David te pran plis madanm Jérusalem, e David te vin papa a plis fis ak fi.
4 Men non pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm: Chamwa, Choba, Natan, Salomon,
Sila yo se non a pitit ki ne a li menm Jérusalem yo: Schammau, Schobab, Nathan, Salomon,
5 Jibka, Elichwa, Elpelèt,
Jibhar, Élischua, Elphéleth,
6 Noga, Nefèg, Jafya,
Noga, Népheg, Japhia,
7 Elichama, Baalyada ak Elifelèt.
Élischama, Beéliada ak Éliphéleth.
8 Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pou tout pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David li menm pran nouvèl la, li soti al kontre yo.
Lè Filisten yo te tande ke David te onksyone wa sou tout Israël, tout Filisten yo te monte pou rankontre David. Lè David te tande sa li te sòti kont yo.
9 Moun Filisti yo rive, yo anvayi tout fon Refayim lan.
Alò, Filisten yo te vini e te fè yon atak nan vale Rephaïm nan.
10 David pale ak Bondye, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou.
David te mande Bondye, epi te di: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men m?” SENYÈ a te di li: “Monte, paske Mwen va livre yo nan men ou.”
11 David moute Baal Perazim, li kraze moun Filisti yo. Le sa a, David di: -Tankou yon lavalas, Bondye sèvi avè m' pou l' louvri yon pasaj nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim.
Konsa, yo te rive monte Baal-Peratsim, e David te bat yo la. David te di: “Bondye te kraze lènmi mwen yo pa men mwen kon dlo k ap pete.” Pou sa, yo te rele plas sa a Baal-Peratsim.
12 Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè. David bay lòd pou yo boule yo nan dife.
Yo te abandone dye pa yo la. David te bay lòd pou yo te brile yo avèk dife.
13 Apre sa, moun Filisti yo tounen nan fon an ankò pou fè piyay.
Filisten yo te fè yon lòt atak nan vale a.
14 David mande Bondye sa pou li fè. Bondye di li: -Pa atake yo pa devan bò isit la. Fè yon detou, pase pa dèyè yo. W'a atake yo bò pye gayak yo.
David te mande a Bondye ankò e Bondye te di li: “Ou pa pou monte kont yo. Ansèkle yo pa dèyè e vini sou yo devan pye balzam yo.
15 Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di se mwen menm Bondye k'ap pran devan ou pou bat lame moun Filisti yo.
Li va vin rive ke lè ou tande son mache a nan tèt pye balzam yo, alò, ou va sòti nan batay la; paske Bondye va gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten yo.”
16 David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Yo bat lame moun Filisti yo, yo kouri dèyè yo depi lavil Geba rive lavil Gezè.
David te fè menm sa ke Bondye te kòmande li. Yo te frape desann lame Filisten yo soti Gabaon jis rive menm nan Guézer.
17 Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li.
Rekonesans a David te sòti rive nan tout peyi yo, epi SENYÈ a te mennen lakrent li sou tout nasyon yo.

< 1 Istwa 14 >