< Jesaja 32 >

1 In Zukunft wird ein König gerecht herrschen, und die Obersten dem Rechte gemäß walten.
Gade byen, yon wa va renye ak ladwati e prens yo va renye ak jistis.
2 Jeder wird einem Obdach vor dem Winde gleichen und einem Schutz vor Unwetter, den Wasserbächen in der Dürre, dem Schatten eines mächtigen Felsens in lechzendem Lande.
Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.
3 Die Augen der Sehenden werden nicht mehr geblendet sein, und die Ohren der Hörenden werden aufmerken.
Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle; zòrèy a sila ki tande yo, va koute.
4 Der Verstand der Voreiligen wird lernen, zu urteilen, und die Zunge der Stotternden wird geläufig Deutliches reden.
Kè a sila ki aji san reflechi a va konprann verite, e lang lan a sila ki bege a va pale klè.
5 Einen Frevler wird man nicht mehr edel nennen, noch einen Schurken vornehm heißen.
Li p ap rive ankò ke yo rele moun fou, prens; ni rele vakabon, moun bon kè.
6 Denn ein Frevler redet Frevel, und sein Sinn bereitet Unheil, indem er Ruchlosigkeit verübt und Irrsal wider Jahwe redet, indem er den Hungrigen darben läßt und den Durstigen Mangel leiden läßt an Getränk.
Paske moun fou a pale foli, e kè li apiye vè mechanste: pou fè sa ki kont Bondye e pale mal kont SENYÈ a, pou kenbe moun grangou a san satisfè, e pou anpeche moun swaf la bwè.
7 Und des Schurken Waffen sind böse; solch' einer sinnt auf Ränke, daß er die Elenden durch trügerische Reden verderbe, selbst wenn der Arme sein Recht beweist.
Pou vakabon an, zam li se mechanste. Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang, malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.
8 Aber der Edle sinnt auf Edles, und solch' einer beharrt auf Edlem.
Men sila ki prens toujou fòme plan ki bèl; epi pa bèl plan an, ap kanpe.
9 Ihr sicheren Weiber! Auf, hört meine Stimme! Ihr sorglosen Frauen! Horcht auf meine Rede!
Leve ou menm, O fanm ki alèz e tande vwa mwen! Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo.
10 Über Jahr und Tag werdet ihr unruhig werden, ihr Sorglosen! Denn ein Ende hat's mit der Weinlese, eine Obsternte kommt nicht mehr!
Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble, O fi ki san pridans yo; paske, afè fwi diven an va fini, ni rekòlt la p ap rive.
11 Ängstigt euch, ihr Sicheren! Beunruhigt euch, ihr Sorglosen! Legt ab und entkleidet euch, umgürtet die Lenden mit dem Trauergewand!
Tranble, fanm alèz yo; twouble, nou menm ki san pridans! Retire rad nou, dezabiye nou e mete twal sak nan senti nou.
12 Auf die Brüste schlägt man sich in der Klage um die köstlichen Felder, um die fruchtbaren Weinstöcke,
Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo, pou chan ki plen ak fwi rezen yo.
13 um den Acker meines Volks, der in Dornen und Gestrüpp aufschießt, ja um alle lustigen Häuser, um die fröhliche Stadt.
Anplispou peyi a pèp mwen an, kote pikan ak raje va pouse monte; wi pou tout kay plen ak jwa yo ak gran vil kè kontan yo.
14 Denn die Paläste sind verlassen, der Lärm der Stadt ist verödet. Ophel und Warte dienen für immer als Höhlen: eine Lust für Wildesel, ein Weideplatz für Herden -
Paske palè a vin vid, e gran vil plen moun yo vin abandone. Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan, yon plezi pou bourik mawon, yon patiraj pou bann mouton yo;
15 bis ein Geist aus der Höhe auf uns ausgegossen wird, daß die Steppe zum Fruchtgarten werde, und der Fruchtgarten für Wald gelte,
jiskaske Lespri a vide sou nou soti anwo, epi savann nan vin fè yon chan fètil, e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.
16 daß in der Steppe das Recht hause und die Gerechtigkeit sich im Fruchtgarten niederlasse.
Nan lè sa a lajistis va demere nan dezè a e ladwati nan chan fètil la.
17 Und die Wirkung der Gerechtigkeit wird Friede sein, und der Ertrag der Gerechtigkeit Ruhe und Sicherheit für immer.
Epi zèv ladwati a va lapè, e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans k ap dire jis pou tout tan.
18 Mein Volk wird sich niederlassen in einer Wohnung des Friedens, in Behausungen der Zuversicht und an sicheren Ruheplätzen.
Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè, ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.
19 Doch hageln wird es, wenn der Wald niedergeht, und die Stadt in Niedrigkeit niedersinkt.
Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e gran vil la va vin devaste nèt.
20 Heil euch, die ihr allenthalben an den Gewässern säet und den Fuß der Rinder und Esel frei schweifen laßt!
A la beni nou va beni, nou menm ki simen akote tout dlo yo, ki lage pye bèf ak bourik la.

< Jesaja 32 >