< 1 Chroniques 8 >

1 Benjamin engendra Béla, son premier-né, Ashbel le second, Achrach le troisième,
Benjamen te gen senk pitit gason. Pi gran an te rele Bela, dezyèm lan Achbèl, twazyèm lan Akra,
2 Nocha le quatrième, et Rapha le cinquième.
katriyèm lan Nora, senkyèm lan Rafa.
3 Les fils de Béla furent: Addar, Guéra, Abihud,
Men non pitit Bela yo: Ada, Gera, Abiyoud,
4 Abishua, Naaman, Achoach,
Abichwa, Naaman, Akora,
5 Guéra, Shéphuphan et Huram.
Gera, Chefoufan ak Ouram.
6 Voici les enfants d'Échud; ils étaient chefs des maisons des pères des habitants de Guéba, et ils les transportèrent à Manachath:
Men non pitit Eyoud yo: Naaman, Ajija ak Gera. Yo te chèf branch fanmi ki t'ap viv nan zòn Geba a. Apre sa, yo mete yo deyò, y' al rete Manarat.
7 Naaman, Achija et Guéra; c'est lui qui les transporta. Il engendra Uzza et Achichud.
Se Gera, papa Ouza ak Akiyoud, ki te mennen yo al rete Manarat la.
8 Shacharaïm eut des enfants au pays de Moab, après qu'il eut renvoyé Hushim et Baara, ses femmes.
Charayim divòse ak de madanm li yo: Ouchim ak Bara. Apre sa, li al rete nan peyi Moab,
9 Il engendra de Hodèsh, sa femme, Jobab, Tsibia, Mésha, Malcam,
li marye ak Odèch ki ba li sèt pitit gason: Jobab, Zibya, Mecha, Malkam,
10 Jéuts, Shocja et Mirma. Ce sont là ses fils, chefs des pères.
Jeou, Sakya, Mima. Tout pitit gason l' yo te chèf fanmi.
11 De Hushim il engendra Abitub, et Elpaal.
Li te gen de lòt pitit gason Ouchim te fè pou li: Abitoub ak Elpal.
12 Les fils d'Elpaal: Éber, Misheam, et Shémer, qui bâtit Ono, Lod et les villes de son ressort.
Elpal te gen twa pitit gason: Ebè, Micham ak Chèmèd. Se Chèmèd sa a ki te bati lavil Ono ak lavil Lòd ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont li yo.
13 Béria et Shéma, qui étaient chefs des pères des habitants d'Ajalon, mirent en fuite les habitants de Gath.
Berya ak Chema te chèf fanmi moun ki te rete lavil Ajalon. Se yo ki te mete ansyen moun ki te rete lavil Gat yo deyò.
14 Achio, Shashak, Jérémoth,
Men pitit Berya yo: Akio, Chachak, Jeremòt,
15 Zébadia, Arad, Éder,
Zebadya, Arad, Edè,
16 Micaël, Jishpha et Jocha, étaient fils de Béria.
Michayèl, Ichpa ak Joa.
17 Zébadia, Meshullam, Hizki, Héber,
Men non pitit Elpal yo: Zebadya, Mechoulam, Izki, Ebè,
18 Jishméraï, Jizlia, et Jobab, étaient fils d'Elpaal.
Ichmerayi, Izlija ak Jobab.
19 Jakim, Zicri, Zabdi,
Men pitit Chimèyi yo: Jakim, Zikri, Zabdi,
20 Éliénaï, Tsilethaï, Éliel,
Elyenayi, Ziltayi, Eliyèl,
21 Adaja, Béraja, et Shimrath, étaient fils de Shimeï.
Adaja, Beraja ak Chimrat.
22 Jishpan, Éber, Éliel,
Men pitit Chachak yo: Ichpan, Ebè, Eliyèl,
23 Abdon, Zicri, Hanan,
Abdon, Zikri, Anan,
24 Hanania, Élam, Anthothija,
Ananya, Elam, Antotija,
25 Jiphdéja et Pénuel, étaient fils de Shashak.
Ifdeja ak Penwèl.
26 Shamshéraï, Shécharia, Athalia,
Men pitit Jeworam yo: Chamcherayi, Chearya, Atalya,
27 Jaareshia, Élija et Zicri, étaient fils de Jérocham.
Jarechya, Elija ak Zikri.
28 Ce sont là les chefs des maisons des pères, chefs selon leur naissance. Ils habitaient à Jérusalem.
Chak mesye sa yo te chèf fanmi yo. Yo te rete lavil Jerizalèm.
29 Le père de Gabaon habitait à Gabaon; sa femme s'appelait Maaca.
Jeyèl te bati lavil Gabawon kote li te rete. Madanm li te rele Maaka.
30 Son fils, le premier-né, fut Abdon; puis Tsur, Kis, Baal, Nadab,
Premye pitit gason l' lan te rele Abdon. Lòt pitit li yo te rele Zou, Kich, Nè, Nadab,
31 Guédor, Achio et Zéker.
Gedò, Akio, Zekè
32 Mikloth engendra Shiméa. Ils habitèrent aussi près de leurs frères à Jérusalem, avec leurs frères.
ak Miklòt ki te papa Chimea. Pitit moun sa yo te rete lavil Jerizalèm bò kote moun ki te menm branch fanmi ak yo.
33 Ner engendra Kis; Kis engendra Saül; Saül engendra Jonathan, Malkishua, Abinadab et Eshbaal.
Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.
34 Fils de Jonathan: Mérib-Baal. Mérib-Baal engendra Mica.
Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika.
35 Fils de Mica: Pithon, Mélec, Thaeréa et Achaz.
Mika te gen kat pitit gason: Piton, Melèk, Tarea ak Akaz.
36 Achaz engendra Jéhoadda; Jéhoadda engendra Alémeth, Azmaveth et Zimri; Zimri engendra Motsa;
Akaz te papa Jeojada ki te gen twa pitit gason: Alemèt, Azmavèt ak Zimri. Zimri te papa Moza.
37 Motsa engendra Binea, qui eut pour fils Rapha, qui eut pour fils Éleasa, qui eut pour fils Atsel.
Moza te papa Binea ki te papa Rafad. Rafad te papa Eleaza ki te papa Azèl.
38 Atsel eut six fils, dont voici les noms: Azrikam, Bocru, Ismaël, Shéaria, Obadia et Hanan. Tous ceux-là étaient fils d'Atsel.
Azèl te gen sis pitit gason. Se te Azrikam, Bokwou, Ichmayèl, Chearya, Obadya ak Anan.
39 Fils d'Eshek, son frère: Ulam, son premier-né, Jéush le second, et Éliphélet le troisième.
Echèk, frè Azèl la, te gen twa pitit gason: Oulam, Jeouch ak Elifelèt.
40 Les fils d'Ulam furent de vaillants guerriers, tirant de l'arc; et ils eurent beaucoup de fils et de petits-fils, cent cinquante. Tous ceux-là sont des enfants de Benjamin.
Pitit gason Oulam yo te vanyan sòlda ki te gen anpil ladrès nan sèvi ak banza. Yo te gen sansenkant (150) pitit ak pitit pitit antou. Tout moun sa yo te fè pati branch fanmi Benjamen an.

< 1 Chroniques 8 >