< Psaumes 123 >

1 Cantique de Mahaloth. J'élève mes yeux à toi, qui habites dans les cieux.
Yon chan pou monte vè tanp lan. A Ou menm, mwen leve zye mwen, O Ou menm ki chita sou twòn Ou nan syèl la!
2 Voici, comme les yeux des serviteurs [regardent] à la main de leurs maîtres; [et] comme les yeux de la servante [regardent] à la main de sa maîtresse; ainsi nos yeux [regardent] à l'Eternel notre Dieu, jusqu’à ce qu'il ait pitié de nous.
Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo, Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li, Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.
3 Aie pitié de nous, ô Eternel! aie pitié de nous; car nous avons été accablés de mépris.
Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras, paske nou ranpli ak mepriz.
4 Notre âme est accablée des insultes de ceux qui sont à leur aise, [et] du mépris des orgueilleux.
Nanm nou ranpli ak ensilt a (sila) ki alèz yo, avèk mepriz a (sila) ki plen ògèy yo.

< Psaumes 123 >