< 1 Rois 9 >

1 Or après que Salomon eut achevé de bâtir la maison de l'Eternel, et la maison Royale, et tout ce que Salomon avait pris plaisir et souhaité de faire;
Lè wa Salomon fin bati Tanp Seyè a, palè wa a ak tout lòt bagay li te gen lide fè yo,
2 L'Eternel lui apparut pour la seconde fois comme il lui était apparu à Gabaon.
Seyè a te fè Salomon wè l' ankò, menm jan li te fè l' wè l' lavil Gabawon an.
3 Et l'Eternel lui dit: J'ai exaucé ta prière, et la supplication que tu as faite devant moi; j'ai sanctifié cette maison que tu as bâtie pour y mettre mon Nom éternellement, et mes yeux et mon cœur seront toujours là.
Seyè a di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou la. Mwen mete tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m' tout tan. M'ap voye je sou li, m'ap toujou pwoteje l'.
4 Quant à toi, si tu marches devant moi comme David ton père a marché, en intégrité et en droiture de cœur, faisant tout ce que je t'ai commandé, et si tu gardes mes statuts et mes ordonnances;
Si ou mache devan m' tankou David, papa ou, ak tout kè ou jan ou dwe fè l' la, si ou fè tout sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo, m'a fè gouvènman ou lan kanpe fèm nan peyi Izrayèl la pou tout tan,
5 Alors j'affermirai le trône de ton Royaume sur Israël à jamais, selon que j'en ai parlé à David ton père, en disant: Il ne te sera point retranché [de successeur] sur le trône d'Israël.
m'a kenbe pwomès mwen te fè David, papa ou la, lè m' te di l' ap toujou gen yon moun nan fanmi li ki pou gouvènen pèp Izrayèl la.
6 [Mais] si vous et vos fils, vous vous détournez de moi, et que vous ne gardiez pas mes commandements [et] mes statuts, lesquels je vous ai proposés, et que vous vous en alliez et serviez d'autres dieux, et que vous vous prosterniez devant eux;
Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n' al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye,
7 Je retrancherai Israël de dessus la terre que je leur ai donnée, et je rejetterai de devant moi cette maison que j'ai consacrée à mon Nom, et Israël sera en dérision et en moquerie à tous les peuples.
lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.
8 Et quant à cette maison qui aura été haut élevée, quiconque passera auprès d'elle sera étonné, et sifflera; et on dira: Pourquoi l'Eternel a-t-il fait ainsi à ce pays, et à cette maison?
Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.
9 Et on répondra: Parce qu'ils ont abandonné l'Eternel leur Dieu, qui avait tiré leurs pères hors du pays d'Egypte, et qu'ils se sont arrêtés à d'autres dieux, et se sont prosternés devant eux, et les ont servis, à cause de cela l'Eternel a fait venir sur eux tout ce mal.
y'a reponn yo: Se paske yo te vire do bay Seyè a, Bondye yo a, ki te fè zansèt yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri al jwenn lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Seyè a te voye malè sa a sou yo.
10 Or il arriva qu'au bout des vingt ans, pendant lesquels Salomon bâtit les deux maisons, la maison de l'Eternel, et la maison Royale;
Wa Salomon te pran ventan pou l' bati tanp Seyè a ak palè wa a.
11 Hiram Roi de Tyr ayant fait amener à Salomon du bois de cèdre, du bois de sapin, et de l'or, autant qu'il en avait voulu, le Roi Salomon donna à Hiram vingt villes dans le pays de Galilée.
Iram, wa peyi Tir, te ba li tout bwa sèd ak bwa pichpen ansanm ak tout lò li te bezwen pou l' fè travay la. Lè travay la fini, wa Salomon bay Iram ven lavil nan zòn Galile a.
12 Et Hiram sortit de Tyr pour voir les villes que Salomon lui avait données, lesquelles ne lui plurent point.
Iram kite peyi l', Tir, li desann al wè lavil Salomon te ba li yo. Men, li pa t' renmen yo.
13 Et il dit: Quelles villes m'as-tu données, mon frère? et il les appela, pays de Cabul, qui [a été ainsi appelé] jusqu'à ce jour.
Li di Salomon konsa: -Se lavil sa yo ou wè pou ou ban mwen, frè mwen! Yo pa vo anyen. Se poutèt sa, depi lè sa a rive jòdi a, yo rele zòn sa a Nan Kaboul.
14 Hiram avait aussi envoyé au Roi six vingts talents d'or.
Iram te voye senk tòn lò an total bay Salomon.
15 Or le Roi Salomon imposa un tribut, pour bâtir la maison de l'Eternel, et sa maison, et Millo, et la muraille de Jérusalem, et Hatsor, et Méguiddo, et Guézer;
Wa Salomon te fè moun fè kòve pou bati tanp Seyè a ak palè pa l' la, pou mete ranblè plen bò solèy leve lavil la ak pou bati gwo miray lavil la. Li sèvi ak moun kòve yo tou pou l' rebati lavil Azò, lavil Megido ak lavil Gezè.
16 (Car Pharaon Roi d'Egypte était monté, et avait pris Guézer, et l'avait brûlée, et il avait tué les Cananéens qui habitaient en cette ville; mais il la donna pour dot à sa fille, femme de Salomon.)
Lontan anvan sa, farawon an, wa peyi Lejip la, te moute atake lavil Gezè. Li pran l', li touye tout moun Kanaran ki te rete la, lèfini li mete dife ladan l'. Apre sa, li fè pitit fi l' la kado l' lè li te marye ak wa Salomon.
17 Salomon donc bâtit Guézer; et Beth-horon la basse;
Salomon rebati lavil Gezè, li rebati lavil Bètowon ki nan fon an,
18 Et Bahalath, et Tadmor, au désert qui est au pays;
lavil Balat ak lavil Tama nan dezè Jida a.
19 Et toutes les villes de munitions qu'eut Salomon, et les villes où il tenait ses chariots, et les villes où il tenait ses gens de cheval, et ce que Salomon prit plaisir de bâtir à Jérusalem, et au Liban, et dans tout le pays de sa domination.
Li rebati tout lavil kote yo te fè depo pwovizyon Salomon yo, lavil pou chwal li yo ak pou cha lagè li yo, ak tou sa li te vle bati ni lavil Jerizalèm, ni nan peyi Liban, ni nan tout lòt peyi ki te sou lòd li yo.
20 [Et] quant à tous les peuples qui étaient restés des Amorrhéens, des Héthiens, des Phérésiens, des Héviens, et des Jébusiens qui n'étaient point des enfants d'Israël;
Te gen moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
21 [Savoir quant à] leurs enfants, qui étaient demeurés après eux au pays, et que les enfants d'Israël n'avaient pu détruire à la façon de l'interdit, Salomon les rendit tributaires, et les asservit jusqu'à ce jour.
Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye pou Bondye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a.
22 Mais Salomon ne souffrit point qu'aucun des enfants d'Israël fût asservi; mais ils étaient gens de guerre, et ses officiers, et ses principaux chefs, et ses capitaines, et chefs de ses chariots, et ses hommes d'armes.
Salomon pa t' fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo.
23 Il y en avait aussi cinq cent cinquante qui étaient les principaux chefs de ceux qui étaient établis sur l'ouvrage de Salomon, lesquels avaient l'intendance sur le peuple qui faisait l'ouvrage.
Te gen senksansenkant (550) fòmann gouvènè yo te nonmen reskonsab travay li yo. Se yo ki t'ap dirije moun ki t'ap travay yo.
24 r la fille de Pharaon monta de la Cité de David en sa maison, que Salomon lui avait bâtie; [et] alors il bâtit Millo.
Pitit fi farawon an kite Lavil David la, l' al rete nan palè Salomon te bati pou li a. Se apre sa Salomon fè ranbleye pòsyon ki bay sou solèy leve a.
25 Et trois fois par an Salomon offrait des holocaustes et des sacrifices de prospérités sur l'autel qu'il avait bâti à l'Eternel, et faisait des parfums sur celui qui était devant l'Eternel, après qu'il eut achevé la maison.
Twa fwa chak lanne, Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi sou lotèl li te bati pou Seyè a, epi li fè boule lansan sou lotèl ki devan Seyè a. Se konsa, li te fè Tanp lan sèvi pou sa yo te bati l' la.
26 Le Roi Salomon équipa aussi une flotte à Hetsjon-guéber, qui est près d'Eloth, sur le rivage de la mer Rouge, au pays d'Edom.
Wa Salomon te bati yon bann gwo batiman lavil Ezyongebè ki te toupre Elat, bò lanmè Wouj la, nan pòsyon tè ki pou Edon an.
27 Et Hiram envoya de ses serviteurs, gens de mer, et qui entendaient la marine, pour être avec les serviteurs de Salomon dans cette flotte.
wa Iram te voye kèk moun peyi l' ki te bon maren pou sèvi ansanm ak moun Salomon yo sou batiman yo.
28 Et ils allèrent en Ophir, et prirent de là quatre cent vingt talents d'or; lesquels ils apportèrent au Roi Salomon.
Yo vwayaje rive peyi Ofi kote y' al chache sèz tòn lò pote bay Salomon.

< 1 Rois 9 >