< Marc 1 >

1 Commencement de l’évangile de Jésus Christ, Fils de Dieu:
Kòmansman bòn nouvèl Jésus Kris la, Fis Bondye a.
2 comme il est écrit dans Ésaïe le prophète: « Voici, moi j’envoie mon messager devant ta face, lequel préparera ton chemin ».
Jan li ekri nan Ésaïe, pwofèt la, “Gade byen, Mwen voye mesaje Mwen an pa devan nou, ki va prepare chemen nou;
3 « Voix de celui qui crie dans le désert: Préparez le chemin du Seigneur, faites droits ses sentiers ».
Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’”
4 Jean vint, baptisant dans le désert, et prêchant le baptême de repentance en rémission de péchés.
Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.
5 Et tout le pays de Judée et tous ceux de Jérusalem sortaient vers lui; et ils étaient baptisés par lui dans le fleuve du Jourdain, confessant leurs péchés.
Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.
6 Or Jean était vêtu de poil de chameau et d’une ceinture de cuir autour des reins, et il mangeait des sauterelles et du miel sauvage.
Jean te abiye avèk pwal chamo. Yon sentiwon te antoure senti li, epi manje li se te krikèt avèk myèl sovaj.
7 Et il prêchait, disant: Il vient après moi, celui qui est plus puissant que moi, duquel je ne suis pas digne de délier, en me baissant, la courroie des sandales.
Li t ap preche pou di: “Apre mwen gen youn k ap vini ki pi gran pase m, epi mwen pa menm dign pou m ta bese demare lasèt sandal Li.
8 Moi, je vous ai baptisés d’eau; lui, vous baptisera de l’Esprit Saint.
Mwen batize nou avèk dlo, men Li va batize nou avèk Lespri Sen an.”
9 Et il arriva, en ces jours-là, que Jésus vint de Nazareth de Galilée, et fut baptisé par Jean au Jourdain.
Nan jou sa yo, Jésus te sòti Nazareth nan Galilée, e te batize pa Jean nan Jourdain an.
10 Et [s’éloignant] aussitôt de l’eau, il monta, et vit les cieux se fendre, et l’Esprit comme une colombe descendre sur lui.
Nan menm moman ke Li te sòti nan dlo a, Li te wè syèl la vin louvri, e Lespri a kon yon toutrèl te vin desann sou Li.
11 Et il y eut une voix qui venait des cieux: Tu es mon Fils bien-aimé; en toi j’ai trouvé mon plaisir.
Yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
12 Et aussitôt l’Esprit le pousse dans le désert.
Nan menm moman an Lespri a te pouse Li ale nan dezè a.
13 Et il fut dans le désert 40 jours, tenté par Satan; et il était avec les bêtes sauvages; et les anges le servaient.
Konsa, Li te nan dezè a pou karant jou pandan Satan t ap tante Li. Li te avèk bèt sovaj yo, epi se zanj yo ki te okipe Li.
14 Mais après que Jean eut été livré, Jésus vint en Galilée, prêchant l’évangile du royaume de Dieu,
Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.
15 et disant: Le temps est accompli, et le royaume de Dieu s’est approché: repentez-vous et croyez à l’évangile.
Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”
16 Et comme il marchait le long de la mer de Galilée, il vit Simon et André le frère de Simon, qui jetaient un filet dans la mer; car ils étaient pêcheurs.
Pandan li t ap pase bò kote lanmè Galilée a, Li te wè Simon avèk André, frè a Simon an, ki t ap voye yon senn nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.
17 Et Jésus leur dit: Venez après moi, et je vous ferai devenir pêcheurs d’hommes.
Jésus te di yo: “Swiv Mwen, e M ap fè nou fè lapèch moun.”
18 Et aussitôt, ayant quitté leurs filets, ils le suivirent.
La menm, yo te kite senn yo pou te swiv Li.
19 Et passant de là un peu plus avant, il vit Jacques le [fils] de Zébédée et Jean son frère; et eux [étaient] dans le bateau, raccommodant les filets.
Pi lwen Li te wè Jacques, fis Zébédée a, ak Jean, frè li a, ki t ap repare senn yo nan kannòt la.
20 Et aussitôt il les appela; et laissant leur père Zébédée dans le bateau avec les gens à gages, ils s’en allèrent après lui.
Lapoula Li te rele yo, e yo te kite Zébédée, papa yo, nan kannòt la avèk sèvitè jounalye yo, e te sòti pou swiv Li.
21 Et ils entrent dans Capernaüm; et étant entré aussitôt le jour du sabbat dans la synagogue, il enseignait.
Yo te ale Capernaüm. Imedyatman nan Saba a, Li te antre nan sinagòg la pou l te kòmanse enstwi.
22 Et ils s’étonnaient de sa doctrine; car il les enseignait comme ayant autorité, et non pas comme les scribes.
Yo te etone pou jan Li te enstwi a. Paske Li te enstwi kon yon moun ki te gen otorite, e pa kon skrib yo.
23 Et il y avait dans leur synagogue un homme possédé d’un esprit immonde; et il s’écria,
Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò
24 disant: Ha! qu’y a-t-il entre nous et toi, Jésus Nazarénien? Es-tu venu pour nous détruire? Je te connais, qui tu es: le Saint de Dieu.
pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”
25 Et Jésus le tança, disant: Tais-toi, et sors de lui.
Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”
26 Et l’esprit immonde, l’ayant déchiré et ayant crié à haute voix, sortit de lui.
Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.
27 Et ils furent tous saisis d’étonnement, de sorte qu’ils s’enquéraient entre eux, disant: Qu’est ceci? Quelle doctrine nouvelle est celle-ci? Car il commande avec autorité, même aux esprits immondes, et ils lui obéissent.
Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”
28 Et sa renommée se répandit aussitôt tout à l’entour dans la Galilée.
Byen vit nouvèl la te kouri toupatou nan tout anviwon Galilée a.
29 Et aussitôt, sortant de la synagogue, ils allèrent avec Jacques et Jean dans la maison de Simon et d’André.
Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.
30 Or la belle-mère de Simon était là couchée, ayant la fièvre; et aussitôt ils lui parlent d’elle.
Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman an yo te pale avèk Li konsènan li.
31 Et s’approchant, il la fit lever en la prenant par la main; et aussitôt la fièvre la quitta; et elle les servit.
Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.
32 Et, le soir étant venu, comme le soleil se couchait, on lui apporta tous ceux qui se portaient mal, et les démoniaques;
Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo.
33 et la ville tout entière était rassemblée à la porte:
Tout vil la te rasanble devan pòt la.
34 et il en guérit plusieurs qui souffraient de diverses maladies, et chassa plusieurs démons, et ne permit pas aux démons de parler parce qu’ils le connaissaient.
Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.
35 Et s’étant levé sur le matin, longtemps avant le jour, il sortit et s’en alla dans un lieu désert; et il priait là.
Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.
36 Et Simon et ceux qui étaient avec lui, le suivirent.
Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li.
37 Et l’ayant trouvé, ils lui dirent: Tous te cherchent.
Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.
38 Et il leur dit: Allons ailleurs dans les bourgades voisines, afin que j’y prêche aussi; car c’est pour cela que je suis venu.
Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.”
39 Et il prêchait dans leurs synagogues par toute la Galilée, et chassait les démons.
Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.
40 Et un lépreux vient à lui, le suppliant et se jetant à genoux devant lui, et lui disant: Si tu veux, tu peux me rendre net.
Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.
41 Et Jésus, ému de compassion, étendant la main, le toucha, et lui dit: Je veux, sois net.
Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”.
42 Et comme il parlait, aussitôt la lèpre se retira de lui; et il fut net.
Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.
43 Et usant de paroles sévères, il le renvoya aussitôt,
Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale.
44 et lui dit: Prends garde de n’en rien dire à personne; mais va, montre-toi au sacrificateur, et offre pour ta purification ce que Moïse a ordonné, pour que cela leur serve de témoignage.
Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
45 Mais lui, étant sorti, commença à beaucoup publier et à divulguer ce qui était arrivé, de sorte que Jésus ne pouvait plus entrer ouvertement dans la ville; mais il se tenait dehors dans des lieux déserts; et on venait à lui de toutes parts.
Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.

< Marc 1 >