< Luke 23 >

1 The whole company of them rose up and brought him before Pilate.
Tout bann moun yo leve, yo mennen Jezi devan Pilat.
2 They began to accuse him, saying, “We found this man perverting the nation, forbidding paying taxes to Caesar, and saying that he himself is Messiah, a king.”
Rive la, yo pran depoze plent sou do l', yo di konsa: Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèt la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, yon wa.
3 Pilate asked him, “Are you the King of the Jews?” He answered him, “So you say.”
Pilat mande li: Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
4 Pilate said to the chief priests and the multitudes, “I find no basis for a charge against this man.”
Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo: Mwen pa wè ankenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
5 But they insisted, saying, “He stirs up the people, teaching throughout all Judea, beginning from Galilee even to this place.”
Men, yo kenbe la avè l', yo di: L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li kòmanse travay sa a depi nan peyi Galilye, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.
6 But when Pilate heard Galilee mentioned, he asked if the man was a Galilean.
Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile.
7 When he found out that he was in Herod’s jurisdiction, he sent him to Herod, who was also in Jerusalem during those days.
Aprann Pilat aprann Jezi te soti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a.
8 Now when Herod saw Yeshua, he was exceedingly glad, for he had wanted to see him for a long time, because he had heard many things about him. He hoped to see some miracle done by him.
Ewòd pa t' manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l'. Li te kwè li tapral wè Jezi fè kèk mirak.
9 He questioned him with many words, but he gave no answers.
Li poze l' anpil keksyon, men Jezi pa reponn li anyen.
10 The chief priests and the scribes stood, vehemently accusing him.
Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t'ap depoze anpil gwo plent kont Jezi.
11 Herod with his soldiers humiliated him and mocked him. Dressing him in luxurious clothing, they sent him back to Pilate.
Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l' nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li; epi yo voye l' tounen bay Pilat.
12 Herod and Pilate became friends with each other that very day, for before that they were enemies with each other.
Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi.
13 Pilate called together the chief priests, the rulers, and the people,
Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la.
14 and said to them, “You brought this man to me as one that perverts the people, and behold, having examined him before you, I found no basis for a charge against this man concerning those things of which you accuse him.
Li di yo: Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m' konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l' keksyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè ankenn nan move zak n'ap plede di l' fè yo.
15 Neither has Herod, for I sent you to him, and see, nothing worthy of death has been done by him.
Ewòd pa jwenn li koupab non plis. Men li voye l' tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò.
16 I will therefore chastise him and release him.”
Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li.
17 Now he had to release one prisoner to them at the feast.
Pou chak fèt Delivrans, Pilat te blije lage yon prizonye ba yo.
18 But they all cried out together, saying, “Away with this man! Release to us Barabbas!”—
Yo tout pran rele ansanm: Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou.
19 one who was thrown into prison for a certain revolt in the city, and for murder.
Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la.
20 Then Pilate spoke to them again, wanting to release Yeshua,
Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò.
21 but they shouted, saying, “Crucify! Crucify him!”
Men yo rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa!
22 He said to them the third time, “Why? What evil has this man done? I have found no capital crime in him. I will therefore chastise him and release him.”
Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?
23 But they were urgent with loud voices, asking that he might be crucified. Their voices and the voices of the chief priests prevailed.
Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany.
24 Pilate decreed that what they asked for should be done.
Se konsa Pilat pran desizyon pou l' ba yo sa yo te mande a.
25 He released him who had been thrown into prison for insurrection and murder, for whom they asked, but he delivered Yeshua up to their will.
Li lage moun pèp la te vle a, nonm ki te nan prizon pou konplo ak krim lan. Epi Pilat renmèt yo Jezi pou yo te fè li sa yo te vle a.
26 When they led him away, they grabbed one Simon of Cyrene, coming from the country, and laid the cross on him to carry it after Yeshua.
Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te soti nan jaden. Yo pran msye, yo chaje l' anba kwa a pou l' pote li dèyè Jezi.
27 A great multitude of the people followed him, including women who also mourned and lamented him.
Yon bann moun nan pèp la t'ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t'ap kriye, ki t'ap plenn sò li.
28 But Yeshua, turning to them, said, “Daughters of Jerusalem, don’t weep for me, but weep for yourselves and for your children.
Jezi vire gade yo, li di yo konsa: Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande; kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo.
29 For behold, the days are coming in which they will say, ‘Blessed are the barren, the wombs that never bore, and the breasts that never nursed.’
Gen jou k'ap vin dèyè; lè sa a y'a di: benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pa t' janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete.
30 Then they will begin to tell the mountains, ‘Fall on us!’ and tell the hills, ‘Cover us.’
Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande mòn yo: Kouvri nou!
31 For if they do these things in the green tree, what will be done in the dry?”
Paske, si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p'ap fè bwa chèch la?
32 There were also others, two criminals, led with him to be put to death.
Yo mennen de lòt moun, de krimenèl pou yo touye ansanm ak Jezi.
33 When they came to the place that is called “The Skull”, they crucified him there with the criminals, one on the right and the other on the left.
Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de krimenèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li.
34 Yeshua said, “Father, forgive them, for they don’t know what they are doing.” Dividing his garments amongst them, they cast lots.
Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
35 The people stood watching. The rulers with them also scoffed at him, saying, “He saved others. Let him save himself, if this is the Messiah of God, his chosen one!”
Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: Gade! Li sove lòt moun; si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l' sove tèt pa l' tou.
36 The soldiers also mocked him, coming to him and offering him vinegar,
Sòlda yo t'ap pase l' nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l', yo ba l' venèg pou l' bwè,
37 and saying, “If you are the King of the Jews, save yourself!”
epi yo di li: Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm!
38 An inscription was also written over him in letters of Greek, Latin, and Hebrew: “THIS IS THE KING OF THE JEWS.”
Men sak te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
39 One of the criminals who was hanged insulted him, saying, “If you are the Messiah, save yourself and us!”
Yonn nan krimenèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou.
40 But the other answered, and rebuking him said, “Don’t you even fear God, seeing you are under the same condemnation?
Men lòt la reprann li, li di li: Gen lè ou pa pè Bondye, ou menm ki anba menm kondannasyon avèk li a?
41 And we indeed justly, for we receive the due reward for our deeds, but this man has done nothing wrong.”
Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.
42 He said to Yeshua, “Lord, remember me when you come into your Kingdom.”
Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou!
43 Yeshua said to him, “Assuredly I tell you, today you will be with me in Paradise.”
Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.
44 It was now about the sixth hour, and darkness came over the whole land until the ninth hour.
Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi.
45 The sun was darkened, and the veil of the temple was torn in two.
Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.
46 Yeshua, crying with a loud voice, said, “Father, into your hands I commit my spirit!” Having said this, he breathed his last.
Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.
47 When the centurion saw what was done, he glorified God, saying, “Certainly this was a righteous man.”
Lè kaptenn lame a wè sak te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di: Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.
48 All the multitudes that came together to see this, when they saw the things that were done, returned home beating their chests.
Tout moun ki te vini an foul pou asiste espektak sa a te wè sak te rive. Yo tounen al lakay yo, yo t'ap bat lestonmak yo.
49 All his acquaintances and the women who followed with him from Galilee stood at a distance, watching these things.
Tout zanmi Jezi yo te rete yon ti jan lwen ansanm ak fanm ki t'ap mache avè l' yo depi nan peyi Galile. Yo tout t'ap gade sak t'ap pase.
50 Behold, there was a man named Joseph, who was a member of the council, a good and righteous man
Te gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye.
51 (he had not consented to their counsel and deed), from Arimathaea, a city of the Judeans, who was also waiting for God’s Kingdom.
Li t'ap tann kilè Bondye t'ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pa t' dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside.
52 This man went to Pilate, and asked for Yeshua’s body.
Jozèf al lakay Pilat, li mande kò Jezi.
53 He took it down and wrapped it in a linen cloth, and laid him in a tomb that was cut in stone, where no one had ever been laid.
Apre sa, li al desann kò a sou kwa a, li vlope l' nan yon bèl dra blan, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pa t' ankò janm mete pesonn ladan li.
54 It was the day of the Preparation, and the Sabbath was drawing near.
Se te yon jou vandredi, repo a tapral kòmanse.
55 The women who had come with him out of Galilee followed after, and saw the tomb and how his body was laid.
Medam ki t'ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li.
56 They returned and prepared spices and ointments. On the Sabbath they rested according to the commandment.
Apre sa, yo tounen lakay yo, y' al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pa t' fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l' la.

< Luke 23 >