< Deuteronomy 14 >

1 You are the children of the LORD your God. You shall not cut yourselves, nor make any baldness between your eyes for the dead.
“Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò.
2 For you are a holy people to the LORD your God, and the LORD has chosen you to be a people for his own possession, above all peoples who are on the face of the earth.
Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a te chwazi ou kòm yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, sòti nan tout pèp ki sou sifas tè a.
3 You shall not eat any abominable thing.
“Nou pa pou manje okenn bagay abominab.
4 These are the animals which you may eat: the ox, the sheep, the goat,
Sila yo se bèt ke nou kapab manje: bèf, mouton, kabrit,
5 the deer, the gazelle, the roebuck, the wild goat, the ibex, the antelope, and the chamois.
Sèf, kabrit mawon, den, bèf mawon, boukten, antilòp, ak mouton mòn.
6 Every animal that parts the hoof, and has the hoof split in two and chews the cud, amongst the animals, you may eat.
Nenpòt bèt ak zago divize ki remonte manje li pami tout bèt yo, sila nou kapab manje.
7 Nevertheless these you shall not eat of them that chew the cud, or of those who have the hoof split: the camel, the hare, and the rabbit. Because they chew the cud but don’t part the hoof, they are unclean to you.
“Sepandan, pami sila ki remonte manje yo, oswa sila ki divize zago an de yo: chamo, lapèn ak daman; akoz, malgre yo remonte manje, yo pa divize zago yo, yo pa pwòp pou nou.
8 The pig, because it has a split hoof but doesn’t chew the cud, is unclean to you. You shall not eat their meat. You shall not touch their carcasses.
Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.
9 These you may eat of all that are in the waters: you may eat whatever has fins and scales.
“Sila nou kapab manje nan tout sa ki nan dlo yo: Nou ka manje nenpòt sa ki gen zèl naje avèk kal,
10 You shall not eat whatever doesn’t have fins and scales. It is unclean to you.
men okenn nan yo ki pa gen zèl naje avèk kal, nou pa pou manje yo; se pa pwòp pou nou.
11 Of all clean birds you may eat.
“Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.
12 But these are they of which you shall not eat: the eagle, the vulture, the osprey,
Men sila ke nou pa pou manje yo: èg, lòfre ak malfini lanmè,
13 the red kite, the falcon, the kite of any kind,
milan wouj, otou, votou ak tout kalite parèy yo,
14 every raven of any kind,
kòbo ak tout kalite parèy yo,
15 the ostrich, the owl, the seagull, the hawk of any kind,
otrich, ibou, poul dlo, ak malfini avèk tout kalite parèy yo,
16 the little owl, the great owl, the horned owl,
koukou, frize, gwo kana mawon blan,
17 the pelican, the vulture, the cormorant,
grangozye, plonjon, chwèt,
18 the stork, the heron after its kind, the hoopoe, and the bat.
sigòy, krabye, ak kalite parèy yo, sèpantye, tchotcho ak chòv-souri.
19 All winged creeping things are unclean to you. They shall not be eaten.
“Tout reptil avèk zèl pa pwòp pou nou. Yo pa pou manje.
20 Of all clean birds you may eat.
Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp.
21 You shall not eat of anything that dies of itself. You may give it to the foreigner living amongst you who is within your gates, that he may eat it; or you may sell it to a foreigner; for you are a holy people to the LORD your God. You shall not boil a young goat in its mother’s milk.
“Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.
22 You shall surely tithe all the increase of your seed, that which comes out of the field year by year.
“Chak ane, nou va, anverite, bay ladim nan tout pwodwi a sila ke nou plante yo, ki sòti nan chan.
23 You shall eat before the LORD your God, in the place which he chooses to cause his name to dwell, the tithe of your grain, of your new wine, and of your oil, and the firstborn of your herd and of your flock; that you may learn to fear the LORD your God always.
Nou va manje nan prezans SENYÈ a, kote Li chwazi pou etabli non Li an, dim a sereyal nou, a diven nèf nou, a lwil nou, premye ne a twoupo nou ak bann mouton nou, pou nou kapab vin aprann krent SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan.
24 If the way is too long for you, so that you are not able to carry it because the place which the LORD your God shall choose to set his name there is too far from you, when the LORD your God blesses you,
“Si distans lan tèlman gran pou nou, pou nou pa kapab pote yon dim, akoz kote SENYÈ Bondye nou an chwazi pou mete non Li an twò lwen nou, lè SENYÈ Bondye nou an, beni nou,
25 then you shall turn it into money, bind up the money in your hand, and shall go to the place which the LORD your God shall choose.
alò, nou va twoke li pou lajan; epi mare lajan an nan men nou pou ale kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.
26 You shall trade the money for whatever your soul desires: for cattle, or for sheep, or for wine, or for strong drink, or for whatever your soul asks of you. You shall eat there before the LORD your God, and you shall rejoice, you and your household.
Nou kapab depanse lajan an pou nenpòt sa ke kè nou dezire: pou bèf kabwèt, oswa mouton, oswa diven, oswa bwason ki fò, oswa nenpòt sa kè nou dezire; epi la, nou va manje nan prezans SENYÈ a, Bondye nou an; epi rejwi nou menm avèk tout lakay nou.
27 You shall not forsake the Levite who is within your gates, for he has no portion nor inheritance with you.
Osi, nou p ap neglije Levit ki nan vil nou an, paske li pa gen pati ni eritaj pami nou.
28 At the end of every three years you shall bring all the tithe of your increase in the same year, and shall store it within your gates.
“Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an.
29 The Levite, because he has no portion nor inheritance with you, as well as the foreigner living amongst you, the fatherless, and the widow who are within your gates shall come, and shall eat and be satisfied; that the LORD your God may bless you in all the work of your hand which you do.
Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.

< Deuteronomy 14 >