< 2 Corinthians 8 >

1 Moreover, brothers, we make known to you the grace of God which has been given in the assemblies of Macedonia,
Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo.
2 how in a severe ordeal of affliction, the abundance of their joy and their deep poverty abounded to the riches of their generosity.
Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo.
3 For according to their power, I testify, yes and beyond their power, they gave of their own accord,
Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo.
4 begging us with much entreaty to receive this grace and the fellowship in the service to the holy ones.
Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan soutyen a fidèl yo.
5 This was not as we had expected, but first they gave their own selves to the Lord, and to us through the will of God.
Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm selon volonte Bondye.
6 So we urged Titus, that as he had made a beginning before, so he would also complete in you this grace.
Donk, nou te ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a.
7 But as you abound in everything—in faith, utterance, knowledge, all earnestness, and in your love to us—see that you also abound in this grace.
Men menm jan nou toujou fè ekselans ki depase nan tout bagay, nan lafwa, nan langaj, nan konesans, nan zèl, ak nan lanmou ke nou te enspire nan ou an, gade ke ou depase osi nan zèv lagras sila a.
8 I speak not by way of commandment, but as proving through the earnestness of others the sincerity also of your love.
Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou.
9 For you know the grace of our Lord Yeshua the Messiah, that though he was rich, yet for your sakes he became poor, that you through his poverty might become rich.
Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.
10 I give advice in this: it is expedient for you who were the first to start a year ago, not only to do, but also to be willing.
Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l.
11 But now complete the doing also, that as there was the readiness to be willing, so there may be the completion also out of your ability.
Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou.
12 For if the readiness is there, it is acceptable according to what you have, not according to what you don’t have.
Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.
13 For this is not that others may be eased and you distressed,
Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite.
14 but for equality. Your abundance at this present time supplies their lack, that their abundance also may become a supply for your lack, that there may be equality.
Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite.
15 As it is written, “He who gathered much had nothing left over, and he who gathered little had no lack.”
Jan sa ekri a: “Sila ki te ranmase anpil la, pa t gen depase, e sila ki te ranmase piti a pa t manke.”
16 But thanks be to God, who puts the same earnest care for you into the heart of Titus.
Men gras a Bondye ki mete menm zèl la pou nou nan kè Tite la.
17 For he indeed accepted our exhortation, but being himself very earnest, he went out to you of his own accord.
Paske li pa t sèlman aksepte apèl nou, men akoz li te trè zele, li te vin kote nou ak pwòp volonte li.
18 We have sent together with him the brother whose praise in the Good News is known throughout all the assemblies.
Epi nou te voye avèk li frè a ki gen bon repitasyon nan bagay levanjil ki te gaye pami tout legliz yo.
19 Not only so, but he was also appointed by the assemblies to travel with us in this grace, which is served by us to the glory of the Lord himself, and to show our readiness.
Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou.
20 We are avoiding this, that any man should blame us concerning this abundance which is administered by us.
N ap pran prekosyon pou pèsòn pa vin denigre administrasyon nou nan kado jenewozite sila a.
21 Having regard for honourable things, not only in the sight of the Lord, but also in the sight of men.
Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm.
22 We have sent with them our brother whom we have many times proved earnest in many things, but now much more earnest, by reason of the great confidence which he has in you.
Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm.
23 As for Titus, he is my partner and fellow worker for you. As for our brothers, they are the emissaries of the assemblies, the glory of Messiah.
Tankou pou Tite, li se asosye e ouvriye parèy mwen pami nou. Tankou pou frè nou yo, yo se mesaje a legliz yo, yon glwa pou Kris la.
24 Therefore show the proof of your love to them before the assemblies, and of our boasting on your behalf.
Konsa, piblikman devan legliz yo, montre yo prèv lanmou nou ak rezon pou gen fyète de nou.

< 2 Corinthians 8 >