< Zephaniah 3 >

1 Woe to her who is rebellious and polluted, the oppressing city!
Malè a sila ki fè rebèl e ki vin souye a; vil k ap oprime tout!
2 She didn’t obey the voice. She didn’t receive correction. She didn’t trust in Yahweh. She didn’t draw near to her God.
Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a.
3 Her princes within her are roaring lions. Her judges are evening wolves. They leave nothing until the next day.
Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.
4 Her prophets are arrogant and treacherous people. Her priests have profaned the sanctuary. They have done violence to the law.
Pwofèt li yo se moun trèt san prensip. Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa.
5 Yahweh, within her, is righteous. He will do no wrong. Every morning he brings his justice to light. He doesn’t fail, but the unjust know no shame.
SENYÈ a plen ladwati nan mitan li. Li p ap fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm.
6 I have cut off nations. Their battlements are desolate. I have made their streets waste, so that no one passes by. Their cities are destroyed, so that there is no man, so that there is no inhabitant.
Mwen te detwi nasyon yo. Ranpa yo dezole nèt. Ri yo te vin gate, pou pèsòn moun pa pase. Vil yo fin detwi nèt, pou pa gen moun, pou pa gen pèsòn ki rete ladan yo.
7 I said, “Just fear me. Receive correction,” so that her dwelling won’t be cut off, according to all that I have appointed concerning her. But they rose early and corrupted all their doings.
Mwen te di: “Sèlman gen lakrent Mwen. Resevwa enstriksyon”. Konsa, kote nou rete a pa p vin koupe retire nèt, selon tout sa ke Mwen te deziye pou rive l. Men yo te leve bonè e te konwonpi nan tout zèv yo.
8 “Therefore wait for me”, says Yahweh, “until the day that I rise up to the prey, for my determination is to gather the nations, that I may assemble the kingdoms to pour on them my indignation, even all my fierce anger, for all the earth will be devoured with the fire of my jealousy.
“Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.
9 For then I will purify the lips of the peoples, that they may all call on Yahweh’s name, to serve him shoulder to shoulder.
Paske nan lè sa a, Mwen va bay a pèp nasyon yo lèv ki pirifye, pou yo tout ka rele non SENYÈ a, pou sèvi Li de zepòl a zepòl.
10 From beyond the rivers of Cush, my worshipers, even the daughter of my dispersed people, will bring my offering.
Soti byen lwen rivyè Ethiopie yo, moun ki adore Mwen yo, menm fi dispèse Mwen an va vin pote ofrann ban Mwen.
11 In that day you will not be disappointed for all your doings in which you have transgressed against me; for then I will take away out from among you your proudly exulting ones, and you will no more be arrogant in my holy mountain.
Nan jou sa a, ou p ap vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an.
12 But I will leave among you an afflicted and poor people, and they will take refuge in Yahweh’s name.
Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a.
13 The remnant of Israel will not do iniquity nor speak lies, neither will a deceitful tongue be found in their mouth, for they will feed and lie down, and no one will make them afraid.”
Retay Israël la p ap fè okenn inikite, ni yo p ap bay manti, ni yon lang twonpe moun p ap twouve nan bouch yo. Paske yo va manje, e kouche, e pèsòn moun p ap fè yo pè.”
14 Sing, daughter of Zion! Shout, Israel! Be glad and rejoice with all your heart, daughter of Jerusalem.
Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan!
15 Yahweh has taken away your judgments. He has thrown out your enemy. The King of Israel, Yahweh, is among you. You will not be afraid of evil any more.
SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò.
16 In that day, it will be said to Jerusalem, “Don’t be afraid, Zion. Don’t let your hands be weak.”
Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb.
17 Yahweh, your God, is among you, a mighty one who will save. He will rejoice over you with joy. He will calm you in his love. He will rejoice over you with singing.
SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
18 I will remove those who grieve about the appointed feasts from you. They are a burden and a reproach to you.
Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren pou fèt deziye yo. Se yon repwoch yo ye pou ou.
19 Behold, at that time I will deal with all those who afflict you; and I will save those who are lame and gather those who were driven away. I will give them praise and honor, whose shame has been in all the earth.
Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè.
20 At that time I will bring you in, and at that time I will gather you; for I will give you honor and praise among all the peoples of the earth when I restore your fortunes before your eyes, says Yahweh.
Nan lè sa a, Mwen va fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.

< Zephaniah 3 >