< Acts 26 >

1 Agrippa said to Paul, “You may speak for yourself.” Then Paul stretched out his hand, and made his defense.
Agrippa te di a Paul: “Ou gen dwa pale pou tèt ou.” Epi Paul te lonje men li pou te kòmanse fè defans li.
2 “I think myself happy, King Agrippa, that I am to make my defense before you today concerning all the things that I am accused by the Jews,
“Konsènan tout bagay ke mwen akize pa Jwif yo, mwen konsidere ke mwen gen gwo chans, Wa Agrippa, pou m kapab fè defans mwen devan ou jodi a;
3 especially because you are expert in all customs and questions which are among the Jews. Therefore I beg you to hear me patiently.
Sitou paske ou se yon ekspè nan tout koutim ak kesyon pami pèp Jwif yo. Pou sa, mwen mande w pou koute mwen avèk pasyans.
4 “Indeed, all the Jews know my way of life from my youth up, which was from the beginning among my own nation and at Jerusalem;
“Alò konsa, tout Jwif yo konnen kalite vi mwen depi nan jenès mwen, ki soti nan kòmansman an ki te pase pami pwòp nasyon mwen, ak nan Jérusalem.
5 having known me from the first, if they are willing to testify, that after the strictest sect of our religion I lived a Pharisee.
Paske yo konnen mwen depi lontan, si yo dakò temwaye. Mwen te viv kon yon Farizyen, selon sèkt ki pi disipline nan tout relijyon nou an.
6 Now I stand here to be judged for the hope of the promise made by God to our fathers,
“Konsa, koulye a, mwen kanpe devan tribinal la pou lespwa pwomès ki te fèt pa Bondye a zansèt nou yo.
7 which our twelve tribes, earnestly serving night and day, hope to attain. Concerning this hope I am accused by the Jews, King Agrippa!
Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo.
8 Why is it judged incredible with you if God does raise the dead?
Poukisa pami nou, nou twouve li enkwayab ke Bondye kapab leve mò yo?
9 “I myself most certainly thought that I ought to do many things contrary to the name of Jesus of Nazareth.
“Alò mwen te reflechi a mwen menm, ke mwen te oblije aji avèk anpil fòs kont non a Jésus de Nazareth la.
10 I also did this in Jerusalem. I both shut up many of the saints in prisons, having received authority from the chief priests; and when they were put to death I gave my vote against them.
Epi sa, mwen te fè menm Jérusalem; non sèlman ke m te fèmen anpil nan sen sila yo nan prizon, men avèk otorite ke m te resevwa soti nan chèf prèt yo, lè yo te mete yo a lanmò mwen te dakò pou yo aji kont yo.
11 Punishing them often in all the synagogues, I tried to make them blaspheme. Being exceedingly enraged against them, I persecuted them even to foreign cities.
Epi pandan mwen te pini yo souvan nan tout sinagòg yo, mwen te eseye fòse yo fè blasfèm. Tèlman mwen te anraje avèk yo, mwen te kouri dèyè yo menm nan vil etranje yo.
12 “Whereupon as I traveled to Damascus with the authority and commission from the chief priests,
“Pandan mwen te angaje konsa, mwen te fè yon vwayaj nan Damas avèk otorite ak pèmisyon a chèf prèt yo.
13 at noon, O king, I saw on the way a light from the sky, brighter than the sun, shining around me and those who traveled with me.
Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo.
14 When we had all fallen to the earth, I heard a voice saying to me in the Hebrew language, ‘Saul, Saul, why are you persecuting me? It is hard for you to kick against the goads.’
Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’
15 “I said, ‘Who are you, Lord?’ “He said, ‘I am Jesus, whom you are persecuting.
“Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’ “E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.
16 But arise, and stand on your feet, for I have appeared to you for this purpose: to appoint you a servant and a witness both of the things which you have seen and of the things which I will reveal to you;
Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm;
17 delivering you from the people and from the Gentiles, to whom I send you,
k ap delivre ou de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo,
18 to open their eyes, that they may turn from darkness to light and from the power of Satan to God, that they may receive remission of sins and an inheritance among those who are sanctified by faith in me.’
pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’
19 “Therefore, King Agrippa, I was not disobedient to the heavenly vision,
“Konsa, Wa Agrippa, mwen pa t dezobeyisan a vizyon selès la,
20 but declared first to them of Damascus, at Jerusalem, and throughout all the country of Judea, and also to the Gentiles, that they should repent and turn to God, doing works worthy of repentance.
men mwen te kontinye deklare premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.
21 For this reason the Jews seized me in the temple and tried to kill me.
“Pou rezon sa a, kèk Jwif te sezi mwen nan tanp lan e te eseye mete m a lanmò.
22 Having therefore obtained the help that is from God, I stand to this day testifying both to small and great, saying nothing but what the prophets and Moses said would happen,
Alò, avèk èd Bondye ke m te twouve, mwen kanpe jiska jou sa a pou temwaye a piti kòm gran, pou pa pale anyen men sa ke pwofèt yo ak Moïse te di ki t ap pral rive yo.
23 how the Christ must suffer, and how, by the resurrection of the dead, he would be first to proclaim light both to these people and to the Gentiles.”
Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”
24 As he thus made his defense, Festus said with a loud voice, “Paul, you are crazy! Your great learning is driving you insane!”
Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! Gran konesans ou fè ou vin fou.”
25 But he said, “I am not crazy, most excellent Festus, but boldly declare words of truth and reasonableness.
Men Paul te reponn li: “Mwen pa pèdi tèt mwen trè ekselan Festus, men mwen pale pawòl ak verite byen rezonen.
26 For the king knows of these things, to whom also I speak freely. For I am persuaded that none of these things is hidden from him, for this has not been done in a corner.
Paske Wa a okuran de tout bagay sila yo, e mwen pale ak li osi avèk konfyans, akoz ke m konvenk ke anyen nan bagay sila yo pa kapab chape anba atansyon li, akoz ke nanpwen anyen ki fèt nan yon kwen.
27 King Agrippa, do you believe the prophets? I know that you believe.”
Wa Agrippa, èske ou kwè nan pwofèt yo? Mwen konnen ke ou kwè.”
28 Agrippa said to Paul, “With a little persuasion are you trying to make me a Christian?”
Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vlè pèswade m pou devni yon Kretyen?”
29 Paul said, “I pray to God, that whether with little or with much, not only you, but also all that hear me today, might become such as I am, except for these bonds.”
Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou chèn sila yo.”
30 The king rose up with the governor and Bernice, and those who sat with them.
Wa a te leve avèk gouvènè a, ak Bérnéice, ak sila ki te chita avèk yo.
31 When they had withdrawn, they spoke to one another, saying, “This man does nothing worthy of death or of bonds.”
Epi lè yo te ale akote, yo te kòmanse pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Mesye sila a p ap fè anyen ki merite lanmò oubyen prizon.”
32 Agrippa said to Festus, “This man might have been set free if he had not appealed to Caesar.”
Epi Agrippa te di a Festus: “Mesye sa a ta gen dwa libere si li pa t fè apèl a César.”

< Acts 26 >