< 2 Chronicles 14 >

1 So Abijah slept with his fathers, and they buried him in David’s city; and Asa his son reigned in his place. In his days, the land was quiet ten years.
Konsa, Abija te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David la. Fis li a, Asa, te vin wa nan plas li. Peyi a te rete kalm e san pwoblèm pandan dizan pandan jou li yo.
2 Asa did that which was good and right in Yahweh his God’s eyes,
Asa te fè byen ak sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye li a,
3 for he took away the foreign altars and the high places, broke down the pillars, cut down the Asherah poles,
paske li te retire lotèl etranje yo avèk wo plas yo, e li te chire pilye sakre yo avèk Asherim yo.
4 and commanded Judah to seek Yahweh, the God of their fathers, and to obey his law and command.
Li te kòmande Juda pou chache SENYÈ a zansèt yo a, e swiv lalwa avèk kòmandman an.
5 Also he took away out of all the cities of Judah the high places and the sun images; and the kingdom was quiet before him.
Li te osi retire wo plas yo avèk lotèl lansan yo soti nan tout vil Juda yo. Wayòm nan te rete kalm anba li.
6 He built fortified cities in Judah; for the land was quiet, and he had no war in those years, because Yahweh had given him rest.
Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, akoz SENYÈ a te ba li repo.
7 For he said to Judah, “Let’s build these cities and make walls around them, with towers, gates, and bars. The land is yet before us, because we have sought Yahweh our God. We have sought him, and he has given us rest on every side.” So they built and prospered.
Paske li te di a Juda: “Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote.” Konsa yo te bati e yo te byen reyisi.
8 Asa had an army of three hundred thousand out of Judah who bore bucklers and spears, and two hundred eighty thousand out of Benjamin who bore shields and drew bows. All these were mighty men of valor.
Alò, Asa te gen yon lame a twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj.
9 Zerah the Ethiopian came out against them with an army of a million troops and three hundred chariots, and he came to Mareshah.
Alò, Zérach, Etyopyen an, te vin parèt kont yo avèk yon lame a yon-milyon moun ak twa-san cha, e li te rive nan Maréscha.
10 Then Asa went out to meet him, and they set the battle in array in the valley of Zephathah at Mareshah.
Pou sa, Asa te sòti pou rankontre li, e yo te parèt nan chan batay yo nan vale Maréschja a.
11 Asa cried to Yahweh his God, and said, “Yahweh, there is no one besides you to help, between the mighty and him who has no strength. Help us, Yahweh our God; for we rely on you, and in your name are we come against this multitude. Yahweh, you are our God. Don’t let man prevail against you.”
Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”
12 So Yahweh struck the Ethiopians before Asa and before Judah; and the Ethiopians fled.
Konsa, SENYÈ a te boulvèse Etyopyen devan Asa yo ak devan Juda yo, e Etyopyen yo te sove ale.
13 Asa and the people who were with him pursued them to Gerar. So many of the Ethiopians fell that they could not recover themselves, for they were destroyed before Yahweh and before his army. Judah’s army carried away very much booty.
Asa avèk moun ki te avèk li yo te kouri dèyè yo jis rive Guérar. Yon tèlman gran kantite Etyopyen te tonbe ke yo pa t kab kanpe ankò; paske yo te kraze nèt devan SENYÈ a ak devan lame Li a. Lame Juda a te pote fè sòti yon trè gran piyaj.
14 They struck all the cities around Gerar, for the fear of Yahweh came on them. They plundered all the cities, for there was much plunder in them.
Yo te detwi tout vil ki te antoure Guérar yo, paske laperèz SENYÈ a te fin tonbe sou vil yo. Epi yo te depouye tout vil yo, paske yo te gen anpil piyaj.
15 They also struck the tents of those who had livestock, and carried away sheep and camels in abundance, then returned to Jerusalem.
Anplis, yo te touye sila ki te gen bèt yo, e yo te pote ale yon gran kantite mouton avèk chamo. Answit, yo te retounen Jérusalem.

< 2 Chronicles 14 >