< 1 Thessalonians 3 >

1 Therefore when we couldn’t stand it any longer, we thought it good to be left behind at Athens alone,
Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan Athènes sèl.
2 and sent Timothy, our brother and God’s servant in the Good News of Christ, to establish you and to comfort you concerning your faith,
Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou,
3 that no one would be moved by these afflictions. For you know that we are appointed to this task.
pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke nou te destine pou sa.
4 For most certainly, when we were with you, we told you beforehand that we are to suffer affliction, even as it happened, and you know.
Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an.
5 For this cause I also, when I couldn’t stand it any longer, sent that I might know your faith, for fear that by any means the tempter had tempted you, and our labor would have been in vain.
Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou travay nou an ta anven.
6 But Timothy has just now come to us from you, and brought us glad news of your faith and love, and that you have good memories of us always, longing to see us, even as we also long to see you.
Men koulye a, ke Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a.
7 For this cause, brothers, we were comforted over you in all our distress and affliction through your faith.
Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou.
8 For now we live, if you stand fast in the Lord.
Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou kanpe fèm nan Senyè a.
9 For what thanksgiving can we render again to God for you, for all the joy with which we rejoice for your sakes before our God,
Paske ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz ou menm?
10 night and day praying exceedingly that we may see your face and may perfect that which is lacking in your faith?
Antretan lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab konplete sa ki manke nan konnesans lafwa nou.
11 Now may our God and Father himself, and our Lord Jesus Christ, direct our way to you.
Koulye a, ke Bondye e Papa nou an Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm.
12 May the Lord make you to increase and abound in love toward one another and toward all men, even as we also do toward you,
Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an.
13 to the end he may establish your hearts blameless in holiness before our God and Father at the coming of our Lord Jesus with all his saints.
Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.

< 1 Thessalonians 3 >