< Nehemiah 6 >

1 Now it came to pass, when Sanballat, and Tobiah, and Geshem the Arabian, and the rest of our enemies, heard that I had built the wall, and that there was no breach left in it; ( though at that time I had not set up the doors upon the gates; )
Sanbala, Tobija, Gechèm, moun peyi Arabi a, ansanm ak tout rès lènmi nou yo vin konnen nou te fin rebati miray la. Pa t' gen ankenn twou ladan l' ankò. Men lè sa a, nou pa t' ankò moute gwo batan pòtay yo.
2 That Sanballat and Geshem sent to me, saying, Come, let us meet together in some one of the villages in the plain of Ono. But they thought to do me mischief.
Sanbala ak Gechèm voye yon mesaje vin di m' yo ta renmen kontre avè m' lavil Akkefirim, nan Fon Ono a. Men yo menm, yo t'ap chache yon jan pou yo fè m' mal.
3 And I sent messengers to them, saying, I am doing a great work, so that I cannot come down: why should the work cease, while I leave it, and come down to you?
Se konsa mwen voye mesaje bò kote yo avèk repons sa a: -M' okipe ak yon travay enpòtan, m' pa ka desann. Si m' kite travay la pou m' ale kote nou, li pral sispann.
4 Yet they sent to me four times in this way; and I answered them after the same manner.
An kat fwa, yo voye fè m' menm envitasyon an. Chak fwa, mwen voye menm repons lan ba yo.
5 Then Sanballat sent his servant to me in like manner the fifth time with an open letter in his hand;
Lè sa a, Sanbala voye yon senkyèm mesaj ban mwen. Men fwa sa a, li renmèt yon lèt nan yon anvlòp tou louvri bay yonn nan moun k'ap sèvi l' yo pou mwen.
6 In which was written, It is reported among the heathen, and Gashmu saith it, that thou and the Jews think to rebel: for which cause thou buildest the wall, that thou mayest be their king, according to these words.
Men sa ki te nan lèt la: Gen yon sèl bri k'ap kouri nan mitan moun lòt nasyon yo: Se Gechèm ki di m' sa. Li tande l' ak de zòrèy li. Ou menm ak pèp jwif la, nou fè lide pran lezam. Se poutèt sa n'ap rebati ranpa a. Yo di se ou menm y'a nonmen wa yo.
7 And thou hast also appointed prophets to proclaim concerning thee at Jerusalem, saying, There is a king in Judah: and now shall it be reported to the king according to these words. Come now therefore, and let us take counsel together.
Ou menm rive ranje ak kèk pwofèt pou yo mache fè konnen nan tout lavil Jerizalèm se ou menm ki wa peyi Jida a. Koulye a, tout bri sa yo pral rive nan zòrèy wa a. Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou vin kote m' pou nou fè yon ti pale ansanm sou koze a.
8 Then I sent to him, saying, There are no such things done as thou sayest, but thou maketh up them out of thy own heart.
Mwen voye reponn li: -Tou sa ou di la a se manti. Se ou menm menm ki fè koze a.
9 For they all made us afraid, saying, Their hands shall be weakened from the work, that it may not be done. Now therefore, O God, strengthen my hands.
Yo t'ap chache kraponnen nou pou rete travay la. Yo t'ap di nan kè yo: Talè konsa y'a dekouraje avèk travay la, li p'ap janm fini. Aa, Bondye! Ban m' fòs non! Fè m' pa dekouraje!
10 Afterward I came to the house of Shemaiah the son of Delaiah the son of Mehetabeel, who was shut up; and he said, Let us meet together in the house of God, within the temple, and let us shut the doors of the temple: for they will come to slay thee; yea, in the night will they come to slay thee.
Yon lòt jou ankò, m' te al wè Chemaja, pitit gason Delaja, pitit pitit Metabeyèl, lakay li, paske li menm li pa t' ka soti. Li di m' konsa: -Ann al nan tanp Bondye a, nan mitan kote yo mete apa pou Bondye a! Ann al kache kote yo mete apa pou Bondye a! N'a fèmen tout pòt yo byen fèmen, paske y'ap vin touye ou. Wi, aswè a menm, y'ap vin touye ou!
11 And I said, Should such a man as I flee? and who is there, that, being as I am, would go into the temple to save his life? I will not go in.
Mwen reponn li: -Se pa mwen ki pou kouri al kache. Epitou, yon moun tankou mwen pa pral kache nan tanp lan pou m' sove lavi m'. Non! Mwen pa prale!
12 And, lo, I perceived that God had not sent him; but that he pronounced this prophecy against me: for Tobiah and Sanballat had hired him.
Lè m' kalkile, mwen wè se pa t' Bondye ki te ba l' mesaj sa a pou mwen. Se Tobija ak Sanbala ki te peye l' pou l' te di m' sa.
13 Therefore was he hired, that I should be afraid, and do so, and sin, and that they might have matter for a bad report, that they might reproach me.
Konsa, mwen ta pran nan kraponnay, mwen ta fè sa l' di m' fè a, epi mwen ta fè bagay mwen pa gen dwa fè. Yo menm, lè sa a, yo ta pran sa pou pale m' mal, yo ta fè m' wont.
14 My God, think thou upon Tobiah and Sanballat according to these their works, and on the prophetess Noadiah, and the rest of the prophets, that would have put me in fear.
O Bondye mwen, pa bliye sa Tobija ak Sanbala te fè! Pa bliye Nadya, fanm ki pwofèt la, ansanm ak lòt pwofèt yo ki t'ap chache kraponnen m'!
15 So the wall was finished in the twenty and fifth day of the month Elul, in fifty and two days.
Se konsa, apre senkannde jou travay, ranpa a te fin repare. Lè sa a, nou te rive sou vennsenkyèm jou nan mwa Eloul la.
16 And it came to pass, that when all our enemies heard of it, and all the heathen that were about us saw these things, they were much cast down in their own eyes: for they perceived that this work was wrought by our God.
Lè lènmi nou yo vin konn sa, lè moun lòt nasyon k'ap viv nan vwazinaj nou yo wè sa, yo te wont. Yo rekonèt si travay la te fini se paske Bondye nou an te vle l'.
17 Moreover in those days the nobles of Judah sent many letters to Tobiah, and the letters of Tobiah came to them.
Pandan tout tan sa a, chèf peyi Jida yo te kenbe kontak ak Tobija. Yonn t'ap voye lèt bay lòt.
18 For there were many in Judah sworn to him, because he was the son in law of Shechaniah the son of Arah; and his son Johanan had taken the daughter of Meshullam the son of Berechiah.
Te gen anpil moun nan peyi Jida a ki te pou Tobija paske se bofis Chekanya, pitit Arak la, li te ye. Lèfini Jokanan, pitit gason li a, te marye ak pitit fi Mechoulam, pitit Berekya a.
19 Also they reported his good deeds before me, and uttered my words to him. And Tobiah sent letters to put me in fear.
Yo te konn ap fè lwanj Tobija devan m', yo t'ap di tout bèl bagay Tobija te fè. Epi apre sa, y' al rapòte l' tou sa m' te di. Tobija menm t'ap voye lèt ban mwen pou kraponnen m'.

< Nehemiah 6 >