< Numbers 7 >

1 When Moses/I had finished setting up the Sacred Tent, he/I dedicated [MTY] it to Yahweh. He/I also dedicated the things that are inside the tent, and the altar [for burning sacrifices], and all the things that would be used at the altar.
Alò nan jou ke Moïse te fin monte tabènak la, li te onksyone li, e li te konsakre li avèk tout zouti li yo, ak lotèl la, avèk tout zouti li yo. Li te onksyone yo e li te konsakre yo.
2 Then the leaders of the [twelve] Israeli tribes, the same men who had [helped Aaron and Moses/me to] count the men [who could fight in battles],
Chèf Israël yo, chèf lakay zansèt papa pa yo, te fè yon ofrann. Yo menm te chèf a tribi yo. Se te sila ki te sou mesye kontwolè yo.
3 came to the tent, bringing gifts to Yahweh. They brought six sturdy/large carts and twelve oxen, one ox from each of the leaders and a cart from each of the two leaders.
Lè yo te mennen ofrann pa yo devan SENYÈ a, sis kabwèt kouvri, avèk douz bèf kabwèt, yon kabwèt pou chak de chèf, yon bèf pou chak nan yo, epi yo te prezante yo devan tabènak la.
4 Then Yahweh said to Moses/me,
Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
5 “Accept these gifts, in order that the descendants of Levi can use them for carrying the sacred items that are here at the Sacred Tent.”
“Aksepte bagay sa yo pou yo menm, pou yo kapab sèvi nan sèvis Tant Asanble a, e ou va bay yo a Levit yo, a chak mesyè selon sèvis pa yo.”
6 So Moses/I took the carts and oxen and gave them to the descendants of Levi.
Konsa, Moïse te pran kabwèt yo avèk bèf yo, e li te bay yo a Levit yo.
7 He/I gave two carts and four oxen to the descendants of Gershon for their work,
De kabwèt ak kat bèf, li te bay a fis Guerschon yo, selon sèvis pa yo,
8 and he/I gave four carts and eight oxen to the descendants of Merari for their work. Aaron’s son Ithamar was the supervisor of all their work.
epi kat kabwèt avèk uit bèf, li te bay a fis Merari yo, selon sèvis pa yo, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.
9 But he/I did not give any carts or oxen to the descendants of Kohath, because they took care of the sacred items that were to be carried on their shoulders, [not on carts].
Men li pa t bay a fis Kehath yo akoz sèvis pa yo se te sèvis bagay sen ke yo te pote sou zepòl yo.
10 On the day that the altar was dedicated [MTY], the [twelve] leaders brought other gifts to be dedicated and put them in front of the altar.
Chèf yo te ofri ofrann dedikasyon an pou lotèl la lè li te fin onksyone. Konsa chèf yo te ofri ofrann yo devan lotèl la.
11 Yahweh said to Moses/me, “Each of the next twelve days one leader should bring his gifts for the dedication of the altar.”
SENYÈ a te di a Moïse: “Kite yo prezante ofrann pa yo, yon chèf chak jou, pou dedikasyon lotèl la.”
12 These are the gifts that each of the leaders brought: —a silver dish that weighed (more than three pounds/1.5 kg.), and a silver bowl that weighed (almost two pounds/800 grams), both of which were full of good flour and mixed with [olive] oil to be offerings of grain; they both were weighed using the standard scales; —a small gold dish that weighed (four ounces/14 grams), filled with incense; —a young bull, a [full-grown] ram, and a one-year-old ram, to be sacrifices to be completely burned on the altar; —a goat to be sacrificed to [enable me to forgive the people] the sins they have committed; —and two bulls, five full-grown rams, five male goats, and five rams that were one-year-old, to be sacrifices to maintain the people’s fellowship with Yahweh. This was the order in which the leaders brought their gifts: on the first day, Nahshon, son of Amminadab from the tribe of Judah brought his gifts; on the next/second day, Nethanel, son of Zuar, from the tribe of Issachar; on the next/third day, Eliab, son of Helon, from the tribe of Zebulun; on the next/fourth day, Elizur, son of Shedeur, from the tribe of Reuben; on the next/fifth day, Shelumiel, son of Jurishhaddai, from the tribe of Simeon; on the next/sixth day, Eliasaph, son of Deuel, from the tribe of Gad; on the next/seventh day, Elishama, son of Ammihud, from the tribe of Ephraim; on the next/eighth day, Gamaliel, son of Pedahzur, from the tribe of Manasseh; on the next/ninth day, Abidan, son of Gideoni, from the tribe of Benjamin; on the next/tenth day, Ahiezer, son of Ammishaddai, from the tribe of Dan; on the next/eleventh day, Pagiel, son of Acran, from the tribe of Asher; on the next/twelfth day, Ahira, son of Enam, from the tribe of Naphtali.
Alò, sila ki te prezante ofrann li nan premye jou a, se te Nachschon, fis a Amminadab nan tribi Juda a.
Ofrann pa li a se te yon plato fèt an ajan avèk yon pèz de san trant sik, yon bòl fèt an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de ki plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè fèt an lò a dis sik ranpli avèk lansan;
yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit kòm ofrann peche;
epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Nachschon, fis a Amminadab la.
Nan dezyèm jou a Nethaneel, fis a Tsuar a, chèf a Issacar a, te prezante yon ofrann.
Li te prezante kòm ofrann li yon kiyè fèt an ajan avèk yon pèz de san-trant sik, yon bòl an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de te plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò a dis sik ranpli avèk lansan;
Yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan.
Nan twazyèm jou a, se te Éliab fis a Hélon an, chèf a Zabulon an.
Ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz de trant sik, yon bòl an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò a dis sik plen avèk lansan;
yon jenn towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, pou yon ofrann brile;
Yon mal belye pou yon ofrann peche,
epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Éliab la, fis a Hélon an.
Nan katriyèm jou a, se te Élitsur, fis a Schedéur a, chèf a fis Ruben yo;
ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk pèz de san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè nan dis sik plen avèk lansan;
yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élitsur a, fis a Schedéur a.
Nan senkyèm jou a, se te Schelumiel, fis a Schedéur a, chèf a fis Siméon yo;
ofrann pa li a, se te yon plato an ajan avèk yon pèz de san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de nan yo plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Schelumiel la, fis a Schedéur a.
Nan sizyèm jou a, se te Élisaph, fis a Déuel la, chèf a fis Gad yo;
ofrann pa li a se te yon plato an ajan nan pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de nan yo plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik ranpli avèk lansan
yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élisaph la, fis a Déuel la.
Nan setyèm jou a, se te Élischama fis a Ammihud la, chèf a fis Ephraïm yo;
ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élischama a, fis a Ammihud la.
Nan uityèm jou a, se te Gamaliel, fis a Pedahtsur a, chèf a fis Mannasé yo;
ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann Gamaliel, fis a Pedahtsur a.
Nan nevyèm jou a, se te Abidan fis a Guideoni a, chèf a fis Benjamin yo;
ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Abidan, fis a Guideoni a.
Nan dizyèm jou a, se te Ahiézer fis a Ammischaddaï a, chèf a fis Dan yo.
Ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Ahiézer, fis a Ammischaddaï a.
Nan onzyèm jou a, se te Paguiel, fis a Ocran an, chèf a fis Acer yo;
ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
yon towo, yon belye, yon mal mouton avèk laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Paguiel, fis a Ocran an.
Nan douzyèm jou a, se te Ahira, fis a Énan an, chèf a fis Nephtali yo;
ofrann pa li a se te yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
yon towo, yon belye, yon mal mouton avèk laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
Yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Ahira, fis a Énan nan.
84 When the altar was dedicated to Yahweh, those [twelve] leaders brought these gifts: —twelve silver plates and twelve silver bowls, weighing a total of about (60 pounds/27.6 kg.), each of them being weighed on the scales kept in the Sacred Tent; —twelve gold dishes filled with incense, weighing a total of about (three pounds/1.4 kg.), each being weighed on those same scales; —twelve bulls, twelve [full-grown] rams, and twelve one-year-old rams, to be sacrifices that were completely burned, along with the grain offerings; —twelve goats to be sacrificed [to forgive the people] for the sins [they have committed]; —and 24 bulls, 60 full-grown rams, 60 goats, and 60 rams that were one-year-old, to be sacrifices to maintain the people’s fellowship with Yahweh.
Sa se te ofrann dedikasyon pou lotèl la pa chèf Israël yo nan jou lotèl la te onksyone a: douz plato an ajan, douz bòl an ajan, douz kiyè soup ki fèt an lò,
chak plato ajan te peze san-trant sik e chak bòl swasann-dis; tout ajan a zouti yo se te de-mil-kat-san sik, selon sik sanktyè a;
douz kiyè soup an lò, plen lansan, ki peze dis sik chak, selon sik a sanktyè a, tout lò a kiyè yo te fè san-ven sik.
Tout bèf pou ofrann brile a, douz towo, belye yo douz, mal mouton nan laj 1 nan avèk ofrann sereyal pa yo, e douz mal kabrit kòm ofrann peche a;
epi tout bèf pou sakrifis lapè yo, venn-kat towo, belye yo, swasant, mal kabrit yo, swasant, mal mouton nan laj 1 nan yo, swasant. Sa se te ofrann dedikasyon lotèl la apre li te fin onksyone a.
89 Whenever Moses/I entered the Sacred Tent to talk with Yahweh, he/I heard Yahweh’s voice speaking between the two [images of] creatures with wings that were above the lid of the sacred chest.
Alò, lè Moïse te antre nan Tant Asanble a pou pale avèk Li, li te tande vwa la pale avèk li soti anwo twòn pwopiyatwa a ki te sou lach temwayaj la, ki sòti depi nan antre cheriben yo; e Li te pale avèk li.

< Numbers 7 >