< Amos 5 >

1 You people [MTY] of Israel, listen to this funeral song that I will sing about you:
Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou:
2 “You are like [MET] a young woman, but in spite of that, you will certainly be struck down and you will never get up again! You will lie on the ground, abandoned, and there will be no one to help you stand up.”
Pèp Izrayèl la tankou yon jenn fi. Li tonbe. Li p'ap janm leve ankò. Men li kouche atè a. Pa gen pesonn pou ba l' men.
3 This is what Yahweh the Lord says to the people [MTY] of Israel: [“When your enemies attack you, ] and when 1,000 [of your soldiers] will go [to a battle], there will be only 100 who will survive. When 100 soldiers march out [from a city to fight], there will be only ten who will remain alive.”
Seyè a di konsa: Lè yon lavil nan peyi Izrayèl la voye mil (1000) sòlda nan lagè, se san (100) ase ki tounen. Lè yon lòt lavil voye san (100) se dis ase ki tounen.
4 Yahweh continues to say to the people [MTY] of Israel: “You Israeli people, return to me! If you do that, you will continue to remain alive.
Seyè a pale ak pèp Izrayèl la, li di l' konsa: Tounen vin jwenn mwen, n'a gen lavi.
5 Do not go to Bethel to seek [my help]; do not go to Gilgal [to worship]; do not [even] go to Beersheba, because [your enemies] will drag away [the people of] Gilgal to other countries, and Bethel will be completely destroyed.”
Pa al chache m' lavil Betèl. Pa ale lavil Gilgal. Pa moute ale bò Bècheba al fè sèvis. Betèl pa la pou lontan. Yo gen pou yo depòte moun Gilgal yo voye yo nan peyi etranje.
6 So, come to Yahweh; if you do that, you will remain alive. If you do not do that, Yahweh will descend on you descendants [MTY] of Joseph like [SIM] a fire; that fire will burn everything in Bethel, and (nothing/no one) will be able to save that town.
Chache vin jwenn Seyè a, n'a gen lavi. Si se pa sa, l'ap tonbe sou pèp Izrayèl la tankou dife. Dife a ap boule lavil Betèl. Pesonn p'ap ka tenyen l'.
7 You people distort what is fair/right and cause [people to think that] it is something that is very bitter; you treat good things as though they are evil.
Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!
8 [Do you know who] created all the groups of stars and put them in their places? [Each morning] he causes the darkness to become the dawn, and [each evening] he causes the daylight to become darkness. He scoops up water from the oceans [to become clouds], and then he dumps the water [from the clouds] onto the earth. The one who does those things is named Yahweh.
Se Seyè a ki te fè zetwal yo, Lapousiyè ak Oryon. Li fè lannwit tounen lajounen, li fè lajounen tounen lannwit. Li rele dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele l' Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.
9 He causes strong [soldiers] to be killed, and causes the (high walls around/fortresses of) cities to be torn down.
Li rale malè sou gwo chèf yo, li fè kraze sitadèl yo nèt.
10 [He is the one who will punish you] because you hate those who challenge anyone who tries to make unjust decisions, and you hate those who tell the truth in your courts.
Nou pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal.
11 You oppress poor people and force them to pay big taxes. You have built big stone mansions [for yourselves], but you will not be able to live in them. You have planted vineyards, but there will not be any [grapes for you to harvest to make] wine.
Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo.
12 I know all of your sins and the terrible crimes that you have committed. You oppress righteous/honest people, and you accept bribes. You do not allow judges to treat poor people justly.
Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal.
13 This is a time when [many people do] evil things, so people who have good sense say nothing [when they hear about such things being done].
Se poutèt sa, yon moun ki gen konprann, se je wè bouch pe. Tan an twò move deyò a.
14 In order to remain alive, you must stop doing what is wrong, and start doing what is right. If you do that, the Commander of the armies of angels will be with you like you claim [that he always is].
Chache fè sa ki byen pou nou ka viv. Pa fè sa ki mal. Lè sa a, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, va kanpe avèk nou jan n'ap plede di l' la.
15 Love what is good, and hate what is evil! Try to cause [judges] in your courts to make decisions that are right/fair! If you do those things, perhaps the Commander of the armies of angels will act mercifully toward [you descendants of] Joseph who are still alive.
Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Seyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.
16 “Because I, Yahweh, [will punish you for your sins], this is what I have solemnly declared: People will be wailing loudly in every street, and people will be very sorrowful in every plaza. Farmers will be summoned to [come and] weep, along with the other official mourners who will wail [for those who have died].
Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la.
17 People will be wailing in your vineyards, because I will punish you [IDM] severely. [That will surely happen because] I, Yahweh, have said it!”
Nan tout jaden moun ap plenn. Tou sa, paske m'ap vin pini nou. Se Seyè a menm ki di sa.
18 Terrible things will happen to you who desire that it will soon be the day when Yahweh [will punish your enemies], because that will be a day of darkness, not of light.
Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Seyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè.
19 [At that time, ] when you try to run from a lion, you will face a bear. When you run into your house [to be safe], and you put your hand on a wall, it will be bitten by a snake.
Se va tankou yon nonm k'ap kouri pou lapli, epi li tonbe larivyè. Ou ankò, tankou yon moun ki rive lakay li, li mete men l' sou panno kay la, epi yon krab zarenyen mòde l'.
20 That day, [when he punishes people], will certainly be [RHQ] a very dark day [MET], without even a little bit of light.
Jou Seyè a ap vini an, va fè nwa kou lank, p'ap fè klate. Se va yon jou fènwa, san yon ti limyè.
21 [Yahweh says], “I hate your religious celebrations and the times when you gather to worship me; I detest them [DOU].
Seyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen.
22 Even if you bring me offerings that will be completely burned [on the altar] and offerings of grain, I will no longer accept them. Even if you bring me offerings to renew/maintain fellowship with me, I will not pay any attention to them.
Lè n'a pote bèt pou boule pou mwen, lè n'a fè m' ofrann gato, sa p'ap fè m' plezi. Ni mwen p'ap menm gade bèt gra nou pote vin ofri m' pou di m' mèsi.
23 So, stop singing noisy/loud songs! I will not listen when you play harps.
Sispann chante kantik nou yo nan zòrèy mwen. Mwen pa vle tande mizik gita nou yo ankò.
24 Instead, your continually acting justly/fairly and righteously should be [never stop, ] like [SIM] [the water in] a river that never stops flowing.
Tankou dlo k'ap kouri larivyè, se pou nou rann tout moun jistis nan peyi a. Tankou yon kouran dlo k'ap kouri san rete, se pou nou toujou fè sa ki dwat.
25 You Israeli people [MTY], your [ancestors] wandered through the desert for 40 years; and during that time, they never brought any sacrifices and offerings to me!
Nou menm, moun Izrayèl, pandan karantan nou pase nan dezè a, nou janm ofri bèt pou touye pou mwen? Nou janm ofri m' gato?
26 But they carried the two idols that they had made— the idols of Succoth, the god [that they considered to be] their king, and Kaiwan, [the image of the] star [that they worshiped].
Se konsa, koulye a nou gen pou nou pote lakay nou pòtre nou te fè pou nou yo: pòtre Sakit, wa nou an, ak pòtre zetwal Kevan an, bondye n'ap sèvi a.
27 Therefore, now I will force you to go to [a country that is] far beyond Damascus! [That will surely happen because] I, the Commander of the armies of angels, have said it!”
M'ap depòte nou nan yon peyi lòt bò Damas. Men sa Seyè a di, li menm yo rele Bondye ki gen tout pouvwa a.

< Amos 5 >