< 2 Chronicles 29 >

1 Hezekiah was 25 years old when he became the king [of Judah]. He ruled from Jerusalem for 29 years. His mother was Abijah, the daughter of [a man whose name was] Zechariah.
Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abija. Se te pitit fi Zakari.
2 Hezekiah did things that Yahweh considered to be right, like his ancestor King David had done.
Ezekyas te fè sa ki dwat devan Seyè a tankou David, zansèt li a, te fè l'.
3 During March of the first year that Hezekiah was ruling Judah, he unlocked the doors of the temple, and his workers repaired them.
Ezekyas te gen yon mwa depi li te wa, lè li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Li fè repare yo.
4 Then he gathered the priests and other descendants of Levi in the area on the east side of the temple,
Lèfini, li fè chache tout prèt yo ak moun Levi yo, li reyini yo sou lakou ki bay sou bò solèy leve nan Tanp lan.
5 and he said to them, “You descendants of Levi, listen to me! Consecrate yourselves. And then consecrate the temple of Yahweh, the God whom our ancestors [worshiped/belonged to]. Remove from the temple all the things that are not pleasing to God.
Li di yo: -Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m'ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a. Mete Tanp Seyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l' pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l' kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a.
6 Our ancestors disobeyed God; they did many things that he considered to be evil, things that were not pleasing to him. They abandoned this place where Yahweh lives, and they have turned away from him.
Zansèt nou yo pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye. Yo te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye nou an, yo vire do ba li. Yo pa t' okipe Tanp kote Seyè a rete a ankò. Yo pa gade l' menm!
7 They locked the doors of the temple and extinguished the lamps. They did not burn any incense, and they did not offer any sacrifices that were to be completely burned [on the altar].
Yo kondannen tout pòt nan Tanp lan, yo kite lanp yo mouri, yo sispann boule lansan, yo sispann boule bèt nan Tanp lan pou Bondye pèp Izrayèl la.
8 Therefore, Yahweh has become very angry with us people of Jerusalem and [other places in] Judah, and he has caused other people to become frightened and horrified [when they hear what Yahweh did to punish us]. And they ridicule us. You know this very well.
Se poutèt sa Seyè a te fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. Tout moun te sezi, tout moun te pè lè yo wè sa ki rive yo, tout moun t'ap pase yo nan betiz, tankou nou wè l' nou menm ak pwòp je nou tou.
9 That is why our fathers have been killed in battles, and our sons and daughters and our wives have been captured and taken [to other countries].
Yo touye papa nou yo nan lagè. Yo fè madanm ak pitit nou yo prizonye.
10 But now I intend to make an agreement with Yahweh, our God, in order that he will no longer be angry with us.
Se konsa mwen pran desizyon jòdi a pou m' pase yon kontra ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou li ka pa janm move sou nou ankò.
11 [You who are like] my sons, do not waste any time. [Do immediately what Yahweh wants you to do.] Yahweh has chosen you to stand in his presence and offer sacrifices and burn incense.”
Koulye a, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Seyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l', pou sèvi l', pou fè travay li, pou boule lansan pou li.
12 Then these descendants of Levi started to work [in the temple]: From the descendants of Kohath there were Mahath the son of Amasai, and Joel the son of Azariah. From the descendants of Merari there were Kish the son of Abdi, and Azariah the son of Jehallelel. From the descendants of Gershon there were Joah the son of Zimmah, and Eden the son of Joah.
Men moun Levi ki vin pote tèt yo an premye: Nan branch fanmi Keyat la, se te Makat, pitit Amasayi ak Joèl, pitit Azarya. Nan branch fanmi Merari a, se te Kich, pitit Abdi ak Azarya, pitit Jealelèl. Nan branch fanmi Gèchon an, se te Joak, pitit Zimna ak Edèn, pitit Joak.
13 From the descendants of Elizaphan there were Shimri and Jeiel. From the descendants of Asaph there were Zechariah and Mattaniah.
Nan branch fanmi Elizafan an, se te Chimri ak Jeiyèl. Nan branch fanmi Asaf la, se te Zekaraja ak Matanya.
14 From the descendants of Heman there were Jehiel and Shimei. From the descendants of Jeduthun there were Shemaiah and Uzziel.
Nan branch fanmi Eyman an, se te Jeiyèl ak Chimeyi. Nan branch fanmi Jedoutoun lan, se te Chemaja ak Ouziyèl.
15 When those men had gathered their fellow descendants of Levi and had consecrated themselves, they entered the temple in order to consecrate it. That was what the king had commanded them to do, and they were also obeying what Yahweh had commanded.
Mesye sa yo reyini tout fanmi yo, yo fè sèvis pou yo ka nan kondisyon sèvi Bondye. Lèfini, yo antre nan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon sèvi Bondye, jan wa a te ba yo lòd la, dapre sa ki nan lalwa Seyè a.
16 The priests entered the temple to consecrate it. They brought out into the courtyard of the temple everything that they had found in the temple that was not pleasing to Yahweh. Then the descendants of Levi took those things down to the Kidron Valley [and burned them there].
Prèt yo antre anndan Tanp lan pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Yo pran tout vye bagay yo jwenn ladan l', yo pote yo deyò nan lakou Tanp lan. Moun Levi yo menm ranmase yo nan lakou a, yo al jete yo nan ravin Sedwon an.
17 The priests and other descendants of Levi started this work on the first day of March and finished purifying the courtyard [of the temple] on the eighth day of that month, and they finished purifying the temple one week later.
Yo konmanse travay la premye jou premye mwa a. Sou wit jou, yo te rive anndan kote ki apa pou Bondye nan Tanp lan. Yo travay pandan wit jou ankò. Sou sèzyèm jou mwa a yo te fini nèt ak travay pou mete Tanp lan nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye ankò.
18 Then they went to King Hezekiah and reported, “We have purified all parts of the temple, and the altar where sacrifices are completely burned, and all the items used at the altar, the table on which the priests place the sacred bread, and the things [used at that table].
Lè yo fini, moun Levi yo ale lakay wa Ezekyas, yo di l': -Monwa, nou fin travay la, nou mete tout kay Seyè a, lotèl pou boule ofrann yo ak tout batri ki mache avè l' yo, tab pou pen yo mete apa pou Seyè a ak tout batri pa l' yo tou, nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
19 While Ahaz was our king, he disobeyed what Yahweh had commanded, and he removed from the temple many things [that should be there], but now we have brought them back and placed them in front of the sacred altar.”
Nou pran tout veso wa Akaz te detounen yo pandan tout tan li te vire do bay Bondye a, nou repare yo, nou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Koulye a, yo tout devan lotèl Seyè a.
20 Early the next morning, King Hezekiah gathered together the city officials, and they went to the [courtyard of the] temple.
Nan denmen maten, byen bonè, wa Ezekyas leve, li reyini tout chèf lavil la, li moute ak yo nan Tanp Seyè a.
21 They took with them seven bulls, seven rams, seven male lambs, and seven male goats to be an offering in order that Yahweh would forgive the sins of all the people in the kingdom of Judah, and in order to purify the temple. The king commanded that the priests, who were descendants of Aaron, should offer those animals to be sacrificed to Yahweh on the altar.
Yo mennen sèt ti towo, sèt belye mouton, sèt ti mouton, sèt bouk kabrit, yo ofri yo pou peye pou sa fanmi wa a ak tout moun pèp Jida yo te fè ki mal ak pou sa moun te fè ki mal nan Tanp lan. Wa a mande prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pou yo touye bèt yo sou lotèl Seyè a.
22 So first the priests slaughtered those bulls, and took their blood and sprinkled it on the altar. Then they slaughtered the rams and sprinkled their blood on the altar. Then they slaughtered the lambs and sprinkled their blood on the altar.
Prèt yo touye towo yo anvan, yo ranmase tout san an nan yon veso, yo al vide l' sou lotèl la. Apre sa, yo touye belye mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la. Apre sa ankò, yo touye ti mouton yo, yo al vide san yo sou lotèl la tou.
23 The goats that were slaughtered to be an offering in order that Yahweh would forgive the sins of the people were brought to the king and the others who were there. Then the king and those who were present laid their hands on those goats.
Lè yo fini, yo mennen bouk kabrit yo te ofri pou peche yo devan wa a ansanm ak lòt moun ki te la yo pou yo mete men yo sou tèt bèt yo.
24 Then the priests slaughtered those goats and splashed their blood on the altar in order that Yahweh would forgive the sins that all the Israeli people had committed. The priests did that because the king had commanded that offerings that would be completely burned [on the altar] and other sacrifices should be made for all the people of Israel.
Lè yo fin fè sa, prèt yo touye bouk kabrit yo, yo vide san yo sou lotèl la tankou yon ofrann pou peche yo. Yo ofri yo bay Bondye pou mande padon pou peche tout pèp Izrayèl la, paske wa a te bay lòd pou yo te boule ofrann lan pou tout pèp Izrayèl la.
25 The king then told the descendants of Levi to stand in the temple with their cymbals and harps and lyres, obeying what David and his prophets Gad and Nathan had commanded. Those were things that Yahweh had told his prophets that the descendants of Levi should do.
Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Seyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Seyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.
26 So the descendants of Levi [went and] stood in the temple, ready to play the musical instruments that King David had given to them. And the priests were ready to blow their trumpets.
Moun Levi yo al nan plas yo ak enstriman mizik David yo. Prèt yo te la tou ak twonpèt yo.
27 Then Hezekiah told some of the priests to burn the animals that would be sacrificed on the altar. When they started to burn the animals, the people started to sing to [praise] Yahweh, while the other descendants of Levi were playing their instruments.
Ezekyas bay lòd pou yo boule ofrann yo nèt sou lotèl la. Lè yo konmanse seremoni an, pèp la pran chante pou Seyè a, yo t'ap kònen twonpèt anmenmtan yo t'ap jwe lòt enstriman mizik David, wa peyi Izrayèl la.
28 All the people who were there bowed to worship Yahweh, while the singers sang and the trumpeters blew their trumpets. They continued to do this until they had finished slaughtering all the animals that would be completely burned.
Tout moun ki te la yo mete ajenou, mizisyen yo t'ap chante, yo t'ap kònen twonpèt pandan tout seremoni boule a.
29 When they finished making those offerings, the king and all those who were there knelt down and worshiped Yahweh.
Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye.
30 Then King Hezekiah and his officials commanded the descendants of Levi to praise Yahweh, singing the songs [composed/written] by David and Asaph the prophet. So they sang songs joyfully and bowed their heads to worship.
Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.
31 Then Hezekiah said, “You have now dedicated yourselves to Yahweh. So come close to the temple and bring animals to be sacrificed and other offerings to thank [Yahweh for what he has done for you].” And those who wanted to bring animals to be completely burned [on the altar] brought them.
Lè sa a, Ezekyas di pèp la: -Koulye a nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Seyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l'.
32 Altogether they brought 70 bulls, 100 rams, and 200 male lambs to be completely burned on the altar.
Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan (200) ti mouton pou yo te boule nèt pou Seyè a.
33 The other animals that they brought were 600 bulls and 3,000 sheep and goats that were set apart to be sacrifices.
Konsa tou, yo ofri sisan (600) towo, twamil (3.000) mouton pou yo touye pou Bondye.
34 But there were not enough priests to remove the skins from the animals that would be completely burned [on the altar]. So their fellow descendants of Levi helped them until that work was finished, and until other priests had purified/consecrated themselves to do that work. It was necessary for them to do that because many of the priests had not yet performed the rituals to consecrate themselves for that work, like the descendants of Levi had done.
Men prèt yo pa t' anpil, yo pa t' ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo.
35 In addition to the all the offerings that were completely burned [on the altar], the priests also burned the fat of the other animals that were sacrificed to maintain good fellowship with Yahweh, and the usual wine offerings. So the worship at the temple began again.
Lèfini, san konte tout bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, prèt yo te gen pou ofri bay Bondye grès lòt bèt yo te touye pou mande Bondye padon ak ofrann diven ki mache ak bèt yo boule nèt pou Seyè a. Se konsa yo konmanse ankò ap fè sèvis pou Bondye nan Tanp lan.
36 And Hezekiah and all the other people of Judah celebrated, because God had enabled them to do all those things very quickly.
Wa Ezekyas ak tout pèp la te kontan deske Bondye te penmèt yo fè tou sa san pèdi twòp tan.

< 2 Chronicles 29 >