< Mark 6 >

1 And he went forth from thence, and cometh into his own city, —and his disciples follow him.
Jezi kite kote l' te ye a, li ale nan lavil kote l' te grandi a. Disip li yo te ale avè l' tou.
2 And, when it was Sabbath, he began to be teaching in the synagogue, and, the greater part, as they heard, were being struck with astonishment, saying—Whence hath this man these things?—and—What the wisdom which hath been given to this man?—and—Such mighty works as these, through his hands, are coming to pass!
Lè jou repo a rive, li kòmanse moutre moun ki te nan sinagòg la anpil bagay. Foul moun ki t'ap koute l' yo te sezi anpil, yo t'ap di konsa: -Kote l' jwenn tout bagay sa yo? Kilès ki ba l' konesans sa yo? Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
3 Is not, this, the carpenter? the son of Mary, the brother of James and Joses and Judas and Simon? And are not his sisters here with us?—and they were finding cause of stumbling in him.
Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l' yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon tonbe nan peche.
4 And Jesus was saying unto them—A prophet is not without honour, save in his own city and among his kinsfolk, and in his house;
Lè sa a, Jezi di yo: -Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l', lakay li ak nan fanmi li.
5 and he could not, there, do so much as a single mighty work, —save, on a few sick, he laid his hands and cured them.
Se konsa li pa t' kapab fè okenn mirak la, esepte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo.
6 And he marvelled because of their unbelief. And he was going round the villages in a circuit, teaching.
Jezi te sezi wè jan yo pa t' kwè nan li. Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinaj la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay.
7 And he calleth near the twelve, and began to be sending them forth two and two, —and was giving them authority over the impure spirits:
Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri.
8 and charged them that they should take, nothing, for a journey, save a staff only, —no bread, no satchel, no copper, for the belt;
Li pase yo lòd sa a: -Pa pran anyen pou vwayaj la, esepte yon baton. Pa pote ni pen, ni sak. Pa mete lajan nan pòch nou.
9 but having bound on light sandals, and not to put on, two tunics;
Nou mèt mete sapat nan pye nou. Men, pa mete de rad sou nou.
10 and he was saying unto them—Wheresoever ye shall enter into a house, there, abide, until ye go forth from thence;
Epi li di yo ankò: -Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati.
11 And, whatsoever place shall not welcome you nor hearken unto you, when ye are going forth from thence, shake off the dust that is under you feet, for a witness against them.
Men, si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, ale fè wout nou. Souke pousyè pye nou. Konsa, yo p'ap ka di nou pa t' avèti yo.
12 And they went forth and made proclamation, in order that men should repent;
Douz disip yo pati; y' al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye.
13 and, many demons, were they casting out, —and were anointing with oil, many sick, and were curing them.
Yo te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo.
14 And King Herod heard, —for, famous, had become his name; and he was saying—John the Immerser hath arisen from among the dead, and, for this cause, are the powers working mightily in him;
Wa Ewòd te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l' toupatou. Gen moun ki t'ap di: -Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo.
15 But, others, were saying—It is Elijah, and, others were saying—A prophet, like one of the prophets!
Gen lòt ki t'ap di tou: -Se Eli. Epi gen lòt ankò ki t'ap di: -Se yon pwofèt tankou ansyen pwofèt yo.
16 But, when Herod heard, he was saying—He whom I beheaded—John, the same, hath been raised.
Men, lè Ewòd tande sa, li di konsa: -Se Jan wi. Mwen te fè koupe tèt li. Men, li tounen vivan ankò.
17 For, Herod himself, had sent and secured John and bound him in prison, for the sake of Herodias the wife of Philip his brother, —for, her, had he married,
Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l' nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li.
18 For John had been saying to Herod—It is not allowed thee, to have, the wife of thy brother.
Se konsa, Jan te di li: -Ou pa gen dwa pran madanm frè ou pou madanm ou.
19 And, Herodias, was cherishing [a grudge] against him, and wishing, to slay him, —and could not;
Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li.
20 for, Herod, stood in fear of John, knowing him to be a man righteous and holy, —and was keeping him safe; and, when he heard him, he paid earnest heed, and, with pleasure, used to listen to him.
Men, li pa t' kapab, paske Ewòd pou tèt pa l' te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sak fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l' pale tou, menm si apre sa kè l' te boulvèse.
21 And, an opportune day arriving, when Herod on his birthday made a feast for his nobles, and for the rulers of thousands and for the first men of Galilee,
Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l' lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a.
22 when the daughter of this very Herodias came in and danced, she pleased Herod and those reclining together, and, the king, said unto the damsel—Ask me what thou wilt, and I will give it thee;
Pitit fi Ewodyad la antre nan sal resepsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l' yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa: -Mande m' nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li.
23 and he took an oath to her—Whatsoever thou shalt ask me, I will give thee, unto half my kingdom.
Ewòd sèmante ba li, li di l' konsa: -Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an.
24 And, going out, she said unto her mother—What shall I ask? and she said—The head of John the Immerser;
Madmwazèl la soti, li al di manman li: -Kisa m' ta mande? Manman an reponn li: -Mande tèt Jan Batis.
25 And, coming in straightway, with hast, unto the king, she asked, saying—I desire, that, forthwith, thou give me, upon a charger, the head of John the Immerser.
Jenn fi a prese tounen kote wa a, li fè l' demann sa a: -Mwen ta vle pou ou ban mwen tèt Jan Batis koulye a, nan yon plato.
26 And, though the king was, very grieved, yet, by reason of the oaths, and of them who were reclining, he would not refuse her.
Kè wa a kase. Men, li pa t' kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo.
27 And the king, straightway, sending off a guard, gave orders to bring his head.
Menm lè a, li voye yon gad avèk lòd pou li al chache tèt Jan Batis pote vini.
28 And, departing, he beheaded him in the prison, and brought his head upon a charger, and gave it unto the damsel—and, the damsel, gave it unto her mother.
Gad la koupe tèt Jan Batis nan prizon an; li pote l' vini nan yon plato. Li bay madmwazèl la tèt la; madmwazèl la menm pote l' bay manman li.
29 And, hearing of it, his disciples went and took away his corpse, and laid it in a tomb.
Lè patizan Jan yo tande sa, yo vin pran kò a, yo mete l' nan yon kavo.
30 And the apostles gather themselves together unto Jesus, and reported unto him all things, as many as they had done, and as many as they had taught.
Lè apòt yo tounen vin jwenn Jezi, yo rakonte l' tou sa yo te fè ak tou sa yo te di.
31 And he saith unto them—Come, ye yourselves, apart, into a desert place, and rest yourselves a little. For they who were coming and they who were going were many, and, not even to eat, were they finding fitting opportunity.
Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: -Ann al avè m' yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo.
32 And they departed, in the boat, into a desert place, apart.
Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y' ale yon kote ki pa gen moun.
33 And many saw them going away, and took note of it, and, afoot, from all the cities, ran they together thither, —and outwent them.
Men, anpil moun te wè lè y' ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri soti nan tout bouk yo, yo gen tan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li.
34 And, coming forth, he saw, a great multitude, and was moved with compassion towards them, because they were like sheep having no shepherd, and he began to be teaching them many things.
Lè Jezi rive pou l' debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.
35 And, already, a late hour, having arrived, his disciples came unto him and were saying, A desert, is the place, and it is, already, a late hour:
Lè li te kòmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: -Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la.
36 dismiss them, that, departing into the surrounding hamlets and villages, they may buy themselves something to eat.
Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo.
37 But, he, answering said to them—Ye, give them, to eat. And they say unto him—Shall we depart and buy two hundred denaries’ worth of loaves, and give them to eat?
Jezi reponn yo: -Poukisa nou pa ba yo manje nou menm pito? Disip yo mande li: -Ou ta vle poun al achte pen pou mil (1.000) goud poun bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo:
38 And, he, saith unto them—How many loaves, have ye? Go, see! And, getting to know, they say—Five, and, two fishes.
-Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l' konsa: -Nou gen senk pen ak de pwason.
39 And he gave them orders, that all should be made recline, in parties, upon, the green grass.
Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip li yo fè tout moun chita atè sou zèb la, ti gwoup bò isit, ti gwoup bò la.
40 And they fell back, in companies, by hundreds and by fifties.
Moun yo menm chita pa ranje san moun, ranje senkant moun.
41 And, taking the five loaves, and the two fishes, looking up into heaven, he blessed, and brake up the loaves, and began giving unto the disciples, that they might set before them, and, the two fishes, divided he, unto all.
Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay moun yo. Li fè menm bagay ak de pwason yo.
42 And they did all eat, and were filled.
Tout moun manje vant plen.
43 And they took up broken pieces, twelve baskets, full measure, and from the fishes.
Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale.
44 And they who did eat the loaves were, five thousand men.
Te gen senkmil (5.000) moun antou ki te jwenn pen pou yo manje.
45 And, straightway, constrained he his disciples to enter into the boat, and be going forward to the other side, unto Bethsaida, —while, he, was dismissing the multitude.
Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan lòt bò lanmè a, nan direksyon Betsayda. Jezi menm te rete dèyè pou l' voye foul moun yo ale.
46 And, bidding them farewell, he departed into the mountain to pray.
Apre li fin ranvwaye yo, li al lapriyè sou yon ti mòn.
47 And, when, evening, came, the boat was in the midst of the sea, and, he alone, on the land.
Lè solèy fin kouche, kannòt la te nan mitan lanmè a toujou. Jezi te pou kont li atè.
48 And, seeing them distressed in the rowing, for the wind was against them, about the fourth watch of the night, he cometh unto them, walking upon the sea, —and was wishing to pass by them.
Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo naje zaviwon yo, paske van an te kontrè pou yo. Vè twazè nan maten, Jezi pran mache sou dlo lanmè a pou li al jwenn disip yo. Li te prèt pou depase yo.
49 But, they, seeing him, upon the sea, walking, supposed that it was an apparition, and cried out aloud;
Lè yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te kwè se te yon revenan. Yo pran rele.
50 for, all, saw him, and were troubled. But, he, straightway, talked with them, and saith unto them—Take courage! it is, I—be not afraid!
Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: -Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
51 And he went up unto them, into the boat, —and the wind lulled. And, exceedingly, within themselves, were they astonished;
Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi.
52 for they understood not by the loaves, —but their, heart, had been, hardened.
Yo pa t' konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou.
53 And crossing over unto the land, they came unto Gennesaret, and cast anchor near.
Yo fin travèse lanmè a, yo fè tè toupre lavil Jenezarèt. Yo mare kannòt la atè.
54 And, when they had, come forth, out of the boat, straightway, recognizing him,
Kou yo soti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi.
55 the people ran round the whole of that country, and began to be carrying round, upon couches, them who were sick, wherever they heard that he was.
Pèp la kouri nan tout peyi a; yo pote malad yo tou kouche sou nat ba li kote yo tande li te ye a.
56 And, wheresoever he was entering into villages, or into cities, or into hamlets, in the marketplaces, laid they the sick, and were beseeching him, that, only the fringe of his mantle, they might touch, and, as many soever as touched it, were being made well.
Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l' te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.

< Mark 6 >