< Leviticus 21 >

1 And the LORD said unto Moses, Speak unto the priests the sons of Aaron, and say unto them, There shall none defile himself for the dead among his people;
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk prèt yo, fis Aaron yo. Di yo konsa: ‘Pèsòn pa pou konwonpi kò l avèk yon moun mouri pami pèp li a,
2 except for his kin, that is near unto him, for his mother, and for his father, and for his son, and for his daughter, and for his brother;
sof pou fanmi ki pi prè li yo, tankou manman l, papa l, fis li, fi li ak frè li,
3 and for his sister a virgin, that is near unto him, which hath had no husband, for her may he defile himself.
ak pou sè vyèj li, ki prè li, ki pa t gen mari. Pou sila a, li kapab konwonpi kò l.
4 He shall not defile himself, [being] a chief man among his people, to profane himself.
Li pa pou konwonpi kò l, akoz li se yon gwo chèf pami pèp li a, e konsa, pou vin degrade tèt li.
5 They shall not make baldness upon their head, neither shall they shave off the corner of their beard, nor make any cuttings in their flesh.
“‘Yo pa pou fè tèt yo kale, ni taye bab yo, ni fè okenn blese nan chè yo.
6 They shall be holy unto their God, and not profane the name of their God: for the offerings of the LORD made by fire, the bread of their God, they do offer: therefore they shall be holy.
Yo va rete sen a Bondye pa yo a, e yo p ap konwonpi non Bondye pa yo a, paske se yo ki prezante ofrann dife bay SENYÈ a, manje pou Bondye pa yo a. Alò, fòk yo sen.
7 They shall not take a woman that is a harlot, or profane; neither shall they take a woman put away from her husband: for he is holy unto his God.
“‘Yo pa pou pran yon fanm ki degrade kòm pwostitiye, ni yo pa pou pran yon fanm ki divòse avèk mari li; paske li sen a Bondye pa li a.
8 Thou shalt sanctify him therefore; for he offereth the bread of thy God: he shall be holy unto thee: for I the LORD, which sanctify you, am holy.
Konsa, nou va konsakre li, paske li ofri ou manje Bondye nou an. Li va sen pou nou, paske Mwen, SENYÈ ki sanktifye nou an, Mwen sen.
9 And the daughter of any priest, if she profane herself by playing the harlot, she profaneth her father: she shall be burnt with fire.
“‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife.
10 And he that is the high priest among his brethren, upon whose head the anointing oil is poured, and that is consecrated to put on the garments, shall not let the hair of his head go loose, nor rend his clothes;
“‘Prèt ki se wo prèt pami frè li yo, sou tèt sila lwil onksyon an te vide a, e sila ki te konsakre pou abiye avèk vètman yo, pa pou dekouvri tèt li, ni chire rad li.
11 neither shall he go in to any dead body, nor defile himself for his father, or for his mother;
Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li.
12 neither shall he go out of the sanctuary, nor profane the sanctuary of his God; for the crown of the anointing oil of his God is upon him: I am the LORD.
Li pa pou sòti nan sanktyè a, ni konwonpi sanktyè Bondye li a, paske konsekrasyon lwil sen an sou li. Mwen se SENYÈ a.
13 And he shall take a wife in her virginity.
“‘Li va pran yon madanm ki vyèj.
14 A widow, or one divorced, or a profane woman, an harlot, these shall he not take: but a virgin of his own people shall he take to wife.
Yon vèv, oswa yon fanm divòse, oswa youn ki degrade kòm pwostitiye, sa yo, li pa kapab pran yo. Men okontrè, fòk li marye ak yon vyèj pami pwòp pèp pa li a.
15 And he shall not profane his seed among his people: for I am the LORD which sanctify him.
Li pa pou degrade desandan li yo pami pwòp pèp li a, paske Mwen se SENYÈ ki fè li sen an.’”
16 And the LORD spake unto Moses, saying,
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
17 Speak unto Aaron, saying, Whosoever he be of thy seed throughout their generations that hath a blemish, let him not approach to offer the bread of his God.
“Pale avèk Aaron. Di l: ‘Okenn moun pami nou ki gen yon defo fizik p ap pwoche pou ofri manje bay Bondye li a.
18 For whatsoever man he be that hath a blemish, he shall not approach: a blind man, or a lame, or he that hath a flat nose, or any thing superfluous,
Paske nenpòt moun ki gen yon defo p ap pwoche: yon nonm avèg, yon bwate, yon nonm ki gen figi defòme, oswa okenn manm kò defòme,
19 or a man that is brokenfooted, or brokenhanded,
yon nonm pye kase oswa men kase,
20 or crookbackt, or a dwarf, or that hath a blemish in his eye, or is scurvy, or scabbed, or hath his stones broken;
yon moun ki gen boul nan do oswa kata, oubyen yon moun ki gen defo nan zye li, oswa ekzema nan po, kal oswa boul grenn ki donmaje.
21 no man of the seed of Aaron the priest, that hath a blemish, shall come nigh to offer the offerings of the LORD made by fire: he hath a blemish; he shall not come nigh to offer the bread of his God.
Okenn moun nan ras Aaron, prèt ki gen defo pa pou pwoche pou fè ofrann SENYÈ a pa dife. Akoz li gen yon defo, li pa pou pwoche pou ofri pen ki pou Bondye li a.
22 He shall eat the bread of his God, both of the most holy, and of the holy.
Li kapab manje pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an.
23 Only he shall not go in unto the veil, nor come nigh unto the altar, because he hath a blemish; that he profane not my sanctuaries: for I am the LORD which sanctify them.
Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”
24 So Moses spake unto Aaron, and to his sons, and unto all the children of Israel.
Alò, Moïse te pale avèk Aaron, a fis li yo, e a tout fis Israël yo.

< Leviticus 21 >