< Isaiah 26 >

1 In that day, this song will be sung in the land of Judah: "We have a strong city. He appoints salvation for walls and ramparts.
Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda: “Nou gen yon vil ki fò; li monte miray ak ranfò pou sekirite.
2 Open the gates, that the righteous nation may enter: the one which keeps faith.
Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre; sila ki rete fidèl la.
3 You will keep him in peace, in peace whose thoughts are fixed on you, because he trusts in you.
Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou.
4 Trust in the LORD forever; for in YAH, the LORD, is an everlasting Rock.
Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan, paske nan BONDYE SENYÈ a, nou gen yon Wòch etènèl.
5 For he has brought down those who dwell on high, the lofty city. He lays it low to the ground. He casts it to the dust.
Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo, vil ki pa t kapab venk lan. Li te desann li ba. Li te desann li jis atè. Li te jete li nan pousyè.
6 The feet of the poor tramples it down, the footsteps of the needy."
Pye va foule l, pye a malere a, pla pye a sila ki san sekou yo.”
7 The way of the righteous is level. O Just One, you make the path of the righteous smooth.
Chemen moun jis se ladwati. O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.
8 Yes, in the path of your judgments, O LORD, have we waited for you. Your name and your renown are the desire of our soul.
Anverite, selon jijman Ou yo, O SENYÈ, nou t ap tann Ou. Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.
9 With my soul have I desired you in the night. Yes, my spirit within me will seek you early, for when your judgments are in the earth, the inhabitants of the world learn righteousness.
Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
10 Let favor be shown to the wicked, yet he will not learn righteousness. In the land of uprightness he will deal wrongfully, and will not see the LORD's majesty.
Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati. Li aji ak enjistis nan peyi ladwati. Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.
11 LORD, your hand is lifted up, yet they do not see; they see the zeal of the people, and are ashamed. Yes, fire will consume your adversaries.
O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.
12 LORD, you will ordain peace for us, for you have also worked all our works for us.
SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou, akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.
13 LORD our God, other lords besides you have had dominion over us, but by you only will we make mention of your name.
O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou; men se non Ou sèl, ke nap konfese.
14 The dead shall not live, and the departed spirits shall not rise. Therefore have you visited and destroyed them, and caused all memory of them to perish.
Sila ki mouri yo p ap viv. Lespri ki pati yo p ap leve ankò. Konsa, Ou te pini yo, detwi yo e Ou te efase tout memwa a yo menm.
15 You have increased the nation, O LORD. You have increased the nation. You are glorified. You have enlarged all the borders of the land.
Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ, Ou te agrandi nasyon an! Ou leve wo! Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.
16 LORD, in trouble they sought you. They poured out a prayer when your chastening was on them.
O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.
17 Like as a woman with child, who draws near the time of her delivery, is in pain and cries out in her pangs; so we have been before you, LORD.
Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche; li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan; se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.
18 We have been with child. We have been in pain. We gave birth, it seems, only to wind. We have not worked any deliverance in the earth; neither have the inhabitants of the world fallen.
Nou te ansent, nou te vire kò, men nou pa t bay nesans a plis ke van. Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a, ni pitit mond yo pa t tonbe.
19 Your dead shall live; my dead bodies shall rise. Awake and shout for joy, you who dwell in the dust; for your dew is like the dew of the dawn, and the earth shall bring forth the departed spirits.
Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.
20 Come, my people, enter into your chambers, and shut your doors behind you. Hide yourself for a little moment, until the indignation is past.
Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou e fèmen pòt nou dèyè nou. Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.
21 For, look, the LORD comes forth out of his place to punish the inhabitants of the earth for their iniquity. The earth also will disclose her blood, and will no longer cover her slain.
Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li, pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo. Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo, e li p ap kache mò li yo ankò.

< Isaiah 26 >