< Leviticus 23 >

1 And the Lord spoke to Moses, saying,
SENYÈ a te pale ankò avèk Moïse. Li te di:
2 Speak to the children of Israel, and you shall say to them, The feasts of the Lord which you shall call holy assemblies, these are my feasts.
“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Fèt chwazi SENYÈ a, ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen yo—fèt chwazi Mwen yo se sa yo.
3 Six days shall you do works, but on the seventh day is the sabbath; a rest, a holy convocation to the Lord: you shall not do any work, it is a sabbath to the Lord in all your dwellings.
“‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.
4 These [are] the feasts to the Lord, holy convocations, which you shall call in their seasons.
“‘Sa yo se lè fèt chwazi pou SENYÈ a, konvokasyon sen ke nou va pwoklame nan lè ki apwente pou yo.
5 In the first month, on the fourteenth day of the month, between the evening times is the Lord's passover.
Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a.
6 And on the fifteenth day of this month is the feast of unleavened bread to the Lord; seven days shall you eat unleavened bread.
Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven.
7 And the first day shall be a holy convocation to you: you shall do no servile work.
Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou p ap fè okenn travay di.
8 And you shall offer whole burnt offerings to the Lord seven days; and the seventh day shall be a holy convocation to you: you shall do no servile work.
Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’”
9 And the Lord spoke to Moses, saying,
Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
10 Speak to the children of Israel, and you shall say to them, When you shall enter into the land which I give you, and reap the harvest of it, then shall you bring a sheaf, the first fruits of your harvest, to the priest;
“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la.
11 and he shall lift up the sheaf before the Lord, to be accepted for you. On the morrow of the first day the priest shall lift it up.
Li va fè sign voye pake a anlè devan SENYÈ a pou nou, pou l kapab aksepte. Nan jou apre Saba a, prèt la va voye li anlè.
12 And you shall offer on the day on which you bring the sheaf, a lamb without blemish of a year old for a whole burnt offering to the Lord.
Alò, nan jou lè nou voye pake a anlè a, nou va ofri yon jenn mouton ki gen laj ennan(1 an) ki san defo pou yon ofrann brile bay SENYÈ a.
13 And its meat-offering two tenth portions of fine flour mingled with oil: it is a sacrifice to the Lord, a smell of sweet savor to the Lord, and its drink-offering the fourth part of a hin of wine.
Ofrann sereyal li, alò, va 2 dizyèm yon efa farin melanje avèk lwil, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, yon bagay santi bon, avèk ofrann bwason li, yon ka in diven.
14 And you shall not eat bread, or the new parched corn, until this same day, until you offer the sacrifices to your God: [it is] a perpetual statute throughout your generations in all your dwellings.
Jis rive nan jou sa a, jiskaske nou pote ofrann Bondye nou an, nou pa pou manje ni pen, ni sereyal boukannen, ni nouvo tij vèt. Sa dwe rete yon règleman ki la pou tout tan pami tout jenerasyon nou yo, nan tout domisil nou yo.
15 And you shall number to yourselves from the day after the sabbath, from the day on which you shall offer the sheaf of the heave-offering, seven full weeks:
“‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè.
16 until the morrow after the last week you shall number fifty days, and shall bring a new meat-offering to the Lord.
Nou va kontwole senkant jou jis rive nan jou apre setyèm Saba a, epi nou va prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a.
17 You shall bring from your dwelling loaves, as a heave-offering, two loaves: they shall be of two tenth portions of fine flour, they shall be baked with leaven of the first fruits to the Lord.
Nou va pote soti nan domisil nou yo de pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a.
18 And you shall bring with the loaves seven unblemished lambs of a year old, and one calf of the herd, and two rams without blemish, and they shall be a whole burnt offering to the Lord: and their meat-offerings and their drink-offerings [shall be] a sacrifice, a smell of sweet savor to the Lord.
Ansanm avèk pen an, nou va prezante sèt jenn mouton nan laj 1 nan, mal san defo, ak yon towo twoupo avèk de belye. Yo dwe yon ofrann brile bay SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, yon ofrann pa dife ki dous e santi bon a SENYÈ a.
19 And they shall sacrifice one kid of the goats for a sin-offering, and two lambs of a year old for a peace-offering, with the loaves of the first fruits.
Nou va osi ofri yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, ak de mal mouton ki gen laj 1 nan kòm yon sakrifis ofrann lapè.
20 And the priest shall place them with the loaves of the first fruits an offering before the Lord with the two lambs, they shall be holy to the Lord; they shall belong to the priest that brings them.
Konsa, prèt la va voye yo anlè avèk pen premye fwi yo kòm yon ofrann voye anlè avèk de jenn mouton yo devan SENYÈ a. Yo dwe sen a SENYÈ a pou prèt la.
21 And you shall call this day a convocation: it shall be holy to you; you shall do no servile work on it: it is a perpetual ordinance throughout your generations in all your habitations.
Nan menm jou sa a, nou va osi fè yon pwoklamasyon ke nou va gen yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay di. Se yon règleman pou tout tan nan tout domisil nou yo pandan tout jenerasyon nou yo.
22 And when you shall reap the harvest of your land, you shall not fully reap the remainder of the harvest of your field when you reap, and you shall not gather that which falls from your reaping; you shall leave it for the poor and the stranger: I [am] the Lord your God.
“‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
23 And the Lord spoke to Moses, saying,
Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
24 Speak to the children of Israel, saying, In the seventh month, on the first day of the month, you shall have a rest, a memorial of trumpets: it shall be to you a holy convocation.
“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va fè yon repo, yon tan pou sonje avèk son twonpèt yo, yon konvokasyon sen.
25 You shall do no servile work, and you shall offer a whole burnt offering to the Lord.
Nou pa pou fè okenn travay di, men nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.’”
26 And the Lord spoke to Moses, saying,
SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
27 Also on the tenth day of this seventh month is a day of atonement: it shall be a holy convocation to you; and you shall humble your souls, and offer a whole burnt offering to the Lord.
Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
28 You shall do no work on this self-same day: for this is a day of atonement for you, to make atonement for you before the Lord your God.
Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an.
29 Every soul that shall not be humbled in that day, shall be cut off from among its people.
Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, li va koupe retire de pèp li a.
30 And every soul which shall do work on that day, that soul shall be destroyed from among its people.
Pou nenpòt moun ki fè yon travay nan menm jou sa a, moun sa a, Mwen va detwi li pami pèp li a.
31 You shall do no manner of work: it is a perpetual statute throughout your generations in all your habitations.
Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo.
32 It shall be a holy sabbath to you; and you shall humble your souls, from the ninth day of the month: from evening to evening you shall keep your sabbaths.
Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou.
33 And the Lord spoke to Moses, saying,
Ankò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
34 Speak to the children of Israel, saying, On the fifteenth day of this seventh month, there shall be a feast of tabernacles seven days to the Lord.
“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a.
35 And on the first day shall be a holy convocation; you shall do no servile work.
Nan premye jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn kalite travay ki di.
36 Seven days shall you offer whole burnt offerings to the Lord, and the eighth-day shall be a holy convocation to you; and you shall offer whole burnt offerings to the Lord: it is a time of release, you shall do no servile work.
Pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan uityèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen e prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Se yon asanble solanèl. Nou pa pou fè okenn travay di.
37 These [are] the feasts to the Lord, which you shall call holy convocations, to offer burnt offerings to the Lord, whole burnt offerings and their meat-offerings, and their drink-offerings, that for each day on its day:
“‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a—ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, zafè chak jou nan pwòp jou pa li—
38 besides the sabbaths of the Lord, and besides your gifts, and besides all your vows, and besides your free will offerings, which you shall give to the Lord.
apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo.
39 And on the fifteenth day of this seventh month, when you shall have completely gathered in the fruits of the earth, you shall keep a feast to the Lord seven days; on the first day there shall be a rest, and on the eighth day a rest.
“‘Byen jis nan kenzyèm jou nan setyèm mwa a, lè nou gen tan antre rekòlt nan peyi a, nou va fete fèt ki pou SENYÈ a pandan sèt jou. Nou va fè yon repo solonèl nan premye jou a, e yon repo solonèl nan uityèm jou a.
40 And on the first day you shall take goodly fruit of trees, and branches of palm trees, and thick boughs of trees, and willows, and branches of osiers from the brook, to rejoice before the Lord your God seven days in the year.
Alò, nan premye jou a, nou va pran pou nou menm fèy ki sòti nan pyebwa ki bèl yo, branch pal yo avèk branch nan pyebwa ki gen fèy yo, pyebwa ki pann sou kote rivyè a ak ti dlo yo, e nou va rejwi devan SENYÈ a Bondye nou an pandan sèt jou.
41 [It is] a perpetual statute for your generations: in the seventh month you shall keep it.
Nou va selebre li konsa kòm yon fèt bay SENYÈ a pandan sèt jou nan ane a. Sa va yon règleman k ap dire nèt pandan tout jenerasyon nou yo. Nou va selebre li nan setyèm mwa a.
42 Seven days you shall dwell in tabernacles: every native in Israel shall dwell in tents,
Nou va viv nan tonèl yo pandan sèt jou. Tout natif Israël yo va viv nan tonèl yo,
43 that your posterity may see, that I made the children of Israel to dwell in tents, when I brought them out of the land of Egypt: I [am] the Lord your God.
pou jenerasyon nou yo kapab vin konnen ke fis Israël yo te viv nan tonèl lè Mwen te mennen yo, fè yo sòti nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
44 And Moses recounted the feasts of the Lord to the children of Israel.
Se konsa Moïse te deklare a fis Israël yo tout lè ki te deziye pa Bondye yo.

< Leviticus 23 >