< Psalms 67 >

1 God be merciful unto us, and bless us; and cause his face to shine upon us; (Selah)
Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou,
2 That your way may be known upon earth, your saving health among all nations.
pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm.
3 Let the people praise you, O God; let all the people praise you.
Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.
4 O let the nations be glad and sing for joy: for you shall judge the people righteously, and govern the nations upon earth. (Selah)
Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè.
5 Let the people praise you, O God; let all the people praise you.
Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou.
6 Then shall the earth yield her increase; and God, even our own God, shall bless us.
Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou.
7 God shall bless us; and all the ends of the earth shall fear him.
Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li.

< Psalms 67 >