< Nehemiah 9 >

1 Now in the twenty and fourth day of this month the children of Israel were assembled with fasting, and with sack clothes, and earth upon them.
Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
2 And the seed of Israel separated themselves from all strangers, and stood and confessed their sins, and the iniquities of their fathers.
Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite ankenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè.
3 And they stood up in their place, and read in the book of the law of the LORD their God one fourth part of the day; and another fourth part they confessed, and worshipped the LORD their God.
Pandan twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Seyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Seyè a, Bondye a.
4 Then stood up upon the stairs, of the Levites, Jeshua, and Bani, Kadmiel, Shebaniah, Bunni, Sherebiah, Bani, and Chenani, and cried with a loud voice unto the LORD their God.
Yo te moute yon lestrad pou moun Levi yo. Men moun ki te kanpe sou lestrad la: Se te Jozye, Bani, Kadmyèl, Chebanya, Bouni, Cherebya, Bani ak Kenani. Yo t'ap lapriyè byen fò nan pye Bondye.
5 Then the Levites, Jeshua, and Kadmiel, Bani, Hashabniah, Sherebiah, Hodijah, Shebaniah, and Pethahiah, said, Stand up and bless the LORD your God for ever and ever: and blessed be your glorious name, which is exalted above all blessing and praise.
Apre sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawòl. Yo di: -Leve non, mezanmi! Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou toutan toutan! Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mèsi ni fè lwanj li jan li merite l' la.
6 You, even you, are LORD alone; you have made heaven, the heaven of heavens, with all their host, the earth, and all things that are therein, the seas, and all that is therein, and you preserve them all; and the host of heaven worships you.
Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
7 You are the LORD the God, who did choose Abram, and brought him forth out of Ur of the Chaldees, and gave him the name of Abraham;
Seyè, se ou menm Bondye ki te chwazi Abram, ki te fè l' kite lavil Our nan peyi Kalde. Ou chanje non l', ou rele l' Abraram.
8 And found his heart faithful before you, and made a covenant with him to give the land of the Canaanites, the Hittites, the Amorites, and the Perizzites, and the Jebusites, and the Girgashites, to give it, I say, to his seed, and have performed your words; for you are righteous:
Lè ou wè li te soti pou l' kenbe pawòl li ak ou, ou pase yon kontra avè l'. Ou pwomèt w'ap ba li peyi moun Kanaran yo, peyi moun Et yo ak peyi moun Amori yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Jebis yo ak peyi moun Gigach yo pou li ak pou pitit pitit li yo. Ou te kenbe pwomès ou yo paske ou pa janm nan bay manti.
9 And did see the affliction of our fathers in Egypt, and heard their cry by the Red sea;
Ou te wè jan zansèt nou yo t'ap soufri nan peyi Lejip. Ou te tande jan yo t'ap rele mande sekou bò lanmè Wouj la.
10 And showed signs and wonders upon Pharaoh, and on all his servants, and on all the people of his land: for you knew that they dealt proudly against them. So did you get you a name, as it is this day.
Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t'ap sèvi l' yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a.
11 And you did divide the sea before them, so that they went through the midst of the sea on the dry land; and their persecutors you threw into the deeps, as a stone into the mighty waters.
Ou louvri yon chemen nan lanmè a pou pèp la pase san pye yo pa mouye. Moun ki t'ap pousib yo, ou neye yo nan fon lanmè. Yo fè fon tankou wòch nan gwo lanmè.
12 Moreover you led them in the day by a cloudy pillar; and in the night by a pillar of fire, to give them light in the way wherein they should go.
Lajounen se avèk yon gwo nwaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase.
13 You came down also upon mount Sinai, and spoke with them from heaven, and gave them right judgments, and true laws, good statutes and commandments:
Ou soti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l'. Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman.
14 And made known unto them your holy sabbath, and commandedst them precepts, statutes, and laws, by the hand of Moses your servant:
Ou moutre yo pou yo mete jou repo a apa pou ou. Ou voye Moyiz, sèvitè ou la, pou li ba yo tout kòmandman, tout lòd ak lalwa ou mande pou yo swiv.
15 And gave them bread from heaven for their hunger, and brought forth water for them out of the rock for their thirst, and promised them that they should go in to possess the land which you had sworn to give them.
Lè yo te grangou, ou ba yo pen ki soti nan syèl la. Lè yo te swaf dlo, ou fè dlo pete soti nan wòch. Ou ba yo lòd pou y' al pran pou yo peyi ou te pwomèt ou t'ap ba yo a.
16 But they and our fathers dealt proudly, and hardened their necks, and hearkened not to your commandments,
Men, zansèt nou yo kite lògèy vire lòlòj yo. Yo fè tèt di, yo derefize obeyi lòd ou te ba yo.
17 And refused to obey, neither were mindful of your wonders that you did among them; but hardened their necks, and in their rebellion appointed a captain to return to their bondage: but you are a God ready to pardon, gracious and merciful, slow to anger, and of great kindness, and forsook them not.
Yo refize obeyi ou, yo bliye tout bèl mèvèy ou te fè pou yo. Yo fè tèt di, yo chwazi yon chèf pou mennen yo tounen nan esklavaj peyi Lejip la. Men, ou se Bondye ki konn padonnen. Ou gen pitye, ou gen bon kè. Ou pa fè kòlè fasil, Ou pa t' janm sispann renmen yo. Ou pa t' lage yo.
18 Yea, when they had made them a molten calf, and said, This is your God that brought you up out of Egypt, and had wrought great provocations;
Yo fonn metal, yo fè yon zidòl fòm yon ti towo bèf. Epi yo di se li menm ki bondye yo, bondye ki te fè yo moute soti kite peyi Lejip. Lè sa a, se pi gwo jouman yo ta ka fè ou!
19 Yet you in your manifold mercies forsook them not in the wilderness: the pillar of the cloud departed not from them by day, to lead them in the way; neither the pillar of fire by night, to show them light, and the way wherein they should go.
Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pa t' wete nwaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit.
20 You gave also your good spirit to instruct them, and withheld not your manna from their mouth, and gave them water for their thirst.
Ou pran ti gout nan lespri ou, ou ba yo pou yo ka gen konprann. Ou toujou ba yo laman pou yo manje, ou toujou ba yo dlo lè yo te swaf dlo.
21 Yea, forty years did you sustain them in the wilderness, so that they lacked nothing; their clothes waxed not old, and their feet swelled not.
Pandan karantan, ou pran swen yo nan dezè a: yo pa janm manke anyen! Rad sou yo pa janm fini, pye yo pa janm anfle.
22 Moreover you gave them kingdoms and nations, and did divide them into corners: so they possessed the land of Sihon, and the land of the king of Heshbon, and the land of Og king of Bashan.
Ou lage nan men yo peyi anpil wa ak anpil pèp. Ou separe l' ba yo pou chak moun viv nan limit ou ba yo. Yo pran peyi Esbon, kote wa Siyon t'ap gouvènen an, ak peyi Bazan kote wa Og te chèf la.
23 Their children also multiplied you as the stars of heaven, and brought them into the land, concerning which you had promised to their fathers, that they should go in to possess it.
Ou ba yo anpil pitit, menm kantite ak zetwal nan syèl la. Ou mennen yo nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap fè yo pran pou yo a.
24 So the children went in and possessed the land, and you subdued before them the inhabitants of the land, the Canaanites, and gave them into their hands, with their kings, and the people of the land, that they might do with them as they would.
Yo anvayi peyi Kanaran, yo pran l' pou yo. Ou fè moun peyi Kanaran an bese tèt devan yo. Ou lage tout wa yo ak tout pèp ki t'ap viv nan peyi a nan men pèp ou a, pou yo te fè ak yo sa yo te vle.
25 And they took strong cities, and a fat land, and possessed houses full of all goods, wells dug, vineyards, and olive yards, and fruit trees in abundance: so they did eat, and were filled, and became fat, and delighted themselves in your great goodness.
Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.
26 Nevertheless they were disobedient, and rebelled against you, and cast your law behind their backs, and slew your prophets which testified against them to turn them to you, and they wrought great provocations.
Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesaj pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!
27 Therefore you delivered them into the hand of their enemies, who vexed them: and in the time of their trouble, when they cried unto you, you heard them from heaven; and according to your manifold mercies you gave them saviours, who saved them out of the hand of their enemies.
Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle we yo, ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo.
28 But after they had rest, they did evil again before you: therefore left you them in the land of their enemies, so that they had the dominion over them: yet when they returned, and cried unto you, you heard them from heaven; and many times did you deliver them according to your mercies;
Men, kou ou ba yo yon ti souf, yo konmanse ap fè sa ki mal ankò devan ou. Ou lage yo nan men lènmi ki t'ap kraze yo. Lè sa a ankò, yo pran rele nan pye ou. Ou menm menm, ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou sitèlman gen bon kè, se pa ni de ni twa fwa ou delivre yo.
29 And testified against them, that you might bring them again unto your law: yet they dealt proudly, and hearkened not unto your commandments, but sinned against your judgments, (which if a man do, he shall live in them; ) and withdrew the shoulder, and hardened their neck, and would not hear.
Ou te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo. Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo. Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo. Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou.
30 Yet many years did you forbear them, and testified against them by your spirit in your prophets: yet would they not give ear: therefore gave you them into the hand of the people of the lands.
Pandan lontan lontan, ou pran pasyans ak yo, ou voye lespri ou sou pwofèt ou yo pou avèti yo. Men, yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Lè sa a, ou lage yo nan men moun lòt nasyon yo.
31 Nevertheless for your great mercies' sake you did not utterly consume them, nor forsake them; for you are a gracious and merciful God.
Men, ou sitèlman gen bon kè, ou pa fin detwi yo nèt, ou pa lage yo nèt ale. Paske ou se yon Bondye ki gen bon kè, yon Bondye ki gen pitye pou moun!
32 Now therefore, our God, the great, the mighty, and the terrible God, who keep covenant and mercy, let not all the trouble seem little before you, that has come upon us, on our kings, on our princes, and on our priests, and on our prophets, and on our fathers, and on all your people, since the time of the kings of Assyria unto this day.
Koulye a, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouraj, yon Bondye ki fè moun respekte l'. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk koulye a. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.
33 Nevertheless you are just in all that is brought upon us; for you have done right, but we have done wickedly:
Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal.
34 Neither have our kings, our princes, our priests, nor our fathers, kept your law, nor hearkened unto your commandments and your testimonies, wherewith you did testify against them.
Wi, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t' fè sa ki nan lalwa ou la. Yo pa t' koute kòmandman ak avètisman ou te ba yo.
35 For they have not served you in their kingdom, and in your great goodness that you gave them, and in the large and fat land which you gave before them, neither turned they from their wicked works.
Lè yo t'ap viv nan peyi yo a avèk pwòp wa yo, avèk tout gwo benediksyon ou te ba yo, nan gwo peyi plen bon venn tè ou te mete nan men yo a, yo pa t' sèvi ou, yo pa t' sispann fè move bagay.
36 Behold, we are servants this day, and for the land that you gave unto our fathers to eat the fruit thereof and the good thereof, behold, we are servants in it:
Jòdi a, nou tounen esklav nan pwòp peyi nou, nan peyi ou te bay zansèt nou yo, pou yo te ka pwofite rekòt tè a bay ak tout lòt riches ki ladan l'. Nou tounen esklav lakay nou!
37 And it yields much increase unto the kings whom you have set over us because of our sins: also they have dominion over our bodies, and over our cattle, at their pleasure, and we are in great distress.
Tout rekòt peyi a al nan pòch wa ou mete sou kou nou. Tou sa, paske nou te fè peche. Yo fè sa yo vle ak nou ansanm ak bèt nou yo. Aa! Gade nan ki mizè nou ye non!
38 And because of all this we make a sure covenant, and write it; and our princes, Levites, and priests, seal unto it.
Avèk tout bagay sa yo ki rive nou, jòdi a nou menm pèp Izrayèl la, n'ap pran yon angajman, n'ap kouche l' sou papye. Epi tout chèf nou yo, tout moun Levi nou yo ak tout prèt nou yo pral siyen dokiman an anvan nou mete so sou li.

< Nehemiah 9 >