< Psalms 50 >

1 A Psalme of Asaph. The God of Gods, euen the Lord hath spoken and called the earth from the rising vp of the sunne vnto the going downe thereof.
Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
2 Out of Zion, which is the perfection of beautie, hath God shined.
Bondye parèt, li klere byen bèl depi Siyon, mòn ki bèl tout bon an.
3 Our God shall come and shall not keepe silence: a fire shall deuoure before him, and a mightie tempest shall be mooued round about him.
Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
4 Hee shall call the heauen aboue, and the earth to iudge his people.
Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l' temwen. Li pral jije pèp li a.
5 Gather my Saints together vnto me, those that make a couenant with me with sacrifice.
Li di: -Sanble tout moun k'ap sèvi m' yo nan pye m'. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.
6 And the heauens shall declare his righteousnes: for God is iudge himselfe. (Selah)
Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
7 Heare, O my people, and I wil speake: heare, O Israel, and I wil testifie vnto thee: for I am God, euen thy God.
Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
8 I wil not reproue thee for thy sacrifices, or thy burnt offerings, that haue not bene continually before me.
Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
9 I will take no bullocke out of thine house, nor goates out of thy foldes.
Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
10 For all the beastes of the forest are mine, and the beastes on a thousand mountaines.
Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.
11 I knowe all the foules on the mountaines: and the wilde beastes of the fielde are mine.
Mwen konnen tout zwezo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.
12 If I bee hungry, I will not tell thee: for the world is mine, and all that therein is.
Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.
13 Will I eate the flesh of bulles? or drinke the blood of goates?
Eske m' manje vyann towo bèf? Eske m' bwè san bouk kabrit?
14 Offer vnto God praise, and pay thy vowes vnto the most High,
Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
15 And call vpon me in the day of trouble: so will I deliuer thee, and thou shalt glorifie me.
Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
16 But vnto the wicked said God, What hast thou to doe to declare mine ordinances, that thou shouldest take my couenant in thy mouth,
Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
17 Seeing thou hatest to bee reformed, and hast cast my wordes behinde thee?
Nou pa vle kite m' korije nou. Nou derefize obeyi kòmandman mwen yo.
18 For when thou seest a thiefe, thou runnest with him, and thou art partaker with the adulterers.
Lè nou wè yon vòlè, nou fè zanmi avèk li. Nou met tèt nou ansanm ak fanm movèz vi yo.
19 Thou giuest thy mouth to euill, and with thy tongue thou forgest deceit.
Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.
20 Thou sittest, and speakest against thy brother, and slanderest thy mothers sonne.
Nou chita, n'ap pale frè nou mal. N'ap bay manti sou frè nou ki menm manman ak nou.
21 These things hast thou done, and I held my tongue: therefore thou thoughtest that I was like thee: but I will reproue thee, and set them in order before thee.
Nou fè tou sa, epi nou te vle pou m' pe bouch mwen? Nou mete nan tèt nou se menm moun ak nou mwen ye? Men koulye a, mwen pral fè nou pran men nou. Mwen pral mete tout bagay aklè devan je nou.
22 Oh cosider this, ye that forget God, least I teare you in pieces, and there be none that can deliuer you.
Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
23 He that offereth praise, shall glorifie mee: and to him, that disposeth his way aright, will I shew the saluation of God.
Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

< Psalms 50 >