< Psalms 102 >

1 A prayer of the afflicted, when he shall be in distresse, and pour forth his meditation before the Lord. O Lord, heare my prayer, and let my crye come vnto thee.
Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.
2 Hide not thy face from me in the time of my trouble: incline thine eares vnto me: when I call, make haste to heare me.
Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou.
3 For my dayes are consumed like smoke, and my bones are burnt like an herthe.
Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.
4 Mine heart is smitten and withereth like grasse, because I forgate to eate my bread.
Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje.
5 For the voyce of my groning my bones doe cleaue to my skinne.
Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn.
6 I am like a pelicane of the wildernesse: I am like an owle of the deserts.
Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.
7 I watch and am as a sparrowe alone vpon the house top.
Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay.
8 Mine enemies reuile me dayly, and they that rage against me, haue sworne against me.
Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman.
9 Surely I haue eaten asshes as bread, and mingled my drinke with weeping,
Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè.
10 Because of thine indignation and thy wrath: for thou hast heaued me vp, and cast me downe.
Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen.
11 My dayes are like a shadowe that fadeth, and I am withered like grasse.
Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb.
12 But thou, O Lord, doest remaine for euer, and thy remembrance from generation to generation.
Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou!
13 Thou wilt arise and haue mercy vpon Zion: for the time to haue mercie thereon, for the appointed time is come.
W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.
14 For thy seruants delite in the stones thereof, and haue pitie on the dust thereof.
Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.
15 Then the heathen shall feare the Name of the Lord, and all the Kings of the earth thy glory,
Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.
16 When the Lord shall build vp Zion, and shall appeare in his glory,
Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.
17 And shall turne vnto the prayer of the desolate, and not despise their prayer.
L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.
18 This shall be written for the generation to come: and the people, which shalbe created, shall prayse the Lord.
Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li.
19 For he hath looked downe from the height of his Sanctuarie: out of the heauen did the Lord beholde the earth,
Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè,
20 That he might heare the mourning of the prisoner, and deliuer the children of death:
pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo.
21 That they may declare the Name of the Lord in Zion, and his prayse in Ierusalem,
Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm,
22 When the people shalbe gathered together, and the kingdomes to serue the Lord.
lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a.
23 He abated my strength in the way, and shortened my dayes.
Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'.
24 And I sayd, O my God, take me not away in the middes of my dayes: thy yeeres endure from generation to generation.
Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou.
25 Thou hast aforetime layde the foundation of the earth, and the heauens are the worke of thine hands.
Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.
26 They shall perish, but thou shalt endure: euen they all shall waxe olde as doeth a garment: as a vesture shalt thou change them, and they shall be changed.
Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.
27 But thou art the same, and thy yeeres shall not fayle.
Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.
28 The children of thy seruants shall continue, and their seede shall stand fast in thy sight.
Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.

< Psalms 102 >