< Ezekiel 44 >

1 Then he brought me towarde the gate of the outwarde Sanctuarie, which turneth towarde the East, and it was shut.
Nan lè sa a, Li te mennen m retounen pa chemen a pòtay eksteryè sanktiyè a, ki bay fas li vè lès la; epi li te fèmen.
2 Then saide the Lord vnto me, This gate shalbe shut, and shall not bee opened, and no man shall enter by it, because the Lord God of Israel hath entred by it, and it shalbe shut.
SENYÈ a te di mwen: “Pòtay sa a va fèmen. Li p ap louvri, ni pèsòn p ap janm antre pa li, paske SENYÈ Bondye Israël la te, antre pa li. Akoz sa, li va fèmen.
3 It appertaineth to the Prince: the Prince himselfe shall sit in it to eate bread before the Lord: he shall enter by the way of the porche of that gate, and shall go out by the way of the same.
Pou prens lan, li va chita ladann tankou prens pou manje pen devan SENYÈ a. Li va antre pa chemen galri pòtay la, e li va sòti pa menm chemen an.”
4 Then brought he mee toward the North gate before the House: and when I looked, beholde, the glorie of the Lord filled the house of the Lord, and I fell vpon my face.
Epi li te mennen m pa chemen pòtay nò a pou rive devan kay la. Konsa, mwen te gade e vwala glwa SENYÈ a te ranpli lakay SENYÈ a, e mwen te tonbe sou figi m.
5 And the Lord sayd vnto me, Sonne of man, marke well, and behold with thine eyes, and heare with thine eares, all that I say vnto thee, concerning al the ordinances of the house of the Lord, and al the lawes thereof, and marke well the entring in of the house with euery going forth of the Sanctuarie,
SENYÈ a te di mwen: “Fis a lòm, make byen, gade ak zye ou, e tande ak zòrèy ou tout sa ke M di ou konsènan tout règleman lakay SENYÈ yo, e konsènan tout lwa li yo. Epi make byen antre kay la, ak tout sòti ki gen nan sanktyè a.
6 And thou shalt say to the rebellious, euen to ye house of Israel, Thus saith ye Lord God, O house of Israel, ye haue ynough of al your abominations,
Ou va di a sila k ap fè rebèl yo: ‘Senyè BONDYE la di: “Se kont! Sispann fè tout abominasyon nou yo, O lakay Israël.
7 Seeing that yee haue brought into my Sanctuarie strangers, vncircumcised in heart, and vncircumcised in flesh, to bee in my Sanctuarie, to pollute mine house, when yee offer my bread, euen fat, and blood: and they haue broken my couenant, because of all your abominations.
Lè nou te mennen etranje yo antre, ensikonsi nan kè yo ak ensikonsi nan chè yo, pou antre nan sanktyè Mwen an, pou pwofane li, menm lakay Mwen an, lè nou te ofri manje Mwen an, grès ak san an; paske yo te anile akò Mwen an—tout sa, anplis de tout abominasyon nou yo.
8 For yee haue not kept the ordinances of mine holy things: but you your selues haue set other to take the charge of my Sanctuarie.
Epi nou pa t rete responsab nou menm, de bagay sen Mwen yo, men te mete etranje yo responsab de sanktiyè mwen an.”
9 Thus saieth the Lord God, No stranger vncircumcised in heart, nor vncircumcised in flesh, shall enter into my Sanctuarie, of any stranger that is among the children of Israel,
Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn etranje ensikonsi nan kè, ak ensikonsi nan chè, tout etranje ki pami fis Israël yo, p ap antre nan sanktyè pa M nan.
10 Neither yet ye Leuites that are gone backe from me, when Israel went astray, which went astray from thee after their idoles, but they shall beare their iniquitie.
“‘“Men Levit ki te ale lwen Mwen lè Israël te vin egare a, ki te vin egare kite Mwen ki t ap kouri dèyè zidòl yo, va pote pinisyon pou inikite pa yo.
11 And they shall serue in my Sanctuarie, and keepe the gates of the House, and minister in the House: they shall slay the burnt offring and the sacrifice for the people: and they shall stand before them to serue them.
Malgre sa, yo va fè sèvis nan sanktiyè Mwen an, pou gen zye sou pòtay kay yo, ak fè sèvis nan kay la. Yo va touye ofrann brile ak sakrifis pou pèp la, e yo va kanpe devan yo pou fè sèvis.
12 Because they serued before their idoles, and caused the house of Israel to fall into iniquitie, therfore haue I lift vp mine had against the, saith the Lord God, and they shall beare their iniquity,
Akoz yo te fè sèvis pou yo devan zidòl yo, e yo te vin yon wòch chite, inikite, pou lakay Israël; akoz sa, Mwen te sèmante kont yo”, deklare Senyè BONDYE a: “Ke yo va pote pinisyon pou inikite pa yo a.
13 And they shall not come neere vnto me to do ye office of ye Priest vnto me, neyther shall they come neere vnto any of mine holy things in the most holy place, but they shall beare their shame and their abominations, which they haue comitted.
Konsa, yo p ap vin rapwoche de Mwen, pou sèvi kon prèt pou Mwen, ni vin rapwoche de okenn nan bagay sen Mwen yo, vè bagay ki sen pase tout lòt yo; men yo va pote wont ak abominasyon ke yo te fè yo.
14 And I will make them keepers of ye watch of the House, for all the seruice thereof, and for all that shalbe done therein.
Malgre sa, Mwen va deziye yo pou kenbe responsabilite kay la, pou tout sèvis ak tout sa k ap fèt ladann.
15 But the Priests of the Leuites, the sonnes of Zadok, that kept the charge of my Sanctuarie, when the children of Israel went astray from me, they shall come neere to me to serue me, and they shall stande before me to offer me the fat and the blood, saith the Lord God.
“‘“Men prèt Levit yo, fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite sanktyè pa M nan lè fis Israël yo te vin egare kite Mwen an, va vin rapwoche de Mwen pou fè sèvis pou Mwen. Yo va kanpe devan M pou ofri Mwen grès ak san an,” deklare Senyè BONDYE a.
16 They shall enter into my Sanctuarie, and shall come neere to my table, to serue me, and they shall keepe my charge.
Yo va antre nan sanktiyè Mwen an. Yo va vin rapwoche de tab Mwen an pou fè sèvis Mwen, e kenbe responsabilite Mwe, n an.
17 And whe they shall enter in at the gates of the inner court, they shall be clothed with linen garments, and no wool shall come vpon the while they serue in ye gates of the inner court, and within.
“‘“Li va fèt ke lè yo antre nan pòtay lakou enteryè yo, yo va abiye ak vètman len. Epi lenn p ap sou yo pandan y ap fè sèvis nan pòtay lakou enteryè yo ak anndan kay yo.
18 They shall haue linnen bonets vpon their heades, and shall haue linnen breeches vpon their loynes: they shall not girde them selues in the sweating places.
Moso twal an len va sou tèt yo e souvètman fèt ak len va nan ren yo. Yo p ap abiye ak okenn bagay ki pou fè yo swè.
19 But when they goe foorth into the vtter court, euen to the vtter court to the people, they shall put off their garments, wherein they ministred, and lay them in the holy chambers, and they shall put on other garments: for they shall not sanctifie the people with their garments.
Lè yo sòti deyò vè pèp la, nan lakou deyò a, yo va retire vètman yo te sèvi nan fè sèvis la, e lage yo nan chanm sen yo. Yo va mete lòt vètman pou yo pa transmèt sentete a pèp la avèk vètman yo.
20 They shall not also shaue their heades, nor suffer their lockes to growe long, but rounde their heades.
“‘“Anplis, yo p ap pase razwa nan tèt yo, ni yo p ap kite cheve a vin long. Se sèl cheve nan tèt yo y ap koupe.
21 Neither shall any Priest drinke wine when they enter into the inner court.
Ni okenn nan prèt yo pa pou bwè divin pandan y ap antre nan lakou enteryè a.
22 Neither shall they take for their wiues a widowe, or her that is diuorced: but they shall take maidens of the seede of the house of Israel, or a widow that hath bene the widow of a Priest.
Epi yo p ap marye ak yon vèv ni yon fanm divòse, men yo va pran vyèj ki soti nan desandan lakay Israël yo, oswa yon vèv ki se vèv a yon prèt.
23 And they shall teach my people the difference betweene the holy and prophane, and cause them to discerne betweene the vncleane and the cleane.
Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.
24 And in controuersie they shall stande to iudge, and they shall iudge it according to my iudgements: and they shall keepe my lawes and my statutes in all mine assemblies, and they shall sanctifie my Sabbaths.
“‘“Nan yon diskisyon, yo va kanpe pran plas yo pou jije. Yo va jije sa selon òdonans Mwen yo. Yo va anplis, kenbe lwa M yo, ak règleman Mwen yo, nan tout fèt chwazi Mwen yo. Yo va kenbe tout Saba Mwen yo sen.
25 And they shall come at no dead person to defile theselues, except at their father, or mother, or sone, or daughter, brother or sister, that hath had yet none husband: in these may they be defiled.
“‘“Yo p ap ale kote yon moun mouri pou yo vin souye; sepandan, pou papa, manman, pou fis, fi, pou frè, oswa yon sè ki pa t gen mari, yo kapab souye tèt yo.
26 And when he is clensed, they shall reckon vnto him seuen dayes.
Aprè li fin netwaye, sèt jou va ekoule pou li.
27 And when he goeth into ye Sanctuarie vnto the inner court to minister in the Sanctuarie, he shall offer his sinne offring, saith ye Lord God.
Nan jou ke li antre nan sanktiyè a, nan lakou enteryè pou fè sèvis nan sanktiyè a, li va ofri lofrann peche pa li a”, deklare Senyè BONDYE a.
28 And the Priesthood shall bee their inheritance, yea, I am their inheritance: therefore shall ye giue them no possessio in Israel, for I am their possession.
“‘Epi sa va konsidere kon yon eritaj pou yo, ke se Mwen ki eritaj yo; epi ou p ap bay yo okenn posesyon an Israël——se Mwen menm ki posesyon yo.
29 They shall eate the meat offring, and the sinne offring, and the trespas offring, and euery dedicate thing in Israel shall be theirs.
Yo va manje ofrann sereyal la, ofrann peche a, ak ofrann koupabilite; epi tout bagay ki konsakre an Israël va pou yo.
30 And all the first of all the first borne, and euery oblation, euen all of euery sort of your oblations shall be the Priestes. Ye shall also giue vnto the Priest the first of your dough, that he may cause the blessing to rest in thine house.
Premye a tout premye fwi tout kalite ak tout don a tout kalite soti nan tout sa nou kontribye va pou prèt yo. Nou va, anplis, bay prèt la premye nan bòl farin nou yo, pou fè benediksyon vin poze sou lakay nou.
31 The Priests shall not eate of any thing, that is dead, or torne, whether it be foule or beast.
Prèt yo p ap manje okenn zwazo, bèt ki te mouri pa mò natirèl, oswa ki te dechire an mòso.

< Ezekiel 44 >