< 1 Chronicles 19 >

1 After this also Nahash the King of the children of Ammon dyed, and his sonne reigned in his stead.
Apre sa, Nakach, wa lavil Amon, mouri. Se pitit gason li ki moute wa nan plas li.
2 And Dauid said, I will shew kindnesse vnto Hanun the sonne of Nahash, because his father shewed kindnesse vnto me. And Dauid sent messengers to comfort him for his father. So the seruants of Dauid came into the lande of the children of Ammon to Hanun to comfort him.
David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun, pitit Nakach la, paske papa l' te boule byen avè m'. Se konsa, David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Mesaje David yo rive lakay Anoun nan peyi moun Amon yo pou konsole l'.
3 And the princes of the children of Ammon said to Hanun, Thinkest thou that Dauid doeth honour thy father, that he hath sent comforters vnto thee? Are not his seruants come to thee to search, to seeke and to spie out the land?
Men, chèf moun Amon yo di Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Wete sa nan tèt ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen sa k'ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou.
4 Wherefore Hanun tooke Dauids seruants, and shaued them, and cut off their garments by the halfe vnto the buttocks, and sent them away.
Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen.
5 And there went certaine and tolde Dauid concerning the men: and he sent to meete them (for the men were exceedingly ashamed) and the King saide, Tarie at Iericho, vntill your beardes be growen: then returne.
Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò.
6 When the children of Ammon saw that they stanke in the sight of Dauid, then sent Hanun and the children of Ammon a thousande talents of siluer to hire them charets and horsemen out of Aram Naharaim and out of Aram Maachah, and out of Zobah.
Wa Anoun ak moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo pran mil pyès ajan, yo voye chache sòlda, cha lagè, ak kavalye kay moun Aram yo lavil Narayim, lavil Maka ak lavil Zoba pou vin goumen pou yo.
7 And they hired them two and thirty thousande charets, and the King of Maachah and his people, which came and pitched before Medeba: and the children of Ammon gathered themselues together from their cities, and came to the battell.
Se konsa yo lwe sèvis tranndemil (32.000) cha lagè ki vin kanpe devan lavil Medeba ansanm ak wa lavil Maka a ak tout lame li a. Moun peyi Amon yo kite lavil yo, yo reyini ansanm pou pare pou batay la.
8 And when Dauid heard, he sent Ioab and all the hoste of the valiant men.
David vin konnen sa. Li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo.
9 And the children of Ammon came out, and set their battell in aray at the gate of the citie. And the Kings that were come, were by them selues in the fielde.
Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil la. Wa ki te vin ede yo bò pa yo pran pozisyon nan plenn lan.
10 When Ioab saw that the front of the battel was against him before and behinde, then he chose out of all the choyse of Israel, and set him selfe in aray to meete the Aramites.
Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan, ni sou dèyè. Sa l' fè, li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo.
11 And the rest of the people he deliuered vnto the hande of Abishai his brother, and they put them selues in aray against the children of Ammon.
Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a. Li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo.
12 And he saide, If Aram be too strong for me, then thou shalt succour me: and if the children of Ammon preuaile against thee, then I wil succour thee.
Joab di Abichayi konsa: -Si nou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou.
13 Be strong, and let vs shewe our selues valiant for our people, and for the cities of our God, and let the Lord doe that which is good in his owne sight.
Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.
14 So Ioab and the people that was with him, came neere before the Aramites vnto the battel, and they fled before him.
Joab ak sòlda ki te avè l' yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li.
15 And when the children of Ammon sawe that the Aramites fled, they fled also before Abishai his brother, and entred into the citie: so Ioab came to Ierusalem.
Lè moun peyi Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, frè Joab la, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab tounen tounen l' lavil Jerizalèm.
16 And when the Aramites sawe that they were discomfited before Israel, they sent messengers and caused the Aramites to come forth that were beyond the riuer: and Shophach the captaine of the hoste of Hadarezer went before them.
Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo, yo voye yon mesaj bay moun Aram ki te lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou yo. Yo reyini lavil Elam. Se Chofak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo.
17 And when it was shewed Dauid, he gathered all Israel, and went ouer Iorden, and came vnto them, and put him selfe in aray against them: And when Dauid had put him selfe in battel aray to meete the Aramites, they fought with him.
Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li mache sou yo, li pran pozisyon devan yo. David ranje sòlda li yo pou li goumen ak moun Aram yo. Epi batay la konmanse.
18 But the Aramites fled before Israel, and Dauid destroyed of the Aramites seuen thousand charets, and fourtie thousand footemen, and killed Shophach the captaine of the hoste.
Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sòlda ki te sou sètmil (7.000) cha lagè ak karantmil (40.000) sòlda ki te apye. Yo touye Chofak, chèf lame lènmi an.
19 And when the seruants of Hadarezer sawe that they fell before Israel, they made peace with Dauid, and serued him. And the Aramites would no more succour the children of Ammon.
Lè moun ki te avek Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak David. Yo soumèt devan li. Se konsa, moun Aram yo pa t' vle vin pote moun Amon yo sekou ankò.

< 1 Chronicles 19 >