< Luke 14 >

1 One Sabbath Jesus went to have a meal at the home of one of the leaders of the Pharisees where they watched him closely.
Li te rive ke lè L te antre lakay a youn nan dirijan Farizyen yo, nan Saba a pou manje pen, yo t ap veye L de prè.
2 A man was there whose arms and legs were swollen.
Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.
3 So Jesus asked the experts in religious law and the Pharisees, “Does the law allow healing on the Sabbath, or not?”
Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: “Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”
4 But they kept quiet. Jesus touched the man, healed him, and sent him on his way.
Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.
5 Then Jesus said to them, “If your son or your ox happened to fall into a well on the Sabbath, wouldn't you go and pull him out immediately?”
Li te di yo: “Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?”
6 They weren't able to give an answer.
Epi yo pa t kapab reponn sa menm.
7 So he told a story to the guests, noticing how they'd chosen to sit in places of honor.
Alò, Li te kòmanse pale an parabòl a sila ki te envite yo, lè L te wè jan yo t ap chwazi chita nan plas donè sou tab la. Li t ap di yo:
8 “When you're invited to a wedding reception, don't take the place of honor, because someone more important than you may have been invited,” he began.
“Lè nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la.
9 “Your host who invited you both will come and tell you, ‘Give this man your place.’ Then in embarrassment you'll have to move to whatever place is left.
Epi sila ki te envite nou toulède a ka petèt vin di ou: ‘Bay plas ou a nonm sila a, e answit akgwo wont, w ap vin okipe dènye plas la’.
10 Instead, when you're invited, take the lowest place, so that when your host comes in, he'll tell you, ‘My friend, please move to a better seat.’ Then you'll be honored before all the guests sitting with you.
“Men, lè nou envite, ale chita nan dènye plas la, dekwa ke lè sila a ki te envite nou an vini, li kapab di nou: ‘Zanmivin pi devan’. Konsa, nou va gen onè nan zye a tout moun ki chita sou menm tab sa a avèk nou.
11 For those who exalt themselves will be humbled, and those who humble themselves will be exalted.”
“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”
12 Then he said to the man who had invited him, “When you give a lunch or a dinner, don't invite your friends, or your brothers, or your relatives, or your rich neighbors, for they may invite you back, and then you'd be repaid.
Anplis, Li te ale di a sila a ki te envite L la: “Lè w ap fè yon bankè oswa yon soupe, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ki rich yo, otreman yo ta kab envite ou anretou, e sa va sèvi kòm rekonpans a ou menm.
13 Instead, when you give a banquet, invite the poor, the crippled, the lame, the blind,
“Men lè w ap fè yon resepsyon, envite malere yo, sila ki bwate yo, ki kokobe yo, ak avèg yo.
14 and you will be blessed, for they have nothing to repay you with, and you'll be rewarded at the resurrection of the good.”
Konsa ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou remèt ou sa; paske yo va remèt ou sa nanrezirèksyon moun ki jis yo.”
15 When one of them eating at the table with Jesus heard this, he said to Jesus, “How wonderful it will be for those who feast in the kingdom of God!”
Lè youn nan sila ki te chita sou tab avèk Li yo te tande sa, li te di Li: “Beni se tout moun ki va manje pen nan wayòm Bondye a!”
16 “Once there was a man who prepared a great banquet, and invited many guests,” Jesus replied.
Men Li te di li: “Yonmesye t ap fè yon gwo bankè, e li te envite anpil moun.
17 “When it was time to eat he sent his servant out to tell everyone who had been invited, ‘Come, because the banquet's ready.’
Nan lè bankè a, li te voye esklav Li pou di sila ki te envite yo: ‘Vini! Tout bagay pare koulye a.’
18 But they all started to make excuses. The first said, ‘I've just bought a field and I have to go and see it. Please excuse me.’
“Men yo tout ansanm te kòmanse fè eskiz. “Premye a te di li: ‘Mwen achte yon mòso tè, e Mwen bezwen ale wè l. Silvouplè, eskize mwen.’
19 Another said, ‘I've just bought five pairs of oxen and have to go and try them out. Please excuse me.’ Still another said,
“Yon lòt te di: ‘Mwen fenk achte senk pè bèf kabwa, e mwen pral eseye yo. Silvouplè, eskize mwen.’
20 ‘I've just got married, so I can't come.’
“Epi Yon lòt te di: ‘Mwen fenk marye ak yon fi, e pou rezon sa a, mwen pa kapab vini.’
21 The servant returned and told his master what they'd said. The home-owner became angry and told his servant, ‘Quickly, go out into the streets and alleys of the town, and bring in the poor and crippled and blind and lame.’
“Esklav la te retounen rapòte sa a mèt li. Answit mèt kay la te vin fache, e te di a esklav li a: ‘Ale depi koulye a nan tout lari ak wout vil yo, e mennen isit la malere yo, bwate yo, avèg ak kokobe yo.’
22 Then the servant said, ‘Master, I did what you told me, but there are still empty places.’
“Konsa, esklav la te di: “Mèt, sa ou te mande gen tan fèt, e malgre sa, gen espas toujou.
23 So the master told the servant, ‘Go out on the country roads and lanes, and make people come—I want my house to be full.
“Mèt la te di a esklav la: ‘Ale nan gran ri yo ak sou kote kloti yo, epi fòse yo antre, pou kay mwen an kapab byen plen.
24 I tell you, not a single one of those people I invited will get a taste of my banquet.’”
Paske mwen di nou ke pa gen nan moun sila yo ki te envite k ap goute manje mwen an.’”
25 A large crowd was accompanying Jesus. He turned to them and said,
Alò, gwo foul la t ap prale avè l, e Li te vire di yo:
26 “If you want to follow me but you don't hate your father and mother, and wife and children, and brothers and sisters—even your own life—you can't be my disciple.
“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.
27 If you don't carry your cross and follow me, you can't be my disciple.
Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.
28 If you planned to build a tower, wouldn't you first work out how much it would cost, and see if you had enough money to complete it?
“Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l?
29 Otherwise, if after laying the foundation you weren't able to finish it, everyone who saw it would laugh at you, saying,
Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz.
30 ‘Look at him: he started building but he couldn't finish it.’
Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
31 What king goes to war with another king without first sitting down with his advisors to work out whether he and his ten thousand can defeat the one marching against him with twenty thousand?
“Oubyen ki wa, lè li pati pou rankontre yon lòt wa nan batay, li p ap dabòkalkile si l ap gen ase de fòs avèk di-mil moun pou rankontre lòt la k ap vin kont li avèk ven-mil?
32 If he can't, he'll send representatives to ask for peace while the other king is still a long way off.
Otreman, pandan lòt la toujou lwen, l ap voye yon delegasyon pou mande kondisyon pou fè lapè.
33 In the same way every one of you who doesn't give up everything can't be my disciple.
“Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li parenonse ak tout sa li posede.
34 Salt is good, but if it loses its taste, how can you make it salty again?
“Konsa, sèl la bon; men si menmsèl la, pèdi gou li, avèk kisa li va reprann gou l.
35 It's no good for the soil or for fertilizer—you just toss it out. Whoever has ears, then listen!”
Li initil ni pou tè a, ni pou fimye a; fòk li jete. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.”

< Luke 14 >