< Leviticus 11 >

1 And the Lord spoke to Moses and Aaron, saying:
Senyè a te pale ankò a Moïse avèk Aaron, e Li te di yo:
2 Say to the children of Israel: These are the animals which you are to eat of all the living things of the earth.
“Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Sa yo se kreyati ke nou kapab manje pami tout bèt ki sou latè yo.
3 Whatsoever hath the hoof divided, and cheweth the cud among the beasts, you shall eat.
Nenpòt bèt ki gen zago ki fann e ki remoute manje yo, nan bèt sa yo, nou kapab manje.
4 But whatsoever cheweth indeed the cud, and hath a hoof, but divideth it not, as the camel, and others, that you shall not eat, but shall reckon it among the unclean.
“‘Sepandan, nou pa pou manje nan sa yo, pami sila ki remoute manje e ki gen zago ki fann yo: chamo, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou.
5 The cherogrillus which cheweth the cud, but divideth not the hoof, is unclean.
Menm jan an, daman an, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago, li pa pwòp pou nou;
6 The hare also: for that too cheweth the cud, but divideth not the hoof.
Lapèn tou, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou.
7 And the swine, which, though it divideth the hoof, cheweth not the cud.
Epi kochon an, paske malgre li divize zago, ki fè l yon zago fann, li pa remoute manje li; li pa pwòp pou nou.
8 The flesh of these you shall not eat, nor shall you touch their carcasses, because they are unclean to you.
Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou.
9 These are the things that breed in the waters, and which it is lawful to eat. All that hath fins, and scales, as well in the sea, as in the rivers, and the pools, you shall eat.
“‘Sa yo nou kapab manje, nenpòt sa ki nan dlo: tout sa ki gen zèl ak kal, sa yo ki nan dlo, nan lanmè oswa nan rivyè, nou kapab manje yo.
10 But whatsoever hath not fins and scales, of those things that move and live in the waters, shall be an abomination to you,
Men nenpòt sa ki nan lanmè oswa nan rivyè ki pa gen zèl avèk kal pami tout sa ki gen lavi nan dlo yo, yo se bagay abominab pou nou.
11 And detestable: their flesh you shall not eat, and their carcasses you shall avoid.
Konsa, yo va abominab pou nou. Nou pa pou manje chè yo, ak kadav yo. Nou va deteste yo.
12 All that have not fins and scales, in the waters, shall be unclean.
Nenpòt sa ki nan dlo ki pa gen zèl ak kal abominab pou nou.
13 Of birds these are they which you must not eat, and which are to be avoided by you: The eagle, and the griffon, and the osprey,
“‘Sa yo, anplis, nou va deteste pami zwazo yo; yo abominab, yo pa pou manje: èg, òfrè, avèk èg lanmè,
14 And the kite, and the vulture, according to their kind,
malfini, karanklou avèk tout espès li yo,
15 And all that is of the raven kind, according to their likeness.
kòbo, avèk tout espès li yo,
16 The ostrich, and the owl, and the larus, and the hawk according to its kind.
otrich avèk janmichèt, poul dlo, malfini avèk tout espès li yo,
17 The screech owl, and the cormorant, and the ibis,
koukou, plonjon ak frize,
18 And the swan, and the bittern, and the porphyrion,
gwo kana mawon blan, pelikan, chwèt,
19 The heron, and the charadrion according to its kind, the houp also, and the bat.
sigòy, krabye avèk tout espès li, chòchòt ak sèpantye.
20 Of things that fly, whatsoever goeth upon four feet, shall be abominable to you.
“‘Tout ensèk avèk zèl ki mache sou kat pye abominab pou nou.
21 But whatsoever walketh upon four feet, but hath the legs behind longer, wherewith it hoppeth upon the earth,
Sepandan, sa yo nou kapab manje yo pami ensèk ak zèl; sa ki mache sou kat pye yo, ki gen anlè pye kole ak janm ki sèvi pou sote sou tè a.
22 That you shall eat, as the bruchus in its kind, the attacus, and ophiomachus, and the locust, every one according to their kind.
Sa ladan yo, nou kapab manje: krikèt chan avèk tout espès li, krikèt voras avèk tout espès li yo, krikèt kay avèk tout espès li yo, e krikèt volan avèk tout espès li yo.
23 But of dying things whatsoever hath four feet only, shall be an abomination to you:
Men tout lòt ensèk a zèl ki gen kat pye abominab pou nou.
24 And whosoever shall touch the carcasses of them, shall be defiled, and shall be unclean until the evening:
“‘Anplis, pa bagay sila yo, nou vin pa pwòp: nenpòt moun ki touche kadav yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.
25 And if it be necessary that he carry any of these things when they are dead, he shall wash his clothes, and shall be unclean until the sun set.
Nenpòt moun ki ranmase kadav li yo va lave rad li e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
26 Every beast that hath a hoof, but divideth it not, nor cheweth the cud, shall be unclean: and he that toucheth it, shall be defiled.
“‘Tout zannimo avèk zago ki divize, men ki pa fann nèt, oswa ki pa remoute manje yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche yo vin pa pwòp.
27 That which walketh upon hands of all animals which go on all four, shall be unclean: he that shall touch their carcasses shall be defiled until evening.
Nenpòt zannimo ki mache sou pat li; pami tout kreyati ki mache sou kat pat yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche kadav li yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.
28 And he that shall carry such carcasses, shall wash his clothes, and shall be unclean until evening: because all these things are unclean to you.
Sila ki ranmase kadav yo va lave rad yo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Yo pa pwòp pou nou.
29 These also shall be reckoned among unclean things, of all that move upon the earth, the weasel, and the mouse, and the crocodile, every one according to their kind:
“‘Men sa ki pa pwòp pou nou pami bagay ki trennen atè yo: zagoudi, sourit, gran leza ak tout espès li yo,
30 The shrew, and the chameleon, and the stello, and the lizard, and the mole:
zandolit, gwo kayiman, zandolit gongolo avèk kameleyon.
31 All these are unclean. He that toucheth their carcasses shall be unclean until the evening.
Sa yo pa pwòp pou nou pami sa ki trennen atè yo. Nenpòt moun ki touche yo lè yo mouri vin pa pwòp jis rive nan aswè.
32 And upon what thing soever any of their carcasses shall fall, it shall be defiled, whether it be a vessel of wood, or a garment, or skins or haircloths; or any thing in which work is done, they shall be dipped in water, and shall be unclean until the evening, and so afterwards shall be clean.
Nenpòt bagay sou li ke youn nan yo ta tonbe lè l mouri, bagay sa a va vin pa pwòp, enkli nenpòt bagay an bwa, vètman, po, yon sak—nenpòt bagay pou itilizasyon li fèt la—li va mete nan dlo, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè, e apre sa li va vin pwòp ankò.
33 But an earthen vessel, into which any of these shall fall, shall be defiled, and therefore is to be broken.
Osi, pou nenpòt veso ki fèt avèk ajil kote yon bèt ta tonbe; nenpòt bagay ki ladann va vin pa pwòp. Epi nou va kraze veso a.
34 Any meat which you eat, if water from such a vessel be poured upon it, shall be unclean; and every liquor that is drunk out of any such vessel, shall be unclean.
Nan nenpòt manje ki kapab manje, ki vin gen dlo sou li, sa vin pa pwòp, e nenpòt likid ke nou kapab bwè de li, nan tout veso, li va vin pa pwòp.
35 And upon whatsoever thing any of these dead beasts shall fall, it shall be unclean: whether it be oven, or pots with feet, they shall be destroyed, and shall be unclean.
Anplis, tout bagay ladann yon pati nan kadav bèt la ta kapab tonbe, li vin pa pwòp; yon chodyè oswa yon fou va kraze an mòso. Yo pa pwòp e yo va kontinye rete pa pwòp pou nou.
36 But fountains and cisterns, and all gatherings together of waters shall be clean. He that toucheth their carcasses shall be defiled.
Sepandan, yon sitèn oswa yon sous va rete pwòp, malgre ke sila ki touche kadav bèt yo va pa pwòp.
37 If it fall upon seed corn, it shall not defile it.
Si yon pati nan kadav yo vin tonbe sou nenpòt semans ki dwe plante, li toujou pwòp.
38 But if any man pour water upon the seed, and afterwards it be touched by the carcasses, it shall be forthwith defiled.
Men si dlo vin sou grenn semans lan, e yon pati nan kadav la tonbe sou li, li vin pa pwòp pou nou.
39 If any beast die, of which it is lawful for you to eat, he that toucheth the carcass thereof, shall be unclean until the evening:
“‘Si youn nan bèt ki pwòp pou manje yo, vin mouri, moun ki touche kadav li a vin pa pwòp jis rive nan aswè.
40 And he that eateth or carrieth any thing thereof, shall wash his clothes, and shall be unclean until the evening.
Sila a tou, ki manje kèk nan kadav li a va lave rad li, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Anplis sila ki ranmase kadav li a va lave rad li, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
41 All that creepeth upon the earth shall be abominable, neither shall it be taken for meat.
“‘Alò, tout bagay trennen ki trennen atè abominab, li pa pou manje.
42 Whatsoever goeth upon the breast on four feet, or hath many feet, or traileth on the earth, you shall not eat, because it is abominable.
Nenpòt bèt ki rale sou vant li, e nenpòt bèt ki mache sou kat pye, nenpòt bèt ki gen anpil pye, an rapò ak tout sa ki trennen atè, nou pa pou manje yo, paske yo abominab.
43 Do not defile your souls, nor touch aught thereof, lest you be unclean,
Pa rann tèt nou vin abominab pa okenn nan bagay ki trennen atè yo. Pa fè tèt nou pa pwòp avèk yo pou nou pa vin pa pwòp.
44 For I am the Lord your God: be holy because I am holy. Defile not your souls by any creeping thing, that moveth upon the earth.
Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè.
45 For I am the Lord, who brought you out of the land of Egypt, that I might be your God.
Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou. Konsa nou va sen, paske Mwen sen.’”
46 You shall be holy, because I am holy. This is the law of beasts and fowls, and of every living creature that moveth in the waters, and creepeth on the earth:
“‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè,
47 That you may know the differences of the clean, and unclean, and know what you ought to eat, and what to refuse.
pou fè yon distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp, e antre kreyati ki kab manje ak sa ki pa kab manje.’”

< Leviticus 11 >