< Genesis 7 >

1 And the Lord said to him: Go in thou and all thy house into the ark: for thee I have seen just before me in this generation.
Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen.
2 Of all clean beasts take seven and seven, the male and the female.
Nan tout bèt ki bon pou moun manje, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite. Nan tout bèt ki pa bon pou moun manje, w'a pran yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite.
3 But of the beasts that are unclean two and two, the male and the female. Of the fowls also of the air seven and seven, the male and the female: that seed may be saved upon the face of the whole earth.
Konsa tou, pou zwazo k'ap vole nan syèl la, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite, pou ras la pa disparèt sou latè.
4 For yet a while, and after seven days, I will rain upon the earth forty days and forty nights; and I will destroy every substance that I have made, from the face of the earth.
Paske, nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè.
5 And Noe did all things which the Lord had commanded him.
Noe fè tout sa Seyè a te ba li lòd fè a.
6 And he was six hundred years old, when the waters of the flood overflowed the earth.
Noe te gen sisanzan (600 an) lè inondasyon an te fèt sou latè.
7 And Noe went in and his sons, his wife and the wives of his sons with him into the ark, because of the waters of the flood.
Li antre nan batiman an, li menm, pitit gason li yo, madanm li ansanm ak madanm pitit li yo pou yo te ka chape anba inondasyon an.
8 And of beasts clean and unclean, and of fowls, and of every thing that moveth upon the earth,
tout kalite bèt, kit sa ki bon pou moun manje, kit sa ki pa bon pou moun manje, tout zwazo, tout bèt ki trennen sou vant,
9 Two and two went in to Noe into the ark, male and female, as the Lord had commanded Noe.
yo tout yo vin jwenn Noe nan batiman an, de pa de, mal ak fenmèl, jan Bondye te bay Noe lòd la.
10 And after the seven days were passed, the waters of the flood overflowed the earth.
Sou sèt jou vre, dlo kouvri tout latè.
11 In the six hundredth year of the life of Noe, in the second month, in the seventeenth day of the month, all the fountains of the great deep were broken up, and the flood gates of heaven were opened:
Jou ki fè Noe sisanzan (600 an), yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a.
12 And the rain fell upon the earth forty days and forty nights.
Lapli tonbe san rete pandan karant jou karant nwit.
13 In the selfsame day Noe, and Sem, and Cham, and Japheth his sons: his wife, and the three wives of his sons with them, went into the ark:
Menm jou sa a, Noe, madanm li, pitit gason l' yo, Sèm, Kam ak Jafè, ansanm ak madanm yo antre nan batiman an,
14 They and every beast according to its kind, and all the cattle in their kind, and every thing that moveth upon the earth according to its kind, and every fowl according to its kind, all birds, and all that fly,
ansanm ak tout kalite bèt domestik, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo, tout kalite ti zwazo, tout kalite bèt ki gen zèl.
15 Went in to Noe into the ark, two and two of all flesh, wherein was the breath of life.
Yo tout yo te vin jwenn Noe nan batiman an, de grenn nan chak kalite bèt vivan ki sou latè.
16 And they that went in, went in male and female of all flesh, as God had commanded him: and the Lord shut him in on the outside.
Se konsa, yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite bèt vivan antre nan batiman an, jan Bondye te bay lòd la. Epi Bondye fèmen pòt la dèyè Noe.
17 And the flood was forty days upon the earth, and the waters increased, and lifted up the ark on high from the earth.
Pandan karant jou, dlo kouvri tout tè a. Dlo yo gonfle, yo fè batiman an pèdi tè.
18 For they overflowed exceedingly: and filled all on the face of the earth: and the ark was carried upon the waters.
Dlo yo ranfòse, yo gonfle pi rèd sou tè a jouk batiman an t'ap flote nèt sou dlo a.
19 And the waters prevailed beyond measure upon the earth: and all the high mountains under the whole heaven were covered.
Dlo a moute pi rèd toujou anwo tè a, li kouvri tèt tout gwo mòn ki anba syèl la.
20 The water was fifteen cubits higher than the mountains which it covered.
Dlo a moute vennsenk pye depase tèt mòn yo.
21 And all flesh was destroyed that moved upon the earth, both of fowl, and of cattle, and of beasts, and of all creeping things that creep upon the earth: and all men.
Lè sa a, tout bèt sou latè mouri: zwazo, bèt domestik, zannimo, tout bèt ki trennen sou vant yo, ansanm ak tout moun.
22 And all things wherein there is the breath of life on the earth, died.
tout bèt vivan ak tout moun sou latè mouri.
23 And he destroyed all the substance that was upon the earth, from man even to beast, and the creeping things and fowls of the air: and they were destroyed from the earth: and Noe only remained, and they that were with him in the ark.
Se konsa, Seyè a detwi tout bèt, tout sa ki te sou latè, depi ou tande se moun jouk zannimo domestik, bèt ki trennen sou vant ak zwazo k'ap vole nan syèl la. Yo tout yo disparèt sou latè. Sèl moun ki te rete se te Noe avèk lòt moun ki te nan batiman an ansanm ak li yo.
24 And the waters prevailed upon the earth a hundred and fifty days.
Apre sa, dlo a rete anwo tè a pandan sansenkant (150) jou.

< Genesis 7 >

The Great Flood
The Great Flood