< Psalms 80 >

1 To the chief Musician. On Shoshannim-Eduth. Of Asaph. A Psalm. Give ear, O Shepherd of Israel, thou that leadest Joseph like a flock; thou that sittest [between] the cherubim, shine forth.
Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
2 Before Ephraim and Benjamin and Manasseh, stir up thy strength, and come to our deliverance.
Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou.
3 O God, restore us; and cause thy face to shine, and we shall be saved.
Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
4 Jehovah, God of hosts, how long will thine anger smoke against the prayer of thy people?
Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou?
5 Thou hast fed them with the bread of tears, and given them tears to drink in large measure:
Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè.
6 Thou hast made us a strife unto our neighbours, and our enemies mock among themselves.
Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.
7 Restore us, O God of hosts; and cause thy face to shine, and we shall be saved.
Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
8 Thou broughtest a vine out of Egypt; thou didst cast out the nations, and plant it:
Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo.
9 Thou preparedst space before it, and it took deep root, and filled the land;
Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a.
10 The mountains were covered with its shadow, and the branches thereof were [like] cedars of God;
Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo.
11 It sent out its boughs unto the sea, and its shoots unto the river.
Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat.
12 Why hast thou broken down its fences, so that all who pass by the way do pluck it?
Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo?
13 The boar out of the forest doth waste it, and the beast of the field doth feed off it.
Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo.
14 O God of hosts, return, we beseech thee; look down from the heavens, and behold, and visit this vine;
Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non!
15 Even the stock which thy right hand hath planted, and the young plant thou madest strong for thyself.
vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.
16 It is burned with fire, it is cut down; they perish at the rebuke of thy countenance.
Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri!
17 Let thy hand be upon the man of thy right hand, upon the son of man whom thou hast made strong for thyself.
Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a!
18 So will we not go back from thee. Revive us, and we will call upon thy name.
Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou!
19 Restore us, O Jehovah, God of hosts; cause thy face to shine, and we shall be saved.
Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!

< Psalms 80 >