< Proverbs 6 >

1 My son, if thou hast become surety for thy friend, if thou hast stricken thy hand for a stranger,
Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete,
2 thou art snared with the words of thy mouth, thou art taken with the words of thy mouth.
si yo pran pawòl ki soti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou,
3 Do this now, my son, and deliver thyself, since thou hast come into the hand of thy friend: go, humble thyself, and be urgent with thy friend.
ay, pitit mwen! men sa pou ou fè pou ou wete tèt ou nan traka sa a. Kouri al jwenn zanmi ou lan, kenbe l' kout.
4 Give not sleep to thine eyes, nor slumber to thine eyelids:
Pa dòmi sou sa. Pa kite sa trennen.
5 deliver thyself as a gazelle from the hand [of the hunter], and as a bird from the hand of the fowler.
Degaje ou chape kò ou anba men l', tankou kabrit k'ap chape kò l' anba men kaptè, tankou zwazo k'ap bat pou l' sove nan men chasè.
6 Go to the ant, thou sluggard; consider her ways and be wise:
Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi.
7 which having no chief, overseer, or ruler,
Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd.
8 provideth her bread in the summer, [and] gathereth her food in the harvest.
Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la.
9 How long, sluggard, wilt thou lie down? When wilt thou arise out of thy sleep?
Parese, kilè w'a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w'a souke kò ou leve sot nan dòmi?
10 A little sleep, a little slumber, a little folding of the hands to rest!
W'ap di: Kite m' fè yon ti dòmi. Kite m' fè yon ti kabicha non. M'ap lonje kò m' pou m' pran yon ti repo.
11 So shall thy poverty come as a roving plunderer, and thy penury as an armed man.
Antan w'ap dòmi an, san ou pa konnen, se pòv w'ap vin pi pòv. Grangou ap tonbe sou ou tankou yon vòlè nan gran chemen.
12 A man of Belial, a wicked person, is he that goeth about with a perverse mouth;
Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou.
13 he winketh with his eyes, he speaketh with his feet, he teacheth with his fingers;
Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo.
14 deceits are in his heart; he deviseth mischief at all times, he soweth discords.
Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.
15 Therefore shall his calamity come suddenly: in a moment shall he be broken, and without remedy.
Se poutèt sa, y'ap rete konsa y'ap fini, y'ap glise tonbe san yo p'ap ka leve ankò.
16 These six [things] doth Jehovah hate, yea, seven are an abomination unto him:
Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte:
17 haughty eyes, a lying tongue, and hands that shed innocent blood;
Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan,
18 a heart that deviseth wicked imaginations; feet that are swift in running to mischief;
se moun k'ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal,
19 a false witness that uttereth lies, and he that soweth discords among brethren.
se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.
20 My son, observe thy father's commandment, and forsake not the teaching of thy mother;
Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou.
21 bind them continually upon thy heart, tie them about thy neck:
Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye.
22 when thou walkest, it shall lead thee; when thou sleepest, it shall keep thee; and [when] thou awakest, it shall talk with thee.
Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè.
23 For the commandment is a lamp, and the teaching a light, and reproofs of instruction are the way of life:
Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi.
24 to keep thee from the evil woman, from the flattery of the tongue of a strange woman.
Y'ap fè ou rete lwen fanm k'ap twonpe mari yo, pou ou pa pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd.
25 Lust not after her beauty in thy heart, neither let her take thee with her eyelids;
Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou.
26 for by means of a whorish woman [a man is brought] to a loaf of bread, and another's wife doth hunt for the precious soul.
Yon jennès ka koute yon kraze kòb. Men, yon fanm adiltè dèyè pou l' pran tou sa ou genyen.
27 Can a man take fire in his bosom, and his garments not be burned?
Ou pa ka sere dife anndan rad sou ou pou rad la pa boule.
28 Can one go upon hot coals, and his feet not be scorched?
Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule.
29 So he that goeth in to his neighbour's wife: whosoever toucheth her shall not be innocent.
Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa.
30 They do not despise a thief, if he steal to satisfy his soul when he is hungry:
Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa.
31 and if he be found, he shall restore sevenfold; he shall give all the substance of his house.
Si yo bare l', y'ap fè l' peye sèt fwa lavalè sa l' pran an. Y'a fè l' bay tou sa li gen lakay li.
32 Whoso committeth adultery with a woman is void of understanding: he that doeth it destroyeth his own soul.
Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l'ap detwi tèt li.
33 A wound and contempt shall he get; and his reproach shall not be wiped away.
L'ap pran baton. Y'ap pase l' anba kont betiz, l'ap toujou wont pou sa l' fè a.
34 For jealousy is the rage of a man, and he will not spare in the day of vengeance;
Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l'. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l'.
35 he will not regard any ransom, neither will he rest content though thou multipliest [thy] gifts.
Li p'ap asepte lajan. Nanpwen kado ki pou fè l' bliye sa.

< Proverbs 6 >