< Joshua 4 >

1 And it came to pass when the whole nation had completely gone over the Jordan, that Jehovah spoke to Joshua, saying,
Lè tout moun fin janbe lòt bò larivyè Jouden an, Seyè a pale ak Jozye. Li di l' konsa:
2 Take you twelve men out of the people, one man out of every tribe,
-Chwazi douzòm, yonn nan chak branch fanmi yo.
3 and command them, saying, Take up hence out of the midst of the Jordan, from the place where the priests' feet stood firm, twelve stones, and carry them over with you, and lay them down in the lodging-place where ye shall lodge this night.
W'a ba yo lòd pou yo chak pran yon wòch nan mitan larivyè Jouden an, kote prèt yo te kanpe a. Y'a pran douz wòch sa yo, y'a pote yo lòt bò larivyè a. N'a mete yo kote nou pral moute tant nou yo aswè a.
4 And Joshua called the twelve men, whom he had appointed of the children of Israel, a man out of every tribe;
Lè sa a, Jozye fè rele douz mesye li te chwazi pami moun pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi yo.
5 and Joshua said to them, Pass before the ark of Jehovah your God into the midst of the Jordan, and lift up each of you a stone [and put it] upon his shoulder, according to the number of the tribes of the children of Israel,
Epi li di yo: -Ale devan Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an, ki nan mitan larivyè a. Chak moun va pran yon wòch mete sou zepòl yo, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la.
6 that this may be a sign in your midst. When your children ask hereafter, saying, What mean ye by these stones?
Wòch sa yo va sèvi pou fè pèp la chonje sa Seyè a te fè pou yo. Denmen, lè pitit nou yo va mande nou kisa wòch sa yo vle di pou nou,
7 then ye shall say to them, That the waters of the Jordan were cut off before the ark of the covenant of Jehovah; when it went through the Jordan, the waters of the Jordan were cut off. And these stones shall be for a memorial unto the children of Israel for ever.
n'a reponn yo: Dlo larivyè Jouden an te sispann koule devan Bwat Kontra Seyè a. Wòch sa yo la pou pèp Izrayèl la ka toujou chonje dlo larivyè Jouden an te sispann koule lè yo t'ap janbe lòt bò larivyè a.
8 And the children of Israel did so, as Joshua had commanded, and took up twelve stones out of the midst of the Jordan, as Jehovah had spoken to Joshua, according to the number of the tribes of the children of Israel; and they carried them over with them to the lodging-place, and laid them down there.
Mesye yo fè sa Jozye te ba yo lòd fè a. Jan Seyè a te di Jozye, yo pran douz wòch nan mitan larivyè Jouden an, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pote yo avèk yo lòt bò rivyè a. Yo mete yo kote yo moute tant yo pou pase nwit lan.
9 And twelve stones did Joshua set up in the midst of the Jordan, in the place where the feet of the priests who bore the ark of the covenant had stood firm; and they are there to this day.
Apre sa, Jozye pran douz lòt wòch, li mete yo kanpe nan mitan larivyè a, kote prèt ki t'ap pote Bwat Kontra yo te kanpe a. Wòch yo la jouk koulye a.
10 And the priests who bore the ark stood in the midst of the Jordan, until everything was finished that Jehovah had commanded Joshua to speak unto the people, according to all that Moses had commanded Joshua. And the people hasted and passed over.
Prèt yo te rete kanpe avèk Bwat Kontra a sou zepòl yo, nan mitan larivyè a jouk yo fin fè tout sa Seyè a te bay lòd pou pèp la te fè, jan Moyiz te mande pou Jozye fè l' la. Se konsa, pèp la prese janbe lòt bò larivyè a.
11 And it came to pass, when all the people had completely gone over, that the ark of Jehovah went over, and the priests, in the presence of the people.
Lè yo tout fin pase, prèt yo fè rès travèse a ak Bwat Kontra Seyè a, epi yo pran devan pèp la ankò.
12 And the children of Reuben, and the children of Gad, and the half tribe of Manasseh, went over in array before the children of Israel, as Moses had spoken to them.
Premye moun ki te janbe lòt bòt larivyè a, devan tout pèp la se te gason branch fanmi Woubenn yo, gason branch fanmi Gad yo ak mwatye nan gason branch fanmi Manase yo, jan Moyiz te di yo a. Yo te tou pare pou fè lagè.
13 About forty thousand armed for military service passed over before Jehovah to the war, unto the plains of Jericho.
Jou sa a, te gen antou karantmil (40.000) gason tou pare pou fè lagè ki te janbe al nan plenn Jeriko yo, devan je Seyè a.
14 On that day Jehovah magnified Joshua in the sight of all Israel; and they feared him, as they had feared Moses, all the days of his life.
Sa Seyè a te fè jou sa a te fè tout pèp Izrayèl la pran Jozye pou yon grannèg vre. Depi lè sa a yo respekte msye jouk li mouri, menm jan yo te respekte Moyiz la.
15 And Jehovah spoke to Joshua, saying,
Apre sa, Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa:
16 Command the priests who bear the ark of the testimony, that they come up out of the Jordan.
-Bay prèt k'ap pote Bwat Kontra a lòd pou yo soti nan larivyè Jouden an.
17 And Joshua commanded the priests, saying, Come up out of the Jordan.
Jozye pale ak prèt yo, li ba yo lòd sa a: -Moute soti nan larivyè Jouden an.
18 And it came to pass when the priests who bore the ark of the covenant of Jehovah had come up out of the midst of the Jordan, [when] the soles of the priests' feet were lifted up on to the dry land, that the waters of the Jordan returned to their place, and they flowed as previously, over all its banks.
Soti prèt yo soti nan larivyè a, lè pye yo touche tè sèk sou rivaj la, dlo larivyè a konmanse koule ankò jan li te toujou koule anvan an. Li gonfle moute rive jouk sou rivaj li yo.
19 And the people came up out of the Jordan on the tenth of the first month, and encamped in Gilgal, on the eastern extremity of Jericho.
Jou pèp la te janbe lòt bò larivyè Jouden an, se te dizyèm jou nan premye mwa a. Y' al moute tant yo yon kote ki rele Gilgal, ki te sou bò solèy leve lavil Jeriko.
20 And those twelve stones which they had taken out of the Jordan did Joshua set up in Gilgal.
Se la Jozye pran douz wòch yo te pran nan mitan larivyè Jouden an, li mete yo kanpe fè yon wonn.
21 And he spoke to the children of Israel, saying, When your children hereafter ask their fathers, saying, What [mean] these stones?
Lè l' fini, li di moun pèp Izrayèl yo konsa: -Denmen, lè pitit nou yo va mande papa yo poukisa wòch sa yo la a,
22 then ye shall let your children know, saying, On dry land did Israel come over this Jordan;
n'a fè pitit nou yo konnen pèp Izrayèl la te janbe lòt bò larivyè Jouden an san pye yo pa t' mouye.
23 because Jehovah your God dried up the waters of the Jordan from before you, until ye had passed over, as Jehovah your God did to the Red sea, which he dried up from before us, until we had passed over;
Paske Seyè a, Bondye nou an, te cheche dlo larivyè Jouden an devan nou jouk nou tout fin pase, menm jan li te cheche Lanmè Wouj la devan zansèt nou yo jouk yo tout te fin pase.
24 that all peoples of the earth might know the hand of Jehovah, that it is mighty; that ye might fear Jehovah your God continually.
Se poutèt sa, tout moun sou latè va konnen jan Seyè a gen pouvwa, lèfini nou menm n'a toujou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an.

< Joshua 4 >