< 2 Kings 25 >

1 And it came to pass in the ninth year of his reign, in the tenth month, on the tenth of the month, [that] Nebuchadnezzar king of Babylon came, he and all his army, against Jerusalem, and encamped against it; and they built turrets against it round about.
Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan tout pye miray yo.
2 And the city was besieged until the eleventh year of king Zedekiah.
Yo sènen l' nèt. Yo fèmen lavil la depi lè sa a rive sou onzyèm lanne reny Sedesyas la.
3 On the ninth of the [fourth] month the famine prevailed in the city, and there was no bread for the people of the land.
Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.
4 And the city was broken into; and all the men of war [fled] by night, by the way of the gate between the two walls, which [leads] to the king's garden (now the Chaldeans were by the city round about); and they went the way toward the plain.
Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo mete deyò kite lavil la nan mitan lannwit. Yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen fon Jouden an pou yo.
5 And the army of the Chaldeans pursued after the king, and overtook him in the plains of Jericho; and all his army was scattered from him.
Men, lame moun Babilòn yo pousib wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'.
6 And they took the king, and brought him up to the king of Babylon unto Riblah; and they pronounced judgment upon him,
Sòlda lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan ki te lavil Ribla. Se la Nèbikadneza jije li.
7 and slaughtered the sons of Zedekiah before his eyes, and put out the eyes of Zedekiah, and bound him with chains of brass, and carried him to Babylon.
Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a, papa yo. Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn.
8 And in the fifth month, on the seventh of the month, which was in the nineteenth year of king Nebuchadnezzar, king of Babylon, Nebuzar-adan, captain of the body-guard, servant of the king of Babylon, came unto Jerusalem;
Sou setyèm jou senkyèm mwa nan diznevyèm lanne reny Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm.
9 and he burned the house of Jehovah, and the king's house, and all the houses of Jerusalem; and every great [man's] house he burned with fire.
Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.
10 And all the army of the Chaldeans that were with the captain of the body-guard broke down the walls of Jerusalem round about.
Li bay sòlda ki te avè l' yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè.
11 And Nebuzar-adan the captain of the body-guard carried away captive the rest of the people that were left in the city, and the deserters that had deserted to the king of Babylon, and the rest of the multitude.
Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite nan lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs ki te rete nan lavil la.
12 But the captain of the body-guard left of the poor of the land for vinedressers and husbandmen.
Men, li kite kèk moun nan mas pèp la, nan sa ki te pi pòv yo. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.
13 And the brazen pillars that were in the house of Jehovah, and the bases, and the brazen sea that was in the house of Jehovah, the Chaldeans broke in pieces, and carried the brass thereof to Babylon.
Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak sipò yo ak basin kwiv yo. Yo kraze yo an ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn.
14 The cauldrons also and the shovels and the knives and the cups, and all the vessels of copper wherewith they ministered, they took away.
Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo, kiyè yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan tanp lan.
15 And the censers and the bowls, that which was of gold in gold, and that which was of silver in silver, the captain of the body-guard took away.
Chèf lagad la pran kivèt yo, recho yo ak dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan:
16 The two pillars, the one sea, and the bases which Solomon had made for the house of Jehovah: for the brass of all these vessels there was no weight.
de gwo poto won yo, gwo basin lan ak douz estati towo bèf ki te sèvi l' sipò yo, ak kabwèt wa Salomon te fè fè an kwiv pou mete nan Tanp lan. Tout bagay sa yo te lou anpil, pesonn pa t' konn pèz yo.
17 The height of one pillar was eighteen cubits, and the capital upon it was brass, and the height of the capital three cubits; and the network and the pomegranates, upon the capital round about, all of brass: and similarly for the second pillar with the network.
Chak poto te gen vennsèt pye wotè. Sou tèt chak poto te gen yon blòk an kwiv sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn tèt poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt an kwiv. De poto yo te parèy.
18 And the captain of the body-guard took Seraiah the high priest, and Zephaniah the second priest, and the three doorkeepers.
Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefanya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye.
19 And out of the city he took a chamberlain that was set over the men of war, and five men of them that were in the king's presence, who were found in the city, and the scribe of the captain of the host, who enrolled the people of the land; and sixty men of the people of the land that were found in the city.
Nan lavil la, li pran chèf ki te kòmandan lame a ansanm ak senk lòt otorite ki te konseye wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou.
20 And Nebuzar-adan the captain of the body-guard took them and brought them to the king of Babylon to Riblah;
Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla.
21 and the king of Babylon smote them and put them to death at Riblah in the land of Hamath. Thus Judah was carried away captive out of his land.
Wa a fè bat yo, lèfini, li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat. Se konsa yo te depòte moun Jida yo byen lwen peyi yo.
22 And [as for] the people that remained in the land of Judah, whom Nebuchadnezzar king of Babylon had left behind, over them he appointed Gedaliah the son of Ahikam, the son of Shaphan.
Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pran Gedalya, pitit Achikam, pitit pitit Chafan, li mete l' chèf sou rès moun li te kite nan peyi a.
23 And all the captains of the forces, they and their men, heard that the king of Babylon had appointed Gedaliah, and they came to Gedaliah to Mizpah, namely, Ishmael the son of Nethaniah, and Johanan the son of Kareah, and Seraiah the son of Tanhumeth the Netophathite, and Jaazaniah the son of a Maachathite, they and their men.
Rès chèf lame yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya chèf sou tout peyi a. Se konsa Ismayèl, pitit Netanya, Joanan, pitit Karèd, Seraja, pitit Tannoumèt, moun lavil Netofa, ansanm ak Zezanya, pitit Makan, yo moute lavil Mispa, y' al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo.
24 And Gedaliah swore unto them and to their men, and said to them, Fear not to be servants of the Chaldeans: dwell in the land, and serve the king of Babylon, and it shall be well with you.
Gedalya di yo: —Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sevi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou.
25 And it came to pass in the seventh month, that Ishmael the son of Nethaniah, the son of Elishama, of the royal seed, came, and ten men with him, and smote Gedaliah, that he died, and the Jews and the Chaldeans that were with him at Mizpah.
Nan setyèm mwa a menm lanne sa a, Ismayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun. Ismayèl te yon ti fanmi wa a. Yo touye Gedalya ansanm ak tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou.
26 And all the people, both small and great, and the captains of the forces, arose and came to Egypt; for they were afraid of the Chaldeans.
Lè sa a, tout moun, granmoun kou timoun, ansanm ak chèf lame yo leve, yo desann peyi Lejip paske yo te pè moun Babilòn yo.
27 And it came to pass in the thirty-seventh year of the captivity of Jehoiachin king of Judah, in the twelfth month, on the twenty-seventh of the month, [that] Evil-Merodach king of Babylon, in the year that he began to reign, lifted up the head of Jehoiachin king of Judah out of prison;
Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakin, wa Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakin te gen trannsizan, onz mwa vennsèt jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'.
28 and he spoke kindly to him, and set his seat above the seat of the kings that were with him in Babylon.
Evilmewodak te sèvi byen avè l', li ba l' premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l' yo.
29 And he changed his prison garments; and he ate bread before him continually all the days of his life;
Li wete rad prizonye ki te sou Jojakin lan, li fè l' vin manje sou menm tab avè l' chak jou jouk Jojakin mouri.
30 and his allowance was a continual allowance given him by the king, every day a portion, all the days of his life.
Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l' viv, konsa, konsa, jouk li mouri.

< 2 Kings 25 >