< Leviticus 25 >

1 And the Lord spoke to Moses on mount Sinai, saying:
Seyè a pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li di l' konsa:
2 Speak to the sons of Israel, and you shall say to them: When you will have entered into the land which I will give to you, rest on the Sabbath of the Lord.
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, n'a bay tè a yon repo pou Seyè a.
3 For six years you shall sow your field, and for six years you shall care for your vineyard, and you shall gather its fruits.
Pandan sizan n'a plante jaden nou, n'a taye pye rezen nou yo, epi n'a ranmase rekòt pandan sizan.
4 But in the seventh year, there shall be a Sabbath of the land, a resting of the Lord. You shall not sow your field, and you shall not care for your vineyard.
Men, setyèm lanne a n'a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n'a kite tè a pran repo pou Seyè a. Nou p'ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p'ap taye pye rezen nou yo.
5 What the soil shall spontaneously produce, you shall not harvest. And you shall not gather the grapes of the first-fruits as a crop. For it is a year of rest for the land.
Piga nou ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou pou nou vann. Ni piga nou keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann. Se va yon lanne repo nèt pou te a.
6 But these shall be yours for food, for you and for your men and women servants, and for your hired hands, and for the newcomers who sojourn with you:
Pandan tout lanne a tè a va rete san nou pa travay li. Men, sa l'a bay la va sèvi manje pou nou ak pou tout moun k'ap viv lakay nou, pou moun lòt nasyon ki fè ladesant lakay nou.
7 all that grows on its own shall provide food for your beasts and cattle.
Bèt domestik nou yo ak bèt bwa ki nan peyi a va manje nan sa tè a bay la tou.
8 You shall also number for yourselves seven weeks of years, that is, seven times seven, which together makes forty-nine years.
N'a konte sèt lanne Repo, ki vle di sèt fwa sèt lanne, sa va ban nou karantnèf lanne.
9 And you shall sound the trumpet in the seventh month, on the tenth day of the month, at the time of the atonement, throughout all your land.
Sou dizyèm jou setyèm mwa a ki jou pou n' mande Bondye gras la, n'a fè kònen twonpèt nan tout peyi a.
10 And you shall sanctify the fiftieth year, and you shall proclaim a remission for all the inhabitants of your land: for the same is the Jubilee. A man shall return to his possession, and each one shall go back to his original family,
N'a mete senkantyèm lanne sa a apa pou Bondye, epi n'a bay lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pou tout lanne a. Se va yon lanne rejwisans pou tout moun. Lanne sa a, tou sa yo te vann anvan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap tounen lib lakay yo.
11 for it is the Jubilee and the fiftieth year. You shall not sow, and you shall not reap what grows in the field of its own accord, and you shall not gather the first-fruits of the crop,
Senkantyèm lanne sa a va yon lanne rejwisans pou tout moun: Nou p'ap simen anyen nan jaden nou yo, ni nou p'ap ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou yo pou nou vann, ni nou p'ap keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann.
12 due to the sanctification of the Jubilee. But you shall eat them as they present themselves.
Paske se va yon lanne rejwisans, se va yon lanne n'a mete apa nèt pou Seyè a. Men n'a manje tou sa jaden nou pa t' plante yo bay.
13 In the year of the Jubilee, all shall return to their possessions.
Nan lanne rejwisans sa a, tout tè ki te vann ap tounen pou ansyen mèt yo ankò.
14 When you will sell anything to your fellow citizen, or buy anything from him, do not cause your brother grief, but buy from him according to the number of years from the Jubilee,
Konsa, si n'ap vann yon moun pèp Izrayèl parèy nou yon tè osinon si n'ap achte tè nan men l', piga nou fè koutay yonn sou do lòt.
15 and he shall sell to you according to the computation of the produce.
Lè n'ap achte yon tè osinon lè w'ap vann yon tè, se pou nou kalkile pri a sou kantite lanne tè a ka travay anvan lanne rejwisans k'ap vini an rive.
16 The more years that will remain after the Jubilee, the more the price shall increase, and the less the time is numbered, so much less shall the purchase price be. For he will sell to you the time for the produce.
Plis gen lanne anvan lanne rejwisans lan rive, se plis pri a va pi wo. Mwens gen lanne, se plis pri a va pi ba, paske se kantite lanne rekòt tè a ka bay la n'ap vann osinon n'ap achte.
17 Do not be willing to afflict your countrymen, but let each one fear his God. For I am the Lord your God.
Pa fè lajan sou do moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou gen krentif pou Bondye nou, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
18 Accomplish my precepts, and observe my judgments, and complete them, so that you may be able to live in the land without any fear,
Se pou nou swiv lòd mwen ban nou yo, se pou nou kenbe tout kòmandman m' yo. Se pou nou swiv yo, se konsa n'a kapab viv nan peyi a san nou pa bezwen pè anyen.
19 and so that the soil may produce its fruits for you, from which you may eat, even to fullness, dreading violence by no one.
Tè a va bay rekòt li, n'a manje kont nou, epi n'a viv nan peyi a ak kè poze.
20 But if you will say: What shall we eat in the seventh year, if we do not sow and do not gather our produce?
Men, gen moun ki va mande kisa y'a manje setyèm lanne a si yo pa plante, si yo pa ranmase rekòt.
21 I will give my blessing to you in the sixth year, and it shall yield the produce of three years.
Mwen menm, Seyè a, m'a voye benediksyon m' sou tè a pandan sizyèm lanne a pou l' ka donnen rekòt kantite pou twazan.
22 And in the eighth year you shall sow, but you shall eat from the old produce, until the ninth year, until what is new matures, you shall eat what is old.
Konsa, lè wityèm lanne a va rive pou nou plante jaden nou yo, n'a jwenn manje toujou nan ansyen rekòt sizyèm lanne a. N'a gen kont pou nou manje jouk nevyèm lanne a rivè, lè n'a gen pou n' ranmase rekòt wityèm lanne sa a.
23 Also, the land shall not be sold in perpetuity, for it is mine, and you are newcomers and settlers to me.
Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a.
24 Therefore, every region of your possession shall be sold under the condition of redemption.
Lè n'ap achte yon tè nan peyi nou an, se pou nou rekonèt dwa ansyen mèt tè a genyen pou l' reachte tè a ankò.
25 If your brother, being in need, will have sold his little possession and his close relative is willing, he is able to redeem what he had sold.
Lè yon moun pèp Izrayèl parèy nou vin nan nesesite, epi li blije vann pòsyon tè ki pou li a, fanmi ki pi pre l' la va reachte tè li te vann lan, paske se li ki gen dwa fè sa.
26 But if he has no near relative, and he himself is able to find the price to redeem it,
Men, si yon nonm pa gen fanmi pre pou reachte tè a, epi apre kèk tan zafè l' vin bon ankò, l'a reachte tè a lè l'a gen kont lajan pou sa.
27 the produce shall be calculated from that time when he sold it. And what is lacking, he shall repay to the buyer, and so he shall receive his possession.
L'a kalkile depi ki tan li te vann tè a, epi l'a renmèt moun ki te achte tè a nan men l' lan lajan ki koresponn ak kantite lanne ki rete anvan lanne rejwisans k'ap vini an, epi l'a reprann tè li.
28 But if his hand will not have discovered a way to repay the price, the buyer shall have what he bought, until the year of the Jubilee. For in that year all that has been sold shall return to the owner, and to the original possessor.
Men, si li pa gen kont kòb pou reachte tè a, tè a va rete nan men moun ki te achte l' la jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, tè a va tounen nan men ansyen mèt li ankò.
29 Whoever will have sold a house within the walls of a city shall have the freedom to redeem it, until one year has been completed.
Si yon nonm vann yon kay ki nan yon bouk ki gen ranpa, li gen yon lanne delè, depi dat li te vann kay la, pou l' reachte l' ankò. Pase yon lanne, li pèdi dwa a.
30 If he has not redeemed it, and the year will have turned full circle, the buyer and his posterity shall possess it, in perpetuity, and it is not able to be redeemed, even in the Jubilee.
Si li kite tout lanne a pase san li pa reachte kay la, kay la ap rete pou moun ki te achte l' la ak pou pitit pitit li yo. Yo p'ap renmèt li kay la lè lanne rejwisans la rive.
31 But if the house is in a village, which has no walls, it shall be sold by the law of the fields. If it has not been redeemed beforehand, then in the Jubilee it shall return to the owner.
Men, kay ki nan bouk kote ki pa gen ranpa, y'ap konsidere yo menm jan ak yon jaden. Ansyen mèt la gen dwa reachte l' ankò. Men, tout jan se pou yo renmèt li kay la, lè lanne rejwisans lan rive.
32 The buildings of the Levites, which are in the cities, are always able to be redeemed.
Moun Levi yo menm ap gen lavil pa yo apa. Yon moun Levi ap toujou gen dwa reachte kay ki te pou li nenpòt kilè.
33 If they have not been redeemed, then in the Jubilee they shall return to the owners, for the houses of the cities of the Levites are for their possession among the sons of Israel.
Si yon moun Levi rive vann yon kay ki nan lavil moun Levi yo, epi li pa reachte l', se pou yo renmèt li kay la lè lanne rejwisans lan rive, paske lè yon moun Levi gen yon kay nan mitan pèp la, kay la pou li nèt.
34 But let not their suburbs be sold, for it is an everlasting possession.
Konsa tou, pou jaden ki tout arebò lavil moun Levi yo, yo pa gen dwa vann li, paske se pou yo li ye pou tout tan.
35 If your brother has become impoverished, or infirm of hand, and you take him in, like a newcomer or a sojourner, and he lives with you,
Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l' pou yon moun lòt nasyon k'ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l'a toujou ka viv bò kote nou.
36 do not accept usury from him, nor anything more than what you gave. Fear your God, so that your brother may be able to live with you.
Pa fè l' peye ankenn enterè, pa ba l' ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp Izrayèl parèy nou an yon chans pou l' viv tou.
37 You shall not give him your money by usury, nor exact from him an overabundance of produce.
Piga nou mande l' enterè sou lajan nou prete l'. Piga nou ba l' ponya pou manje nou vann li.
38 I am the Lord your God, who led you away from the land of Egypt, so that I might give to you the land of Canaan, and so that I may be your God.
Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka ban nou peyi Kanaran an epitou pou m' te ka Bondye nou.
39 If your brother, having been compelled by poverty, will have sold himself to you, you shall not oppress him with the servitude of indentured servants.
Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, piga nou fè l' fè travay yon domestik.
40 But he shall be like a hired hand or a settler; he shall work with you, until the year of the Jubilee.
L'ap rete lakay nou tankou moun lòt nasyon yo k'ap travay pou lajan lakay nou. L'a sèvi nou jouk lanne rejwisans k'ap vini an.
41 And after that, he shall depart with his children, and he shall return to his kindred, to the possession of his fathers.
Lè sa a, li menm ak tout pitit li yo, y'a kite lakay nou, y'a tounen al jwenn fanmi yo, epi y'a renmèt yo tè zansèt yo te kite pou yo a.
42 For these are my servants, and I led them away from the land of Egypt; let them not be sold into the condition of servitude.
Paske se esklav mwen nou ye, se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip. Yo pa gen dwa vann nou pou fè nou sèvi esklav lòt moun.
43 Do not afflict him by power, but be fearful of your God.
Piga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo. Se pou nou gen krentif pou Bondye nou an.
44 Let your male and female servants be from the nations which are all around you,
Lè n'a bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan moun lòt nasyon k'ap viv lòt bò fwontyè peyi nou an.
45 and from the newcomers who sojourn with you, or who have been born from them in your land. These you shall have as servants,
Nou ka achte pitit moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou.
46 and, by the right of inheritance, you shall transmit them to your posterity, and you shall possess them forever. But do not oppress your brothers, the sons of Israel, by power.
N'a kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Y'a sèvi yo jouk yo mouri. Nou pa dwe maltrete moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou aji avèk yo tankou frè ak frè.
47 If the hand of a newcomer or a sojourner will have grown strong among you, and your brother, having become impoverished, will have sold himself to him, or to any of his stock,
Sipoze yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou nan peyi a vin gen anpil mwayen epi yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv lakay nou, osinon pre kay moun lòt nasyon an, vin nan nesesite epi l al vann tèt li bay moun lòt nasyon an, osinon bay yonn nan fanmi moun lòt nasyon an pou li sèvi l' esklav.
48 after the sale, he is able to be redeemed. Whoever is willing among his brothers shall redeem him:
Apre li vann tèt li a, l'a toujou gen avantaj moun ka reachte l' pou ba li libète l'. Se bagay yonn nan frè li yo,
49 either the paternal uncle, or the paternal uncle’s son, or his close relative, by blood or by affinity. But if he himself will be able also, he shall redeem himself,
osinon tonton l', osinon pitit gason tonton l' yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou.
50 considering only the years from the time of his selling until the year of the Jubilee, and calculating the money for which he was sold, according to the number of years and the accounting of a hired hand.
Dakò ak moun ki te achte l' la, se pou l' konte konbe lanne ki gen depi lanne li te vann tèt li bay moun lan jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, l'a kalkile lajan pou l' bay la sou kantite lanne l'a jwenn lan, epi sou pri yo peye lè konsa pou yon moun k'ap travay pou lajan lakay moun.
51 If there will have been many years which remain until the Jubilee, according to these shall he also repay the price.
Lè gen anpil lanne ki rete, l'a kalkile sou yo pou l' konnen valè lajan pou l' renmèt pou l' ka reachte tèt li.
52 If few, he shall determine the accounting with him according to the number of years, and he shall repay to the buyer by what is left remaining of the years;
Men, si pa gen lanne ki rete anvan lanne rejwisans lan, y'a kalkile ansanm, epi l'a renmèt li lajan dapre kantite lanne ki rete a pou l' ka reachte tèt li.
53 his wages being charged by what served before. He shall not afflict him violently in your sight.
Paske l'ap travay ak moun lan tankou domestik k'ap travay pou lajan pa an, ou pa fèt pou kite moun lan maltrete li.
54 But if, by these means, he will not be able to be redeemed, then in the year of the Jubilee he shall depart with his children.
Si li pa reachte tèt li konsa, lè lanne rejwisans lan rive, ni li menm, ni pitit gason l' yo va lib ankò. Epi y'a kite kay moun lan.
55 For they are my servants, the sons of Israel, whom I led away from the land of Egypt.
Se pou nou swiv regleman sa yo, paske se esklav pa m' moun pèp Izrayèl yo ye. Yo se esklav mwen te fè soti kite peyi Lejip. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.

< Leviticus 25 >