< Deuteronomy 7 >

1 When the Lord your God takes you into the land where you are going, which is to be your heritage, and has sent out the nations before you, the Hittites and the Girgashites and the Amorites and the Canaanites and the Perizzites and the Hivites and the Jebusites, seven nations greater and stronger than you;
Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
2 And when the Lord has given them up into your hands and you have overcome them, give them up to complete destruction: make no agreement with them, and have no mercy on them:
Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.
3 Do not take wives or husbands from among them; do not give your daughters to their sons, or take their daughters for your sons.
Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo.
4 For through them your sons will be turned from me to the worship of other gods: and the Lord will be moved to wrath against you and send destruction on you quickly.
Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la.
5 But this is what you are to do to them: their altars are to be pulled down and their pillars broken, and their holy trees cut down and their images burned with fire.
Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo.
6 For you are a holy people to the Lord your God: marked out by the Lord your God to be his special people out of all the nations on the face of the earth.
N'a fè sa paske se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Se nou menm Seyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp ki sou latè pou li fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.
7 The Lord did not give you his love or take you for himself because you were more in number than any other people; for you were the smallest of the nations:
Si, nan tout pèp ki sou latè, se nou menm Seyè a te pi pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè, se nou ki te gen pi piti moun.
8 But because of his love for you, and in order to keep his oath to your fathers, the Lord took you out with the strength of his hand, making you free from the prison-house and from the hand of Pharaoh, king of Egypt.
Men, se paske Seyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an.
9 Be certain, then, that the Lord your God is God; whose faith and mercy are unchanging, who keeps his word through a thousand generations to those who have love for him and keep his laws;
Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.
10 Rewarding his haters to their face with destruction; he will have no mercy on his hater, but will give him open punishment.
Men, li p'ap manke pini moun ki rayi l'. Se moun sa yo menm l'ap touye, pa lòt moun ankò. Wi, li p'ap pran reta pou l' fè yo peye sa yo fè a.
11 So keep the orders and the laws and the decisions which I give you today and do them.
Se poutèt sa, se pou nou swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip mwen mande nou jòdi a pou nou swiv.
12 And it will be, that if you give attention to these decisions and keep and do them, then the Lord will keep his agreement with you and his mercy, as he said in his oath to your fathers.
Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tèt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fè sèman bay zansèt nou yo.
13 And he will give you his love, blessing you and increasing you: he will send his blessing on the offspring of your body and the fruit of your land, your grain and your wine and your oil, the increase of your cattle and the young of your flock, in the land which by his oath to your fathers he undertook to give you.
L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.
14 You will have greater blessings than any other people: no male or female among you or among your cattle will be without offspring.
Bondye ap beni nou plis pase tout lòt pèp yo. p'ap gen yon moun nan mitan nou, fanm kou gason, ki p'ap ka fè pitit. Konsa tou, p'ap gen yonn nan bèt nou yo, ni mal ni fenmèl, ki p'ap ka fè pitit.
15 And the Lord will take away from you all disease, and will not put on you any of the evil diseases of Egypt which you have seen, but will put them on your haters.
Seyè a p'ap kite ankenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo.
16 And you are to send destruction on all the peoples which the Lord your God gives into your hands; have no pity on them, and do not give worship to their gods; for that will be a cause of sin to you.
Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.
17 If you say in your hearts, These nations are greater in number than we are: how are we to take their land from them?
Si nou ta rive di nan kè nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n' fè pou n' pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tèt nou.
18 Have no fear of them, but keep well in mind what the Lord your God did to Pharaoh and to all Egypt;
Nou pa bezwen pè yo. Chonje tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè farawon an ak tout peyi Lejip li a.
19 The great punishments which your eyes saw, and the signs and the wonders and the strong hand and the stretched-out arm, by which the Lord your God took you out: so will the Lord your God do to all the peoples who are the cause of your fears.
Chonje tout gwo malè nou te wè ak je nou, tout mèvèy ak tout mirak Seyè a te fè ak fòs ponyèt li ak gwo kouraj li pou l' fè nou soti kite peyi sa a. Seyè a pral fè menm jan an tou ak tout pèp nou pè yo.
20 And the Lord will send a hornet among them, till all the rest who have kept themselves safe from you in secret places have been cut off.
Sa ki pi rèd ankò, l'ap voye yon bann tanwouan pou touye tou sa ki va chape anba men nou pou y' al kache pou nou.
21 Have no fear of them: for the Lord your God is with you, a great God greatly to be feared.
Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Seyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l'.
22 The Lord your God will send out the nations before you little by little; they are not to be rooted out quickly, for fear that the beasts of the field may be increased overmuch against you.
Seyè a, Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou, yonn apre lòt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sèl kou. Paske si nou fè l', bèt nan bwa ka anvayi peyi a, epi sa pa ta bon pou nou.
23 But the Lord your God will give them up into your hands, overpowering them till their destruction is complete.
Men, Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou. L'ap fè yo pati kouri devan nou jouk n'a fin disparèt yo nèt.
24 He will give their kings into your hands, and you will put their names out of existence under heaven; there is not one of them who will not give way before you, till their destruction is complete.
Seyè a pral mete wa yo anba pye nou. Nou pral touye yo, nou pral fè tout moun sou latè bliye non yo. Pesonn p'ap ka rete nou sou kous nou. Nou pral detwi yo tout.
25 The images of their gods are to be burned with fire: have no desire for the gold and silver on them, and do not take it for yourselves, for it will be a danger to you: it is a thing disgusting to the Lord your God:
N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm.
26 And you may not take a disgusting thing into your house, and so become cursed with its curse: but keep yourselves from it, turning from it with fear and hate, for it is a cursed thing.
Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.

< Deuteronomy 7 >