< Jeremiah 46 >

1 The LORD’s word which came to Jeremiah the prophet concerning the nations.
Sa ki te rive selon pawòl SENYÈ a a Jérémie, pwofèt la, konsènan nasyon yo.
2 Of Egypt: concerning the army of Pharaoh Necoh king of Egypt, which was by the river Euphrates in Carchemish, which Nebuchadnezzar king of Babylon struck in the fourth year of Jehoiakim the son of Josiah, king of Judah.
Pou Égypte: konsènan lame Farawon Neco, wa Égypte la, ki te akote rivyè Euphrate nan Carkemisch, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te bat nèt nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a.
3 “Prepare the buckler and shield, and draw near to battle!
“Alinye pwotèj ak boukliye e pwoche pre pou batay la.
4 Harness the horses, and get up, you horsemen, and stand up with your helmets. Polish the spears, put on the coats of mail.
Sele cheval, e monte sou do yo; pran pozisyon nou ak kas nan tèt! Netwaye tout lans yo, e mete abiman an bwonz!
5 Why have I seen it? They are dismayed and are turned backward. Their mighty ones are beaten down, have fled in haste, and do not look back. Terror is on every side,” says the LORD.
Poukisa mwen te wè sa? Yo pè nèt, y ap rale fè bak, mesye pwisan yo fin bat nèt, e sèl abri yo sove ale san gade dèyè. Se gwo laperèz tout kote!” deklare SENYÈ a.
6 “Do not let the swift flee away, nor the mighty man escape. In the north by the river Euphrates they have stumbled and fallen.
Pa kite sila ki pi rapid la sove ale, ni moun pwisan an chape poul li. Nan nò, akote rivyè Euphrate la, yo te glise, chape tonbe.
7 “Who is this who rises up like the Nile, like rivers whose waters surge?
Se kilès sa ki leve tankou rivyè Nil la, tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo?
8 Egypt rises up like the Nile, like rivers whose waters surge. He says, ‘I will rise up. I will cover the earth. I will destroy cities and its inhabitants.’
Égypte leve tankou rivyè Nil la, menm tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo. Li te di: “Mwen va leve kouvri peyi sa a; anverite, Mwen va detwi vil la ak moun ki rete ladann yo.”
9 Go up, you horses! Rage, you chariots! Let the mighty men go out: Cush and Put, who handle the shield; and the Ludim, who handle and bend the bow.
An avan, cheval yo! Kouri tankou moun fou, cha lagè yo! Kite moun pwisan yo mache devan: Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a, Lidyen ki manevre e koube banza a.
10 For that day is of the Lord, GOD of Armies, a day of vengeance, that he may avenge himself of his adversaries. The sword will devour and be satiated, and will drink its fill of their blood; for the Lord, GOD of Armies, has a sacrifice in the north country by the river Euphrates.
Paske jou sa a se pou Senyè BONDYE dèzame yo, yon jou vanjans, pou L kapab fè vanjans Li sou lènmi Li yo. Nepe a va devore vin satisfè, Li va bwè kont li nan san yo; paske va genyen yon sakrifis pou Senyè BONDYE dèzame yo, nan peyi nò a, akote Larivyè Euphrate la.
11 Go up into Gilead, and take balm, virgin daughter of Egypt. You use many medicines in vain. There is no healing for you.
Monte Galaad pou jwenn pomad gerizon an, O fi vyèj Égypte la! Anven nou te miltipliye remèd yo; nanpwen gerizon pou nou.
12 The nations have heard of your shame, and the earth is full of your cry; for the mighty man has stumbled against the mighty, they both fall together.”
Nasyon yo te tande de bagay wont ou an, e tè a plen ak kri detrès ou; paske yon gran gèrye tonbe sou gran gèye, e toulède tonbe atè ansanm.
13 The word that the LORD spoke to Jeremiah the prophet, how that Nebuchadnezzar king of Babylon should come and strike the land of Egypt:
Sa se mesaj ke SENYÈ a te pale a Jérémie, pwofèt la, konsènan avni a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pou frape peyi Égypte la:
14 “Declare in Egypt, publish in Migdol, and publish in Memphis and in Tahpanhes; say, ‘Stand up, and prepare, for the sword has devoured around you.’
“Se pou nou deklare an Égypte e pwoklame nan Migdol; pwoklame tou nan Noph e nan Tachpanès; Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe, paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’
15 Why are your strong ones swept away? They did not stand, because the LORD pushed them.
Poukisa mesye pwisan nou yo vin pwostène? Yo pa kanpe akoz SENYÈ a te pouse yo desann.
16 He made many to stumble. Yes, they fell on one another. They said, ‘Arise! Let’s go again to our own people, and to the land of our birth, from the oppressing sword.’
Li fè anpil tonbe; anverite, yo tonbe youn kont lòt. Yo te di: ‘Kanpe! Annou retounen kote pwòp pèp pa nou, nan peyi natal nou, lwen nepe a sila k ap oprime a.’
17 They cried there, ‘Pharaoh king of Egypt is but a noise; he has let the appointed time pass by.’
Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la, pa plis ke yon gwo bri; li te kite tan deziye a fin pase!’
18 “As I live,” says the King, whose name is the LORD of Armies, “surely like Tabor among the mountains, and like Carmel by the sea, so he will come.
“Jan Mwen viv la,” deklare Wa a ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo, “Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo, oswa tankou Carmel akote lanmè a; se konsa lap vini.
19 You daughter who dwells in Egypt, furnish yourself to go into captivity; for Memphis will become a desolation, and will be burned up, without inhabitant.
Prepare valiz ou pou egzil, O fi k ap demere an Égypte, paske Noph va devni yon dezolasyon; li va brile menm, pou l rete vid san moun ladann.
20 “Egypt is a very beautiful heifer; but destruction out of the north has come. It has come.
“Égypte se yon gazèl byen bèl, men yon gwo mouch ap vini soti nan nò. Li fin rive.
21 Also her hired men in the middle of her are like calves of the stall, for they also are turned back. They have fled away together. They did not stand, for the day of their calamity has come on them, the time of their visitation.
Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo tankou jenn bèf yo byen angrese, paske yo menm tou te fin vire nèt; yo te sove ale ansanm. Yo pa t kanpe, paske jou malè pa yo fin rive sou yo; lè pinisyon pa yo.
22 Its sound will go like the serpent, for they will march with an army, and come against her with axes, as wood cutters.
Son li va soti kon yon sèpan; paske tankou yon lame, yo vini, yo rive kote li ak moun k ap pote rach.
23 They will cut down her forest,” says the LORD, “though it cannot be searched; because they are more than the locusts, and are innumerable.
“Yo va koupe forè li”, deklare SENYÈ a; anverite, li p ap twouve ankò; paske yo plis pase gwo lame krikèt volan. Fòs kantite yo depase kontwòl.
24 The daughter of Egypt will be disappointed; she will be delivered into the hand of the people of the north.”
Fi Égypte la ap fè gwo wont; lap livre nan pouvwa moun nan nò yo.”
25 The LORD of Armies, the God of Israel, says: “Behold, I will punish Amon of No, and Pharaoh, and Egypt, with her gods and her kings, even Pharaoh, and those who trust in him.
SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la di: “Gade byen, Mwen ap pini Amon ki rete Thebes la, Farawon e Égypte ansanm ak dye li yo ak wa li yo, menm Farawon ak sila ki mete konfyans nan li yo.
26 I will deliver them into the hand of those who seek their lives, and into the hand of Nebuchadnezzar king of Babylon, and into the hand of his servants. Afterwards it will be inhabited, as in the days of old,” says the LORD.
Mwen va livre yo a sila k ap chache touye yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan ak nan men chèf li yo. Malgre sa, apre, li va vin gen moun ki rete ladann jan li te ye nan tan pase a.” deklare SENYÈ a.
27 “But do not you be afraid, Jacob my servant. Do not be dismayed, Israel; for, behold, I will save you from afar, and your offspring from the land of their captivity. Jacob will return, and will be quiet and at ease. No one will make him afraid.
Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël! Paske ou wè, Mwen va sove nou soti lwen, e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen pou rete san twoub, ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.
28 Do not be afraid, O Jacob my servant,” says the LORD, “for I am with you; for I will make a full end of all the nations where I have driven you, but I will not make a full end of you, but I will correct you in measure, and will in no way leave you unpunished.”
O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”

< Jeremiah 46 >