< Isaiah 20 >

1 In the year that Tartan came to Ashdod, when Sargon the king of Assyria sent him, and he fought against Ashdod and took it;
Nan ane ke kòmandan Asiryen an te vini Asdod la, lè Sargon, wa Assyrie a, te voye li goumen kont Asdod la pou te pran li,
2 at that time the LORD spoke by Isaiah the son of Amoz, saying, “Go, and loosen the sackcloth from off your waist, and take your sandals from off your feet.” He did so, walking naked and barefoot.
nan lè ke SENYÈ a te pale pa Ésaïe, fis a Amots la, epi te di: “Ale retire twal sak la sou kwis ou e retire soulye nan pye ou.” Se konsa li te fè, epi li te ale toutouni, epi pye a tè.
3 The LORD said, “As my servant Isaiah has walked naked and barefoot three years for a sign and a wonder concerning Egypt and concerning Ethiopia,
Konsa, SENYÈ a te di: “Menm jan tankou sèvitè Mwen an, Ésaïe, te ale toutouni e pye atè pandan twazan kon yon sign nan, e kon yon avètisman kont Égypte ak Éthiopie,
4 so the king of Assyria will lead away the captives of Egypt and the exiles of Ethiopia, young and old, naked and barefoot, and with buttocks uncovered, to the shame of Egypt.
menm jan, wa a Assyrie va mennen fè sòti kaptif Ejipsyen yo ansanm ak egzile Éthiopie yo jenn kon vye, toutouni, e pye atè ak tout do yo dekouvri, pou fè Égypte vin wont.
5 They will be dismayed and confounded, because of Ethiopia their expectation, and of Egypt their glory.
Epi yo va vin dezole e wont akoz Éthiopie, ki te espwa yo, e anplis ak Égypte, fyète yo a.
6 The inhabitants of this coast land will say in that day, ‘Behold, this is our expectation, where we fled for help to be delivered from the king of Assyria. And we, how will we escape?’”
Pou sa, moun ki rete nan peyi bò lanmè sa a, va di nan jou sa a: ‘Gade byen, se konsa espwa nou vin rive! Gade kote nou te kouri ale pou sekou, pou delivre anba men wa a Assyrie a! Epi koulye a, nou menm, se kòman nou va chape?’”

< Isaiah 20 >