< Galatians 4 >

1 But I say that so long as the heir is a child, he is no different from a bondservant, though he is lord of all,
Enben! Men sa m' vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y'ap trete l' menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay.
2 but is under guardians and stewards until the day appointed by the father.
Toutotan li timoun toujou, li sou lòd moun k'ap okipe l' la, moun k'ap regle zafè l' pou li a, jouk lè papa a te fikse a rive.
3 So we also, when we were children, were held in bondage under the elemental principles of the world.
Nou menm tou, toutotan nou te tankou timoun, nou te esklav tout lide ki t'ap mennen lèzòm nan lemonn.
4 But when the fullness of the time came, God sent out his Son, born to a woman, born under the law,
Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li soti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo,
5 that he might redeem those who were under the law, that we might receive the adoption as children.
pou l' te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n' te kapab vin pitit Bondye.
6 And because you are children, God sent out the Spirit of his Son into your hearts, crying, “Abba, Father!”
Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou.
7 So you are no longer a bondservant, but a son; and if a son, then an heir of God through Christ.
Konsa, ou pa esklav ankò, ou se yon pitit. Si ou se yon pitit Bondye, Bondye va ba ou tout byen li sere pou pitit li yo.
8 However at that time, not knowing God, you were in bondage to those who by nature are not gods.
Nan tan lontan, nou pa t' konnen Bondye, nou te esklav yon bann bondye ki pa t' Bondye.
9 But now that you have come to know God, or rather to be known by God, why do you turn back again to the weak and miserable elemental principles, to which you desire to be in bondage all over again?
Men, koulye a nou rive konn Bondye, ou pito koulye a Bondye konnen nou, kouman nou fè vle tounen al jwenn ti lespri sa yo ki tou fèb, tou mizerab? Ki jan pou nou vle tounen esklav yo ankò?
10 You observe days, months, seasons, and years.
Ki jan fè gen jou, gen mwa, gen sezon, gen lanne ki gen pi konsekan pou nou pase lòt?
11 I am afraid for you, that I might have wasted my labor for you.
Mwen pè pou nou anpil. Gen lè mwen te travay mal nan mitan nou? Se sa m'ap mande mwen.
12 I beg you, brothers, become as I am, for I also have become as you are. You did me no wrong,
Frè m' yo, tanpri souple. Se pou nou vin tankou m', menm jan mwen menm tou mwen te vini tankou nou. Nou pa janm fè m' okenn tò.
13 but you know that because of weakness in the flesh I preached the Good News to you the first time.
Nou chonje kisa ki te fè m' anonse nou bon nouvèl la pou premye fwa a? Se paske m' te malad.
14 That which was a temptation to you in my flesh, you did not despise nor reject; but you received me as an angel of God, even as Christ Jesus.
Lè sa a, malgre maladi m' lan ta ka yon eprèv pou nou, nou pa t' meprize m', ni nou pa t' repouse mwen. Okontrè, nou te resevwa m' tankou si m' te yon zanj Bondye, tankou si se Jezikri menm m' te ye.
15 What was the blessing you enjoyed? For I testify to you that, if possible, you would have plucked out your eyes and given them to me.
Lè sa a, nou pa t' manke kontan! Kisa ki rive nou konsa? Mwen ka di sa pou nou: si nou te gen pou n' te rache je nou ban mwen, nou ta fè li.
16 So then, have I become your enemy by telling you the truth?
Men koulye a, èske mwen tounen yon lènmi pou nou paske m'ap di nou laverite?
17 They zealously seek you in no good way. No, they desire to alienate you, that you may seek them.
Lòt moun sa yo enterese anpil nan nou, men lide yo gen dèyè tèt yo pa bon menm. Yo ta vle separe nou avè m' pou nou ka enterese nan yo ase.
18 But it is always good to be zealous in a good cause, and not only when I am present with you.
Sa bon pou nou enterese nan lòt moun tou, men fòk nou pa gen move lide nan tèt nou. Wi, se pou nou toujou enterese nan lòt moun, menm lè mwen pa nan mitan nou.
19 My little children, of whom I am again in travail until Christ is formed in you—
Pitit mwen yo, m'ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon manman k'ap soufri doulè tranche, m'ap soufri pou nou jouk tan Kris la va fin fòme nèt nan nou.
20 but I could wish to be present with you now, and to change my tone, for I am perplexed about you.
Jan m' ta renmen bò kote nou koulye a pou m' ta ka pale yon lòt jan avèk nou! Se pa ti kras pè mwen pè pou nou!
21 Tell me, you that desire to be under the law, do not you listen to the law?
Manyè di m', nou menm ki vle rete anba lalwa a: gen lè nou pa konprann sa lalwa a di?
22 For it is written that Abraham had two sons, one by the servant, and one by the free woman.
Li di nou konsa: Abraram te gen de pitit gason, yonn avèk fanm ki te esklav la, yon lòt avèk fanm ki pa t' esklav la.
23 However, the son by the servant was born according to the flesh, but the son by the free woman was born through promise.
Pitit fanm ki te esklav la te fèt dapre egzijans lachè, men pitit fanm ki pa t' esklav la te fèt dapre pwomès Bondye.
24 These things contain an allegory, for these are two covenants. One is from Mount Sinai, bearing children to bondage, which is Hagar.
Nou ka pran istwa sa a pou yon parabòl: de fanm sa yo se de kontra. Aga se kontra ki te fèt sou Mòn Sinayi a. Tout pitit li yo se esklav yo ye.
25 For this Hagar is Mount Sinai in Arabia, and answers to the Jerusalem that exists now, for she is in bondage with her children.
Aga se Mòn Sinayi nan peyi Arabi. Li koresponn ak lavil Jerizalèm ki la koulye a nan esklavaj ak tout pitit li yo.
26 But the Jerusalem that is above is free, which is the mother of us all.
Men, Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou.
27 For it is written, “Rejoice, you barren who do not bear. Break out and shout, you who do not travail. For the desolate women have more children than her who has a husband.”
Men sa ki ekri nan Liv la: Fè kè ou kontan, ou menm fanm ki pa t' ka fè pitit! Rele! Fè tout moun konnen jan ou kontan, ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche! Paske, fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm ki gen mari.
28 Now we, brothers, as Isaac was, are children of promise.
Koulye a, frè m' yo, nou tankou Izarak: nou se pitit Bondye jan l' te pwomèt la.
29 But as then, he who was born according to the flesh persecuted him who was born according to the Spirit, so also it is now.
Nan tan Abraram, pitit ki te fèt dapre egzijans lachè a t'ap pèsekite pitit ki te fèt dapre Lespri Bondye a. Se konsa sa ye koulye a tou.
30 However, what does the Scripture say? “Throw out the servant and her son, for the son of the servant will not inherit with the son of the free woman.”
Men, kisa ki ekri nan Liv la? Liv la di: Mete esklav la deyò ansanm ak tout pitit li a. Paske pitit esklav la pa gen dwa eritye nan byen papa a ansanm avèk pitit fanm ki pa t' esklav la.
31 So then, brothers, we are not children of a servant, but of the free woman.
Konsa, frè m' yo, nou pa pitit esklav la, nou se pitit fanm ki pa t' esklav la.

< Galatians 4 >