< Ezekiel 36 >

1 You, son of man, prophesy to the mountains of Israel, and say, “You mountains of Israel, hear the LORD’s word.
Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize a mòn Israël yo e di: “O mòn Israël yo, tande pawòl SENYÈ a.
2 The Lord GOD says: ‘Because the enemy has said against you, “Aha!” and, “The ancient high places are ours in possession!”’
Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak “Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’
3 therefore prophesy, and say, ‘The Lord GOD says: “Because, even because they have made you desolate, and swallowed you up on every side, that you might be a possession to the residue of the nations, and you are taken up in the lips of talkers, and the evil report of the people;”
akoz sa, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Se ak bon rezon yo te fè nou dezole, e te kraze nou tout kote a, pou nou te vin yon posesyon a rès nasyon yo, epi nou te vin retire nan pawòl ak ti soufle nan zòrèy a pèp la.”
4 therefore, you mountains of Israel, hear the word of the Lord GOD: The Lord GOD says to the mountains and to the hills, to the watercourses and to the valleys, to the desolate wastes and to the cities that are forsaken, which have become a prey and derision to the residue of the nations that are all around;
Akoz sa, O, mòn Israël yo, tande pawòl a Senyè BONDYE a. Konsa pale Senyè BONDYE a mòn yo ak kolin yo, a ravin yo ak vale yo, a vil dezole ki te vin viktim ak yon rizib pou rès nasyon ki antoure l yo,
5 therefore the Lord GOD says: “Surely in the fire of my jealousy I have spoken against the residue of the nations, and against all Edom, that have appointed my land to themselves for a possession with the joy of all their heart, with despite of soul, to cast it out for a prey.”’
akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Anverite nan dife a jalouzi Mwen, Mwen te pale kont tout rès nasyon yo e kont tout Édom, ki te konfiske peyi Mwen an pou yo menm tankou yon posesyon ak yon kè ki plen ak jwa e yon nanm ki plen ak mepriz, pou yo ta ka sezi chan li yo kon piyaj.”’
6 Therefore prophesy concerning the land of Israel, and tell the mountains, the hills, the watercourses and the valleys, ‘The Lord GOD says: “Behold, I have spoken in my jealousy and in my wrath, because you have borne the shame of the nations.”
Akoz sa, pwofetize konsènan peyi Israël la, e di a mòn e a kolin yo, a ravin yo e a vale yo: ‘konsa pale Senyè Bondye a: “Gade byen, Mwen te pale nan jalouzi Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, akoz nou te andire ensilt a nasyon yo.”’
7 Therefore the Lord GOD says: “I have sworn, ‘Surely the nations that are around you will bear their shame.’
Akoz sa, pale Senyè Bondye a: “Mwen te sèmante, ‘Anverite, nasyon ki antoure nou yo va yo menm andire wont pa yo.’
8 “‘“But you, mountains of Israel, you shall shoot out your branches and yield your fruit to my people Israel; for they are at hand to come.
“‘“Men nou menm, O mòn Israël yo, nou va lonje fè branch nou yo vin parèt pou pote fwi pou pèp Mwen an, Israël; paske avan anpil tan, y ap vini.
9 For, behold, I am for you, and I will come to you, and you will be tilled and sown.
Paske gade byen, Mwen pou nou, Mwen va vire kote nou, e nou va vin kiltive e plante.
10 I will multiply men on you, all the house of Israel, even all of it. The cities will be inhabited and the waste places will be built.
Mwen va fè moun miltipliye sou nou, tout lakay Israël la, tout moun ladann. Konsa, vil yo va abite e dezè yo va vin rebati.
11 I will multiply man and animal on you. They will increase and be fruitful. I will cause you to be inhabited as you were before, and you will do better than at your beginnings. Then you will know that I am the LORD.
Mwen va miltipliye sou nou, ni moun, ni bèt. Yo va vin ogmante e yo va bay fwi, epi Mwen va fè nou peple teren an jan nou te ye avan an, e Mwen va trete nou pi byen ke avan. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
12 Yes, I will cause men to walk on you, even my people Israel. They will possess you, and you will be their inheritance, and you will never again bereave them of their children.”
Wi, Mwen va fè mesye yo—pèp Mwen an, Israël— mache sou ou e posede ou, pou ou kapab vin eritaj pa yo pou yo pa janm retire pitit yo nan men yo ankò.”
13 “‘The Lord GOD says: “Because they say to you, ‘You are a devourer of men, and have been a bereaver of your nation;’
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz lòt nasyon yo di nou: ‘Ou se yon pèp ki manje moun e ou te fè peye ou pèdi pitit li yo,’
14 therefore you shall devour men no more, and not bereave your nation any more,” says the Lord GOD.
Akoz sa, ou p ap manje moun ankò e ou p ap responsab pèt pitit peye ou yo,” deklare Senyè BONDYE a.
15 “I will not let you hear the shame of the nations any more. You will not bear the reproach of the peoples any more, and you will not cause your nation to stumble any more,” says the Lord GOD.’”
“Mwen p ap kite nou koute ensilt a nasyon yo ankò, ni nou p ap pote mepriz a nasyon yo ankò, ni ou p ap fè nasyon pa w vin chite ankò”, deklare Senyè BONDYE a.’”
16 Moreover the LORD’s word came to me, saying,
Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
17 “Son of man, when the house of Israel lived in their own land, they defiled it by their ways and by their deeds. Their way before me was as the uncleanness of a woman in her impurity.
“Fis a lòm, lè lakay Israël t ap viv nan pwòp peyi yo, yo te souye li ak chemen pa yo ak zak yo. Chemen yo devan M pa t pwòp tankou yon fanm nan lè règ li.
18 Therefore I poured out my wrath on them for the blood which they had poured out on the land, and because they had defiled it with their idols.
Akoz sa, Mwen te vide chalè kòlè Mwen sou yo pou san ke yo te vèse sou peyi a, akoz yo te souye li ak zidòl yo.
19 I scattered them among the nations, and they were dispersed through the countries. I judged them according to their way and according to their deeds.
Anplis, Mwen te gaye yo pami nasyon yo, e yo te vin dispèse toupatou nan peyi yo. Selon chemen yo ak zak yo, Mwen te jije yo.
20 When they came to the nations where they went, they profaned my holy name, in that men said of them, ‘These are the LORD’s people, and have left his land.’
Lè yo te rive nan nasyon kote yo te ale yo, yo te pwofane non Mwen. Paske yo te di a yo menm: ‘Sila yo se pèp SENYÈ a; malgre, yo te vin sòti kite peyi Li a.’
21 But I had respect for my holy name, which the house of Israel had profaned among the nations where they went.
Men Mwen te vle konsève onè a non sen Mwen an, ke lakay Israël te pwofane pami nasyon kote yo te ale yo.
22 “Therefore tell the house of Israel, ‘The Lord GOD says: “I do not do this for your sake, house of Israel, but for my holy name, which you have profaned among the nations where you went.
“Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo.
23 I will sanctify my great name, which has been profaned among the nations, which you have profaned among them. Then the nations will know that I am the LORD,” says the Lord GOD, “when I am proven holy in you before their eyes.
Mwen va fè valè sentete a gwo non Mwen an ki te pwofane pami nasyon yo, ke nou te pwofane nan mitan yo. Nan lè sa a nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a,” deklare Senyè BONDYE a: “lè M fè prèv sentete Mwen pami nou devan zye yo.
24 “‘“For I will take you from among the nations and gather you out of all the countries, and will bring you into your own land.
“‘“Paske Mwen va retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an.
25 I will sprinkle clean water on you, and you will be clean. I will cleanse you from all your filthiness and from all your idols.
Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo.
26 I will also give you a new heart, and I will put a new spirit within you. I will take away the stony heart out of your flesh, and I will give you a heart of flesh.
Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè.
27 I will put my Spirit within you, and cause you to walk in my statutes. You will keep my ordinances and do them.
Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.
28 You will dwell in the land that I gave to your fathers. You will be my people, and I will be your God.
Nou va rete nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo. Konsa, nou va pèp Mwen yo e Mwen va Bondye pa nou.
29 I will save you from all your uncleanness. I will call for the grain and will multiply it, and lay no famine on you.
Anplis, Mwen va sove nou de tout sa ki pa pwòp nan nou. Epi Mwen va rele pou sereyal miltipliye li e mwen p ap mennen gwo grangou rive sou nou.
30 I will multiply the fruit of the tree and the increase of the field, that you may receive no more the reproach of famine among the nations.
Mwen va miltipliye fwi sou pyebwa ak pwodwi chan an, pou nou pa resevwa mepriz a gwo grangou pami nasyon yo ankò.”
31 “‘“Then you will remember your evil ways, and your deeds that were not good; and you will loathe yourselves in your own sight for your iniquities and for your abominations.
“‘“Nan lè sa a, nou va sonje chemen mechan nou yo, zak nou ki pa t bon yo, e nou va rayi tèt nou nan pwòp zye nou, akoz inikite ak abominasyon nou yo.
32 I do not do this for your sake,” says the Lord GOD. “Let it be known to you. Be ashamed and confounded for your ways, house of Israel.”
Se pa pou koz nou ke m ap fè sa,” deklare Senyè BONDYE a: “Ke nou byen konprann sa a. Rete wont e twouble akoz chemen nou yo, O lakay Israël!”
33 “‘The Lord GOD says: “In the day that I cleanse you from all your iniquities, I will cause the cities to be inhabited and the waste places will be built.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke M netwaye nou soti nan tout inikite nou yo, Mwen va fè vil la vin peple ak moun e kote dezole yo vin rebati.
34 The land that was desolate will be tilled instead of being a desolation in the sight of all who passed by.
Tèren dezole a va kiltive olye de vin yon dezolasyon devan zye a tout moun ki pase yo.
35 They will say, ‘This land that was desolate has become like the garden of Eden. The waste, desolate, and ruined cities are fortified and inhabited.’
Yo va di: ‘Tè dezole sa a te vin tankou jaden Éden. Epi dezè a, vil ranblè yo vin ranfòse e vin gen moun.’
36 Then the nations that are left around you will know that I, the LORD, have built the ruined places and planted that which was desolate. I, the LORD, have spoken it, and I will do it.”
Nan lè sa a, nasyon ki rete antoure nou yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te rebati pil mazi yo, e te plante sa ki te vin dezè a. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale e Mwen va fè sa.”
37 “‘The Lord GOD says: “For this, moreover, I will be inquired of by the house of Israel, to do it for them: I will increase them with men like a flock.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Konsa anplis, men sa lakay Israël va mande M fè pou yo: Mwen va fè pèp pa yo a vin anpil tankou bann mouton.
38 As the flock for sacrifice, as the flock of Jerusalem in her appointed feasts, so the waste cities will be filled with flocks of men. Then they will know that I am the LORD.’”
Tankou bann mouton ki pou fè sakrifis, tankou bann mouton Jérusalem nan lè fèt li yo, konsa vil dezole yo va vin plen ak yon bann moun. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”

< Ezekiel 36 >