< Ezekiel 30 >

1 The LORD’s word came again to me, saying,
Pawòl SENYÈ a te vin kote m ankò e te di:
2 “Son of man, prophesy, and say, ‘The Lord GOD says: “Wail, ‘Alas for the day!’
“Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Rele ‘Anmwey! Elas pou jou a!’
3 For the day is near, even the LORD’s day is near. It will be a day of clouds, a time of the nations.
Paske jou a pwòch. Menm jou SENYÈ a pwòch. Li va yon jou nwaj, yon tan fènwa pou nasyon yo.
4 A sword will come on Egypt, and anguish will be in Ethiopia, when the slain fall in Egypt. They take away her multitude, and her foundations are broken down.
Yon nepe va rive sou Égypte e gwo doulè va rive Ethiopie, lè sila yo touye yo tonbe an Égypte. Yo va retire tout richès li yo e fondasyon li yo va fin demoli nèt.
5 “‘“Ethiopia, Put, Lud, all the mixed people, Cub, and the children of the land that is allied with them, will fall with them by the sword.”
“‘“Ethiopie, Puth, Lud, tout Arabie, Cub, ak tout moun peyi ki nan gwoup aliyans yo va tonbe ak yo pa nepe.”
6 “‘The LORD says: “They also who uphold Egypt will fall. The pride of her power will come down. They will fall by the sword in it from the tower of Seveneh,” says the Lord GOD.
“‘Konsa pale SENYÈ a: “Anverite, sila ki sipòte Égypte yo va tonbe. Ògèy a pouvwa li a va tonbe. Soti nan Migdol jis rive Syène, yo va tonbe pa nepe,” deklare Senyè BONDYE a.
7 “They will be desolate in the middle of the countries that are desolate. Her cities will be among the cities that are wasted.
Yo va vin dezole nan mitan peyi ki dezole yo. Konsa, vil li yo va nan mitan vil k ap devaste yo.
8 They will know that I am the LORD when I have set a fire in Egypt, and all her helpers are destroyed.
Yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M limen dife an Égypte la, e tout sila ki te ede l yo vin kraze nèt.
9 “‘“In that day messengers will go out from before me in ships to make the careless Ethiopians afraid. There will be anguish on them, as in the day of Egypt; for, behold, it comes.”
“‘“Nan jou sa a, mesaje yo va ale soti devan Mwen sou bato pou entimide Ethiopie akoz lenpridans. Gwo doulè va vin sou yo menm jan ak jou Égypte la; paske gade byen, l ap vini!”
10 “‘The Lord GOD says: “I will also make the multitude of Egypt to cease, by the hand of Nebuchadnezzar king of Babylon.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Anplis Mwen va fè gwo foul lame Égypte la vin sispann pa men Nebucadnetsar, wa Babylone nan.
11 He and his people with him, the terrible of the nations, will be brought in to destroy the land. They will draw their swords against Egypt, and fill the land with the slain.
Li menm ak pèp li a avè l, pi mechan pami nasyon yo va antre pou detwi peyi a. Yo va rale nepe yo kont Égypte, e plen peyi a ak mò yo.
12 I will make the rivers dry, and will sell the land into the hand of evil men. I will make the land desolate, and all that is therein, by the hand of foreigners. I, the LORD, have spoken it.”
Anplis, Mwen va seche kanal larivyè Nil yo, e vann peyi a pou antre nan men moun mechan yo. Mwen va fè peyi a vin dezole ak tout sa ki ladann pa men etranje yo. Mwen, SENYÈ a, fin pale.”
13 “‘The Lord GOD says: “I will also destroy the idols, and I will cause the images to cease from Memphis. There will be no more a prince from the land of Egypt. I will put a fear in the land of Egypt.
“‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Anplis, Mwen va detwi zidòl yo, e fè imaj yo sispann nan Noph. P ap gen prens ankò nan peyi Égypte. Mwen va mete laperèz nan peyi Égypte.
14 I will make Pathros desolate, and will set a fire in Zoan, and will execute judgments on No.
Mwen va fè Pathros vin dezole, mete dife nan Tsoan, e egzekite jijman sou Nò.
15 I will pour my wrath on Sin, the stronghold of Egypt. I will cut off the multitude of No.
Mwen va vide chalè kòlè Mwen sou Sin, sitadèl a Égypte la. Anplis, Mwen va koupe retire nèt gwo foul Nò yo.
16 I will set a fire in Egypt Sin will be in great anguish. No will be broken up. Memphis will have adversaries in the daytime.
Mwen va mete dife an Égypte. Sin va vin tòde ak gwo doulè. No va kraze an mòso, separe. Noph va gen brèch nèt ak gwo twoub chak jou.
17 The young men of Aven and of Pibeseth will fall by the sword. They will go into captivity.
Jenn mesye a On ak Pi Béseth yo va tonbe pa nepe. Y ap antre an kaptivite.
18 At Tehaphnehes also the day will withdraw itself, when I break the yokes of Egypt there. The pride of her power will cease in her. As for her, a cloud will cover her, and her daughters will go into captivity.
Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa, lè M kraze jouk an fè Égypte la. Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li. Yon nwaj va kouvri li, e fi li yo va antre an kaptivite.
19 Thus I will execute judgments on Egypt. Then they will know that I am the LORD.”’”
Konsa Mwen va egzekite jijman sou Égypte. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
20 In the eleventh year, in the first month, in the seventh day of the month, the LORD’s word came to me, saying,
Nan onzyèm ane, nan premye mwa, nan setyèm jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
21 “Son of man, I have broken the arm of Pharaoh king of Egypt. Behold, it has not been bound up, to apply medicines, to put a bandage to bind it, that it may become strong to hold the sword.
“Fis a lòm, Mwen te kase bra Farawon an, wa Égypte la. Gade byen, li pa t velope ak pansman pou l ta geri, ni ak bandaj pou l ta ka vin gen fòs pou kenbe nepe.
22 Therefore the Lord GOD says: ‘Behold, I am against Pharaoh king of Egypt, and will break his arms, the strong arm, and that which was broken. I will cause the sword to fall out of his hand.
Konsa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen kont Farawon, wa Égypte la, e Mwen va kase bra li, ni sa ki gen fòs la ni sa ki kase deja a. Epi Mwen va fè nepe a tonbe kite men li.
23 I will scatter the Egyptians among the nations, and will disperse them through the countries.
Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo e dispèse yo pami peyi yo.
24 I will strengthen the arms of the king of Babylon, and put my sword in his hand; but I will break the arms of Pharaoh, and he will groan before the king of Babylon with the groaning of a mortally wounded man.
Paske Mwen va ranfòse men a wa Babylone nan, e mete nepe Mwen nan men l. Men Mwen va kase bra a Farawon, pou li ka vin plenyen nan gòj devan wa Babylone nan, ak plent a yon nonm ki blese jis a lamò.
25 I will hold up the arms of the king of Babylon, but the arms of Pharaoh will fall down. Then they will know that I am the LORD when I put my sword into the hand of the king of Babylon, and he stretches it out on the land of Egypt.
Konsa, Mwen va ranfòse bra a wa Babylone nan, men bra a Farawon yo va tonbe. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M mete nepe M nan men a wa Babylone nan, e lè li lonje li kont peyi Égypte la.
26 I will scatter the Egyptians among the nations and disperse them through the countries. Then they will know that I am the LORD.’”
Lè Mwen gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e dispèse yo pami peyi yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

< Ezekiel 30 >